01/10/2008

“Bay, yo va ban nou: yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou” (Lk 6, 38)

Eske ou pat janm resevwa yon kado nan men yon zanmi epi ou te santi ou te bezwen fè kichòy ou menm tou? Epi ou te fè l, pa si tèlman paske w santi w dwe fè l, men paske ou vle montre renmen ou genyen pou zanmi sa a? Men wi.

Si se konsa pou w, ou kapab imajine kisa sa ye pou Bondye, li menm ki se Renmen.

Lap bay repons chak fwa n ap fè kichòy pou pwochen nou yo poutèt li. Se yon esperyans kretyen tout bon vre yo konn fè anpil fwa. Epi chak fwa yo sezi. Nou pa janm fini wè sa Bondye kapab envante a. Mwen ta kapab ba w mil, dimil egzanp. Mwen ta kapab ekri yon liv sou sa. Ou ta wè kijan pawòl sa yo vre «yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou”. Sa vle di fason Bondye konn reponn anpil fwa ak tout bonkè li.

“Se te nannwit nan lavil Wòm. Yon ti gwoup fi ki te vle viv levanjil la te lakay yo kote yo t ap youn swete lòt yo bon nwit. Lè sa yon moun frape nan potay la. Ki moun sa ye? Se te yon moun ki te la nan pòt la, kè l te sote, li te dekouraje: nan demen yo tap mete l deyò lakay li ak tout fanmiy li paske yo pat kapab peye afèmaj la. Fi yo youn gade lòt epi yo wè yo dakò. Yo louvri tiwa kote yo te konn mete sa yo te genyen pou yo peye gaz la, telefòn nan epi limyè a nan divès anvlòp. Yo bay moun nan tout sa yo genyen san yo pa fè okenn rezonnman. Yo te dòmi ak kè kontan nannwit sa. Yon Lòt tap sonje yo.

Men anvan li te jou, telefòn nan sonnen: “M ap vini touswit nan taksi”, di vwa menm moun nan. Fi yo te sezi wè mwayen moun nan te chwazi pou l vini men yo te rete ap tann li. Lè li vini, figi moun nan te gen tan chanje: “Ayè nan aswè, apenn mwen te tounen lakay, mwen te jwenn yon eritaj mwen pa ta janm panse mwen te kapab resevwa l. Kè m te di m pou m separe mwatye avèk nou”. Montan lajan sa te egzak de fwa sa yo te bay ak bonkè.

“Bay, yo va ban nou: yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou.”

Eske w te fè esperyans sa ou menm tou? Si se pa konsa, sonje sa w ap bay ou bezwen fè l pou nenpòt moun k ap mande w san ou pa tann anyen nan men yo.
Se pou w eseye. Men pa fè l pou wè rezilta a, men paske w ap renmen Bondye.
Men ou kapab di m: “Men mwen pa gen anyen.”
Se pa vré. Si nou vle, nou genyen trezò ki pa janm fini: tan nou genyen, kè nou, souri nou, konsèy nou, kilti nou, kè poze nou, pawòl nou pou n fè moun ki genyen yo bay moun ki pa genyen yo…
W ap di m ankò: “Men mwen pa konnen ki moun pou m bay”.
Gade alantou w: ou sonje moun sa ki malad lopital, madanm sa ki pèdi mari li epi ki toujou pou kont li, konpanyon lekòl sa ki echouwe epi ki dekouraje, jèn sa ki pa rive jwenn djòb epi ki toujou tris, ti frè w ki bezwen yon moun pou ede l, zanmi sa ki nan prizon, apranti sa ki pa sèten? Se nan yo menm Jezi ap tann ou.

Se pou w pran konpòtman vre krétyen yo ki plen ak levanjil la. Li kontrè ak tout sa ki fèmen an, tout sa ki kapab ba w tèt chaje. Sispann mete sekirite pa w nan byen latè yo epi mete espwa w nan Bondye. Lè sa y ap wè lafwa w genyen nan li menm epi lafwa sa va resevwa repons li nan sa moun yo va ba w.

Se sèten Bondye pa vle aji konsa pou l fè w vin pi rich oubyen pou nou vin pi rich. Sa lap fè a, se pou lòt yo, anpil lòt yo pran fè menm jan depi yo wè ti mirak kap vini lè nap bay.
Li aji konsa paske pi plis nou genyen, pi plis nou kapab bay. Paske – tankou moun kap pran ka sa k pou Bondye – nap fè tout bagay sikile alawonbadè nan kominote a dekwa pou yo kapab di tankou nan premye kòminote Jerizalèm nan: nan pami yo pèsòn pat nan bezwen (Cf. Tr 4,34).
Eske w pa wè konsa ou menm tou wap fè yon jan pou bay sosyete a fondasyon solid lap tann nan?

“Bay, yo va ban nou”. Li sèten Jezi tap sonje an premye rekonpans nap jwenn nan Syèl la, men sa nap resevwa sou tè a se yon kòmansman, se yon avalwa.

Kyara Libik
(jwen 1978)