01/04/2006

“Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l’ap bay anpil grenn.” (Jan 12,24)

Pawòl Kris sa yo fè nou wè sekrè lavi a; yo di plis pase yon liv.

Pa gen kè kontan ki sòt nan Jezi san ou pa aksepte soufrans lan. Menm jan, ou pa kapab resisite san ou pa mouri.

Kounye-a, Jezi ap pale sou li menm; l’ap esplike poukisa li egziste.

Jezi di sa-a kèk jou avan li pral mouri; se yon lanmò ki fè-l mal anpil e ki fè-l wont. Poukisa fò-k li mouri li menm ki t’ap di: “Mwen se lavi a”? Poukisa fò-k li soufri li menm ki pa-t fè anyen? Poukisa fò-k yo bay manti sou li? Poukisa fò-k yo ba l kalòt? Poukisa fò-k yo fawouche-l? Poukisa fò-k yo kloure l sou yon kwa pou l jwenn lanmò ki pi lèd la? E sitou, poukisa li menm k’ap viv ansanm ak Bondye, fò-k li santi Papa l abandonnen l? Li menm tou, li pè mouri; men ak li, lanmò a gen yon sans: l’ap leve.

Li te vini pou l rasanble tout pitit Bondye yo ki te gaye (Jan 11,52); li te vini pou l kraze baryè ki te separe pèp yo ak moun yo; li te vini pou l te kapab fè yo tounen frè ak sè, pou l te bay kè poze e fè yo fè yon sèl. Men fò-k li peye sa a: pou l rale tout moun vin jwenn li, fò-k li leve anlè sou kwa (Jan 12,32). E li bay parabòl sa a ki pi bèl nan levanjil la:

“Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l’ap bay anpil grenn.” (Jan 12,24)

Se Jezi menm ki grenn mayi a.

Nan tan Pak sa a li parèt sou tèt kwa, nan mizè-l e bèlte-l, e se siy renmen san mezi a. La, li bay tout bagay; li padonnen solda yo k’ap touye l la; li fè kriminèl la antre nan peyi wa ki nan syèl la; li ban nou manman l epi kò l ak san l, lavi li, joustan li kriye: “Papa, Papa, poukisa ou lage mwen?”

Mwen te ekri nan yon lèt nan lanne 1944: “Ou konnen li te ba nou tout bagay? Kisa li te kapab ban nou pi plis pase sa a, yon Bondye, nan renmen li pou nou, ki bliye si li se Bondye?” E li ban nou chans pou nou kapab tounen pitit Bondye: li fè yon pèp tou nèf, yon linivè nouvo.

Grenn mayi a ki te tonbe nan tè a e ki te mouri, jou Pantkot la, li te flèri e li te bay yon zepi ki te gen anpil grenn: twamil moun, sòt nan tout nasyon te vin tounen yon sèl kè ak yon sèl nanm; apre sa a, senkmil, epi…

“Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l’ap bay anpil grenn.” (Jan 12,24)

Pawòl sa a bay anpil sans pou lavi nou, pou soufrans nou, pou lanmò nou, pou tout sa yo ki pral vini yon jou.

Nou vle viv nan fratènite ak tout moun, nan kè poze; nou vle tout moun fè yon sèl tout kote nou ye; men sa a se tankou yon rèv si nou pa swiv menm chemen ak Mèt la.

Ki jan li te fè pou l te “bay anpil fwi”?

Li te viv tout bagay menm jan avèk nou. Li te pran chay soufrans nou yo. Li te aksepte avèk nou fènwa, dlo nan jè, fatig, kontraryete…Yo te vann li, li te pou kont li, li te santi li san fanmi. Yon sèl kou, li fè “youn avèk nou”, pandan li pran chay tout bagay ki t’ap kraze nou yo.

Nou menm tou ki plen ak renmen Bondye a ki vin tounen frè parèy nou, nou gen yon fason pou nou di l mèsi pou renmen l ki san mezi a: an nou viv menm jan avèk Jezi! E nou menm tou, nou se frè parèy moun yo ki bò kote nou; nou vle fè yon sèl avèk yo, prè pou nou pran chay yon divizyon, prè pou nou soufri avèk moun k’ap soufri, prè pou nou regle yon pwòblèm, ak yon renmen ki vin yon ti jès, yon aksyon, yon sèvis.

Jezi, lè li te santi kòm si Papa l pa t avèk li, li te bay tout kò l. Moun ki kole kò l avèk Jezi sou kwa, yo dwe gen tan wè nan li Jezi ki leve avèk tout klète l ak tout bèlte l, e kè kontan moun sa a fè wè sa a.

Chiara Lubich