01/01/2006

“Chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m-ap la nan mitan yo.” (Mt 18, 20)”


“Emannwèl”, “Bondye avèk nou”. Men bòn nouvèl Matye ba nou nan kòmansman levanjil li-a (cf Mt 1,23). Emannwèl, Jezi desann nan mitan nou. E Levanjil la fini avèk yon pwòmès nou p-ap janm konn tande: “Mwen la avèk nou toulejou jouk sa kaba.”

Prezans Bondye nan mitan nou dire plis ke istwa vini Jezi sou tè-a: Prezans Bondye-a l-ap rete avèk nou tout tan gen tan.

Kouman l-ap prezan? Kouman n-ap kapab rankontre-l?

Repons lan, n-ap jwenn li nan kè levanjil Matye-a, se ladan Jezi defini sans lavi kominote li, Legliz la. Sou Legliz la, Jezi te pale pliziè fwa; Legliz la fonde sou ròch Piè-a ki sòlid la, Legliz la rasanble grasa pawòl Jezi-a e se Jezi menm ki mete Legliz la fè youn nan lekaristi-a; epi nan vese sa-a, Jezi revele sa Legliz la li ye pi fon: Legliz la se Jezi menm nan mitan nou, lè nou rasanble nan non li.

Nou kapab genyen Jezi toujou la nan mitan nou; nou kapab viv Legliz la nan reyalite li ki pi fon.

“Kote de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen m-ap la nan mitan yo.”

Si se li, Granmèt la ki leve-a, ki rasanble tout moun ki kwè yo, yo ini ak li e yo vi-n tounen kò li; donk chak divize nan fanmi pa yo e nan kominote yo, yo efase figi Legliz la. Kris la pa divize: yon Kris separe, nou pa kapab konnen li.

Sa gade tou rapò tout legliz yo e ti kominote legliz yo. Travay ekimenik la l-ap fè nou konprann ki sa ki fè nou ini pi fò e ki sa ki fè nou divize. E si li gen kèk ti bagay Legliz la mande kretyen yo ki poko nan kominyon lafwa, nou gentan gen bagay ki pi enpotan-an nan mete tèt nou ansanm, se prezans Jezi nan mitan nou.

Nou kapab mete nou ansanm pou nou lapriyè nan non Jezi, pou nou youn konnen lòt e separe richès lafwa nou yo ansanm; n-ap mande padon youn pou lòt: sa se premye pa pou etire divizyon. Sa sanble ti bagay piti, men, pa gen anyen ki piti depi li fèt nan lanmou.Jezi nan mitan nou se sous la ki fè nou yon sèl; Li montre nou kouman nou k-ap vini yon enstriman pou linite Bondye vle-a.

Se sa Kòmisyon Lafwa e Konstitisyon Konsèy ekimenik Legliz yo e Konsèy Pontifikal pou linite kretyen yo, yo te ekri nan yon dokiman: yo bay Pawòl lavi sa-a e se yon gwoup ekimenik sòti nan Diblen (Irland) ki te pare tès lapriyè yo. Depi 1968, pandan semèn lapriyè pou linite kretyen yo, nou viv ansanm yon menm Pawòl Lavi-a: se yon siy e yon lesperans lè nou chache plen kominyon pami Legliz yo.

“Kote de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m-ap la nan mitan yo.”

Men ki sa sa vle di “mete tèt ansanm nan non Jezi”?

Sa vle di: mete tèt nou ansanm nan Li; e nou konnen sa li vle pi plis; komandman li se pou youn renmen lòt e pou lòt renmen youn, e kote de moun ou pi plis moun vle renmen menm jan, yo kapab deplase tout bagay pou merite prezans Jezi nan mitan yo; e tout fason y-ap viv ap chanje alantou yo. Jezi ap lakay yo, nan travay yo, nan etid yo; l-ap nan reyinyon yo; l-ap la nan chanm depite yo e nan pak yo… pou Li chanje tout bagay.

Prezans li ap klere nou pou-n jwenn solisyon nan tray nou yo; l-ap ban nou plis mwayen nesesè pou rezoud pwòblèm pesònèl nou yo e pwòblèm sosyete nou-an. L-ap ban nou kouraj pou nou kab kenbe pi fèm nan chwa difisil nou te fè. Prezans Jezi li kapab aji nan lavi nou chak tankou yon leven.

Jezi, li kapab la tankou yon lespri, men li la tout bon vre, nan fanmy, pami travayè yo, nan biwo yo, avèk peyizan yo nan jaden yo; li la nan mitan komèsan yo, pami moun k-ap bay sèvis pou sosyete-a; li la toupatou.

Jezi ap viv nan mitan nou gras renmen nou genyen youn pou lòt; nou kapab renouvle renmen sa-a chak lè nou deklare nou dakò youn ak lòt. Jezi manifeste prezans li nan yon fason nouvo pou-l etire nou nan esklavaj; e Lespri Sen-an ban nou wout nouvo yo.

“Kote de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m-ap la nan mitan yo.”

Apre esperyans nou-an, nou kapab di Bondye mèsi, paske se vre, sa mwen te ekri an, anpil lanne pase: “Si nou mete tèt nou ansanm, Jezi ap la nan mitan nou. E se sa ki konte, plis pase tout trezò ki nan kè nou, plis pase manman nou-an, ak papa nou-an ak frè nou-yo ou byen ti pitit nou yo; prezans Jezi konte plis pase kay nou-an, ak travay nou-an, plis pase bagay nou genyen, plis pase tout bèl moniman ki egziste nan yon gwo vil kòm Ròm, pi plis pase bagay nou genyen, pi plis pase tout pye-bwa ki antoure nou avèk anpil bèl flè, lanmè-a, zetwal yo, pi plis pase nanm nou.

Ala bèl li bèl temwayaj la devan mond lan lè nou renmen youn lòt dapre levanjil la malgre nou se kretyen sòti nan plisyè Legliz diferan, katolik ak metòdis, pwotestan ak òtòdòks.

An nou viv nan la charite lavi-a Bondye ban nou mòman apre mòman.

Renmen pwòchen nou-an, sa se kòmandman enpòtan anpil la.Tout sa nou fè avèk renmen sensè pou frè nou yo gen valè. Tout sa nou fè san renmen pou frè nou yo, pa gen oki-n valè. Paske Bondye se Papa nou; li toujou pote nan kè-l pitit li-yo.

An nou viv pou Jezi kab nan mitan nou, na pòte-l nan mond lan ki pa konn kè poze-a.

Chiara Lubich