“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li” (Travay apòt yo 10, 34-35)
Jan kè Bondye a gran! Li pa bay enpòtans divizyon pèp ak pèp, lang avèk ras; pou li, nou tout se pitit li, li ban nou menm valè.
Premye kretyen Jerizalèm yo te gen difikilte pou yo konprann jan yon kretyen dwe akèyi tout moun. Tout te sòti nan yon sèl peyi; yo te gen konsyans yo se pèp Bondye a; sa a te difisil pou gen rapò frè ak sè avèk moun lòt peyi yo; e yo te sezi lè yo tande Pyè te antre nan kay Kònèy, yon solda women, yon etranje, nan peyi Sezare. Pa gen rapò avèk moun lòt peyi yo.
Men pou Bondye pa gen moun ki etranje. Li “fè solèy la leve sou moun ki mechan ak moun ki bon yo, e li fè lapli a tonbe sou moun ki korèk yo ak moun ki pa korèk yo” (Mt 5,45). Bondye renmen tout moun nèt, menm jan.
Se sa a Pyè te di devan solda women an, san li pa respekte distans ak lòt pèp yo.
“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li ”(Travay apòt yo 10, 34-35)
Si Bondye aji konsa, nou menm, pitit li, nou dwe aji menm jan avèk li, louvri kè nou byen gran, kraze tout baryè, libere tèt nou sot nan tout esklavaj. Wi, tout tan nou tounen esklav akòz divizyon yo: moun rich yo ak moun pòv yo, jenerasyon yo, ras yo, kilti yo, nasyon yo… Sa nou panse pou moun ki sot nan lòt peyi yo ki vin nan peyi n nan? Anpil bagay yo di sou etranje yo ki pa menm jan avèk nou. Sa vin kreye ensekirite, sa vin fè nou pè pou nou pa pèdi idantite nou, sa vin kreye entolerans…
Kapab genyen baryè ki pi gran pase sa, ki separe fanmy nou ak moun ki bò lakay nou, ki separe moun ki nan Legliz nou ak moun ki nan yon lòt Legliz, ki separe katye ki nan yon menm vil, ki separe moun ki nan politik nan plizyè pati, ki separe ekip kap fè spò yo… Men sa ki fè pa gen konfyans, sa ki fè moun rayi moun, sa ki fè gen plis lènmi.
Avèk yon Bondye ki fè nou tout gen menm valè, poukisa nou pa gen yon kè ki fè nou ini, frè ak sè? Pitit yon sèl Papa, nou kapab fè nou tounen frè ak sè tout moun ki vin bò kote nou.
“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li ”(Travay apòt yo 10, 34-35)
Nou tout se frè ak sè, nou dwe renmen tout moun, pandan n’ap kòmanse ak moun ki bò kote nou, e nou pap ret la. Konsa, lanmou nou pap sèlman nan pawòl, men nan aksyon n’ap fè, nan sèvis n’ap bay.
Yon renmen ki kapab al rankontre lòt la, pale ansanm, pataje sityasyon difisil lòt la avèk li, pran chay ki sou do l la. Joustan li santi yo konprann li, yo akèyi l jan li ye a; e li kapab di tout sa li pote kòm richès nan li menm.
Yon lanmou ki soutni rapò vivan e ki djanm ak moun ki pa menm jan; yon renmen ki soutni yon rapò ki base sou bèl règ sa a: “Fè pou lòt moun yo sa ou vle yo fè pou ou ”; bèl règ sa a, nou jwenn li nan tout liv sakre yo, e li nan konsyans moun yo.
Yon renmen ki fè nou pataje byen nou yo, ki fè nou renmen peyi lòt yo menm jan ak peyi nou, ki fè nou konstwi bagay tou nèf, ki fè nou regrèt lagè, terorism, grangou ak tout sa k pa bon; se pou nou espere tout mal sa yo fè bak.
“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li ”(Travay apòt yo 10, 34-35)
Nan peyi Gwatemala, gen yon jèn endyen katolik, ki sot nan ras Maya Kacjchichel; yo rele l Mwara; li se premye pitit nan yon fanmy ki te gen onz pitit; li te fè esperyans sa a: Endyen yo sibi anpil diskriminasyon; yo santi yo enferyè ak milat yo, e sitou ak blan yo.
Lè Mwara rankontre avèk Fyore, youn nan premyè konpay m nan peyi Ròm, Mwara te touche anpil. Mwara di: Fyore pa t gen moun li pi pito; jan l te ye a, tout moun te renmen l, pandan l tap kraze tout baryè: “Mwen pap janm bliye jan Fyore te akèyi m byen; renmen l pou mwen se te tankou renmen Bondye a.
Kilti mwen e edikasyon nan fanmy mwen te fè m fème e di, joustan m fè moun ki bò kote m yo ret lwen m. Fyore se te mèt mwen, gid mwen ak modèl mwen, e l te ede m chanje pou m’al jwenn lòt yo ak tout kè m.
Fyore te ankouraje m retounen lekòl e li te soutni m; li te ban m kouray lè m te devan difikilte kilti peyi e fason yo te leve m; mwen te vle kite tout bagay sa yo; sa a te pèmèt mwen jwenn diplom sekretarya dantrepriz.
E sitou, Fyore te fè m pran konsyans diyite pa m; li te fè m bliye santiman enferyorite ki te nan tèt mwen depi lè m te piti; depi m te ti-moun, mwen te gen nan tèt mwen pou m ale batay pou pèp mwen an ka libere; men Fyore fè m konprann mwen dwe kòmanse batay ak tèt mwen. Fò k mwen te tounen yon moun nouvo si m te vle pèp mwen vin nouvo.
Avèk yon Bondye ki pa fè diferans nan okenn pitit li a, nou kapab, menm jan ak Mwara genyen yon gwo anbisyon: “Pandan m’ap di wi Bondye, mwen kapab louvri yon wout ki pèmèt pèp mwen konnen “ideal sa a ”; e mwen dwe di: sa a deja fèt nan fanmy mwen.”