Nan langaj nou pale, mo «jistis la» fè n sonje respè dwa moun; mo «jistis la» fè n santi bezwen pou konsidere tout moun menm jan; mo «jistis la» fè n separe byen yo nan sèvis pou tout moun yo, mo «jistis la» fè n panse tout oganizasyon reskonsab pou fè respekte lwa yo.
Eske jistis sa a, se jistis Jezi te pale nan prèch li sou mòn nan?
Nou kapab di «wi», men, pou Jezi, jistis sa a sot nan yon jistis pi gwo ki vle akò, lapè, bon rapò.
Grangou ak swaf fè n sonje bezwen nouriti, rad, kay, dlo… pou chak moun; grangou ak swaf fè n sonje sa k yon moun swaf nan fon kè li, ki pap janm jwenn soulajman.
Nan Levanjil Lik la, nou tande Jezi ki di sèlman: «Ala kontantman pou nou menm ki grangou kounyeya.
Matye esplike: pi gwo grangou pou yon moun se bezwen Bondye; Bondye sèlman kapab fè l jwenn satisfaksyon ki fon.
Ogisten ki sen te byen konprann sa pandan li t’ap ekri nan komansman «konfesyon» (anpil moun konnen pawòl sa a:«Ou te fè n pou ou menm, Granmèt; kè nou pa gen repo joustan nou pa rive nan ou menm.»
Jezi di:«Si yon moun swaf, se pou li vin jwenn mwen, e se pou li bwè sila ki kwè nan mwen!» E Jezi li menm te pran pou nouriti volonte Bondye a.
Nan Bib la, «viv jistis la» sa vle di viv kòm Bondye vle, selon pwoje Bondye pou moun yo: e Bondye vle moun yo vin tounen yon fanmi kote yo tout yo fè youn nan renmen.
«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon». (Mt 5,6)
Swaf ak jefò pou chèche jistis la, yo la nan kè moun yo; Bondye li menm te mete yo nan kè moun yo. O lon sièk tan yo, moun yo te fè anpil konkèt, anpil pwogrè; men poutan, jodiya, nou lwen ankò, nou pat rive fè sa a Bondye te vle nan pwoje pa li: okontrè nou wè tout kote yo fè gè a, gen terrorism, yon ras fè vyolans kont yon lòt ras; tout bagay sa yo rive paske nan sosyete a gen gwo diferans pami moun yo poutèt lajan, mwayen, manke jistis, rayisans…
Sa ki anpeche bon konprann e akò nan mitan moun yo se pa sèlmanpaske yo manke lwa, regleman, men se jan yo ye nan fon nanm yo, jan yo pa respekte moral la, jan yo pa swiv Lespri a, jan yo pa bay moun yo vale, jan yo pa konsidere lòt yo.
Nan sa a moun yo genyen: nou wè mizè vin pi plis, yon distans ki toujou pi gwo fin separe rich yo ak pòv yo; kèk gwo zotobre gen prèske tout byen tè a nan men yo. Poukisa? Se poutèt fason yo oganize ekonomi a; se poutèt gwoup, kilti, mouvman politik nan sa yo chwazi; se poutèt moun yo, yo menm menm.
Lè Jezi envite nou pou nou bay ata manto a oubyen pou nou ale fè de mil pa avèk moun ki vle fòse nou fè mil pa, Jezi montre nou yon «pi plis», yon jistis pi gwo pase tout pratik lalwa, yon jistis ki montre renmen an.
Yon relasyon ak lòt yo kapab parèt korèk, men si anndan relasyon sa a pa genyen renmen, pa genyen respè, pa genyen atansyon pou moun yo, relasyon an vin tounen tankou nan administrasyon, relasyon an pa reponn pou moun yo kapab jwenn satisfaksyon kote yo gen bezwen e yo pa kapab jwenn solisyon kote yo gen pwoblèm.
Si pa genyen renmen, pap janm genyen jistis tout bon vre. Si pa genyen renmen, rich yo pap janm separe byen yo bay pòv yo; si pa genyen renmen, pap janm ekziste yon atansyon pou chak moun e pou sityasyon kote yo ye. Byen yo pa bouje pou kont yo… Men se kè moun yo ki dwe bouje pou yo pèmèt byen yo ale nan men lòt moun yo.
«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon». (Mt 5,6)
Kijan nou kapab viv pawòl sa a?
Nou dwe gade pwochen nou an nan sa li ye: se yon moun, li gen dwa pa li, li merite konsiderasyon menm jan ak lòt yo. Men sitou, se potrè Jezi tout bon vre li ye.
E si se lenmi nou li ye, nou dwe renmen l avèk menm lanmou Bondye renmen li, prè pou nou sakrifye pwòp tèt pa nou, prè pou nou «bay lavi nou pou frè ak sè nou yo» ( Kf 1 Jn 3,16)
Nou dwe viv ak pwochen nou an nan yon renmen youn pou lòt, yon renmen ki bay sa l genyen, yon renmen ki separe ak lòt la byen nanm nou ak sa nou genyen kòm ti richès materyèl. Konsa nou tout n’ap fòmen yon sèl kòd fanmi. Se la menm nou pral jwenn yon fanmi kote moun korèk yo ap viv tankou frè ak sè jan Bondye vle. Bondye ap vini li menm nan mitan nou e li pral plen nou ak favè prezans li.
«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon». (Mt 5,6)
M’ap rakonte yon moman nan travay, ki kapab klere pawòl sa a:
Gen kèk tan, faktori kote m t’ap travay te rasanble fè youn ak yon lòt faktori ki menm jan ak li te ye. Mwen te reskonsab pou m refè lis pèsonèl yo; dapre sa yo te di, twa moun nan pèsonel la ta dwe pèdi travay yo apre nouvo oganisasyon sa a. Desizyon sa a te parèt pou mwen yon abi paske pat gen rezon e paske yo te deside sa a vit vit; epi yo pat pran ka move konsekans k’ap soufri moun yo ki pral pèdi travay. Sa pou m fè? Mwen te sonje Pawòl lavi a. Sèl bagay pou m fè, fè menm jan ak Jezi, renmen. Mwen te prezante demisyon pa-m: mwen te di ke m pa pral siye ranvwa twa moun yo sot nan travay. Yo pat aksepte demisyon pa-m e yo te mande m pou m wè ki jan yo kapab jwenn anplwa pou twa moun sa yo nan nouvo oganizasyon an. Mwen te deja pare yon plan kote tout pèsonèl kapab jwenn yon travay nan diferan anplwa yo. Yo te aksepte plan sa a. e nou tout nou te kontinye travay nou.
Chiara Lubich