« Fè sa ki bon vre » ? Abityèlman yo « di sa ki bon vre » oubyen yo « aprann sa ki bon vre », men Jezi toujou etonne nou : pou li, « sa ki bon vre-a vin fèt ».
Nikodèm tou te etonne. Sete yon pwòfèsè lalwa ki te manm nan jistis tanp Jerizalèm nan. Li mande Jezi kouman yon moun kapab antre nan peyi wa ki nan syèl yo. Jezi reponn li: « fòk ou fèt yon dezyèm fwa“, sa vle di akèyi nouvo lavi Jezi pòte a, epi kite-l transfòme anndan ou jous ou vini pitit Bondye e ou kapab antre nan peyi wa Bondye a. Jezi vle sove moun nan ; se pa yon viktwa pou moun nan, men se yon kado Bondye vle fè-l.
Nikodèm vi-n jwenn Jezi pandan lannuit, nan fenwa ; li sòti nan limyè.
« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini. »
Pawòl sa-a envite nou pou nou viv nan laverite, dakò avèk levanjil la. Li envite nou pou nou pa sèlman tande pawòl Bondye a, men se pou nou mete-l an pratik (cf Jk 1,22).
Ilè ki sen, se te yon Pè nan Legliz lontan, ki te evèk nan vil Pwatye (Frans), te di : « Nou pa dwe kite yon sèl ti pawòl Bondye a pou nou pa mete-l an pratik ; tout pawòl Bondye a nesesè pou nou fè sa li di ; paske pawòl Bondye yo, se òd yo ye. »
Fwa ak konpòtman moral yo, yo fè yon sèl.
Rapò Jezi avèk Nikodèm montre sa-a : Nan Jezi, limyè a, lavi a ak travay renmen an se yon sèl ; pou moun yo ki akèyi Jezi, e ki tounen pitit Bondye nan Jezi, se menm jan, limyè a, lavi a ak travay renmen an se yon sèl. Yon lòt Pè lontan nan Legliz la, yo rele-l Kleman Daleksandri, li te ekri : « Moun ki obeyi Granmèt la, e konsa, li swiv Pawòl Bondye a, vin tounen menm jan ak pòtrè Mèt li ; l’ap viv kounyeya kòm Bondye tounen moun. »
Menm yon moun ki pa gen relijyon, li menm tou, li dwe fè sa ki bon vre : tout sa ki parèt bon pou konsyans li, li dwe fè-l.
« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini. »
Viv nan sa ki bon vre, l’ap fè nou jwenn limyè, l’ap fè nou akèyi Kris la. Jezi te pwòmet sa : « Moun ki renmen mwen, m’ap fè-l wè mwen » (Jan 14,21). Jezi se li ki vre limyè a (cf Jan 1,8-13)
Fè sa ki bon vre bay fwi ki bon, fè sa ki bon vre se yon temwayaj ki klere deyò, nan sosyete kote nou ye a. Jezi te envite nou pou limyè nou klere «devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la. » (Mt 5,14-16) Fè sa ki bon dapre konsyans lan, se pi bon pase tout diskou :
- Timoun yo mande sa ak paran yo : yo vle paran yo fè yon sèl, okipe pou fè fanmi lan vin pi solid.
- Sitwayen yo ap tann sa : yo vle pou moun politik yo, yo te chwazi nan elèksyon, pou yo kapab fidèl nan pwògram yo, pou yo chèche byen konmen, pou yo onèt nan jesyon resous finansyè yo.
- Etidyan yo ap mande sa : yo vle pwòfesè yo kapab fè sa ki bon vre nan travay ansèyman ak edikasyon an.
- Tout moun ap tann sa : pa manti, pa volè, transparans, konpetans, pou komèsan yo, pou ouvriye yo, pou travayè yo…
Sosyete a ap bati avèk sa ki bon vre, si nou chwazi sa-a menm chak jou pou-n fè.
« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini »
Se esperyans Nelson Mandela ; li te fidèl nan angajman-l pou egalite nwa ak blan ; pou sa, yo te mete-l nan prizon pandan anpil lanne, epi apre, li te gen viktwa : yo te bay-l pouvwa pou-l dirije peyi-l.
Se esperyans Maten Lutè King ki te peye avèk lavi-l poutèt li te fidèl nan fè sa ki bon vre.
Se esperyans anpil fi ak gason ki te vre tout bon nan chwa yo
Menm jan ak yon chèf antrèpriz ; yon gwo kliyan te vle achte-l ; pou pase kòmand founiti bò kote antrèpriz la, kliyan sa a mande-l pou rèsèvwa apa yon sòm lajan pou li menm. Chèf antrèpriz la pa vle antre nan kòripsyon sa a. Li te konnen, li t’ap pedi kòmand lan ; epi se sa ki rive, kliyan sa a, responsab yon gwo magazen ki vann prodyi sa yo, li pa pase kòmand ankò. Men chèf antrèpriz la rete fèm nan desizyon-l lan… E antrepriz li vin preskè kraze ! Men, kèk mwa apre, gwo magazen an blije ap rale kò-l deyè antrèpriz la poutèt moun ki te kòn achte nan magazen an pwòteste akoz yo pa jwenn pwòdwi sa yo ankò, paske se te kalite sa yo te renmen. Kounye-a, chèf antrèpriz la, ki pa-t aksepte kòripsyon an, men okontrè ki te fè sa ki bon vre a, li te gen viktwa.