01/12/2007

"Lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè" (Rm 13,10).

Pawòl sa yo vini nan finisman yon gwo mòso lèt pou Women yo koté Pòl montre kijan lavi kretyen yo se yon lavi renmen pou frè n ak sè n yo. Seke se sa nouvo sèvis Bondye nan lespri (Cf. Rm 12,1) kretyen yo bezwen bay Bondye anba souf Lespri Sen an li menm mete nan kè yo.

Nan ranmase li ranmase tout sa ki nan pati sa a, apòt la di renmen pwochen an fè n reyalize sa Bondye mande nan lalwa a (nan kòmandman yo) nèt ale, yon fason ki kòrèk nèt. Renmen frè n ak sè n yo se fason ki pi bèl, ki pi vre pou n montre nou renmen Bondye..

Lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè .”

Men kisa “nèt ale a” epi “yon fason ki korrèk nèt la” vle di nan lavi chak jou a? Nou te kapab wè sa nan vèsè ki vini anvan yo kote apòt la montre divès fason pou n renmen epi kisa renmen an kapab fè nan lavi nou an.

Anvan tout bagay, renmen pwochen an ki vre pa fè anyen ki mal (Cf. Rm 13,10). Li fè n viv tout kòmandman Bondye yo san nou pa bliye yon grenn (Cf. Rm 13,9) paske yo fè n evite tout kalite mal nou te kapab fè pwòp tèt nou epi frè n ak sè n yo.

Anplis pa fè anyen ki mal, renmen sa a pouse n fè tout kalite bon bagay pwochen an kapab bezwen (Cf . Rm 12, 6-8).

Pawòl sa a pouse nou renmen yon fason ki solidè epi ki gen kè sansib pou tout sa frè n ak sè n yo bezwen an, sa y ap tann nan, sa moun yo dwe yo a. Yon renmen tou ki gen respè pou diyite moun yo ak kretyen yo, yon renmen ki pwòp, ki kapab konprann epi pataje, ki louvri pou tout moun jan Jezi te montre nou an.

Renmen sa a li pa posib san nou pa pare pou n soti nan ti zafè nou yo, nan pa bezwen lòt moun yo. Se poutèt sa Pawòl la ede nou depase tandans egoyis n ap pote nan nou menm epi ki tounen pi gwo baryè pou renmen an (lògèy, avaris, debòch, pretansyon, elatriye) (Cf Rm 12, 9-21).

Lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè

Kidonk, kijan nou pral viv Pawòl lavi sa a nan mwa fèt Nwèl la? Nan sonje divès fason pou n renmen pwochen an jan li mande nou fè.

An premye nou bezwen evite nenpòt bagay ki kapab fè pwochen an mal. Nou kapab sonje kòmandman Bondye ki pote sou vokasyon nou an, sou travay n ap fè a, ou kote n ap viv la.

Apresa n ap veye sa ki tankou nanm nan, sa k fè moun yo aji, sa tout kòmandman yo vize. Chak nan yo, jan nou te wè, vle mennen nou jwenn yon renmen pou frè n ak sè n yo ki toujou pi veyatif, ki toujou pi delika, ki gen plis respè toujou, nou kapab wè toujou pi plis.

Menm lè sa a n ap rive bliye pwòp tèt nou, n ap sispann gade pwòp tèt pan nou sèlman, sa ki fwi renmen an.

Konsa na rive fè sa Bondye vle nèt ale. Na rive montre l kijan nou renmen li jan li vle tout bon vre (Cf Rm 12,2)

Lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè

Men esperyans yon avoka k ap travay nan Ministè Trevay la te fè. Li di konsa: “Yon jou, m ale wè pwopiyetè yon biznis pou m di li travayè yo pa peye dapre règleman yo. Aprè mwen te chache pandan kotòz jou san mwen pa sispann, mwen rive jwenn dòkiman k ap montre sa pa t kòrèk. Mwen mande Jezi pou m ret fidèl pawòl li yo ki vle pou m viv nan laverite epi pou m tounen yon zouti renmen li an tou.

Pwoprietè a, devan prèv yo, defann tèt li nan di gen kèk règleman ki pou li menm yo pa kòrèk. Mwen fè l wè nou pa kapab sèvi ak sa lòt yo ap fè ki pa kòrèk pou n kache èrè nou yo. Aprè ti koze sa a, li wè li menm tou sa l ap chache a se lajistis la ak egalite a men li te kite sa moun yo ap panse chanje lide li yo.

Nan finisman, li di m konsa: “Ou te kapab derespèkte m epi kraze m men ou pa t fè l. Se poutèt sa mwen oblije repare.” Men paske li te gen yon bagay pou l fè rapid rapid, li pa t kapab ekri dòkiman pou l te chanje bagay yo. Lè sa a, li pran yon fèy papye ki blan li mete siyati li epi li ban mwen li pou l montre m li dakò pou l chanje sityasyon sa a”.

Chiara Lubich (Kyara Loubik)

01/11/2007

"Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kon l gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou l regle tout bagay san patipri…" (Dt 4,8).

Pandan karant lane pèp Izrayèl la te mache nan savann dezole a Bondye te eseye li epi li te bay favè li a. Se konsa Bondye te netwaye kè pèp la epi li te montre l renmen san limit li te genyen pou li.

Alèkile, pèp la pare pou l rantre nan peyi Bondye te pwomèt li a. Moyiz sonje esperyans li te pase a. An premye li fè pèp la sonje pi gwo kado yo te jwenn tout ansanm se te lòd Bondye a, ki te ramase nan dis kòmandman yo, epi li envite tout moun mete l an pratik.

Etan li t ap fè moun yo sonje sa Bondye te mande yo a, Moyiz te sezi wè kijan Bondye te pwòch pèp li a, kijan li te pran ka li, kijan li te ba l yon jan lòd ki plen ak bon konprann epi li di konsa:

“Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kon l gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou l regle tout bagay san patipri…”

Bondye te mete lòd li a nan kè tout moun epi le te pale ak tout pèp yo, nan divès fason ak nan divès tan. Tout moun yo kapab kontan deske Bondye te renmen yo chak si tèlman. Men li pa toujou fasil pou n konprann lide Bondye sou tout moun yo. Se poutèt sa Bondye te chwazi yon ti pèp, Izrayèl, pou fè moun yo kapab wè pi aklè lide li genyen sou tout moun yo. Nan finisman, li te voye Pitit li a ki te retire vwal ki te sou vizaj Bondye a. Jezi te fè moun yo konnen Bondye se Renmen epi li te ramase lòd Bondye a nan yon sèl grenn komandman: renmen Bondye ak pwochen an.

Sa k fè yon pèp epi chak moun gran tout bon vre se fason y ap swiv lòd Bondye a ak nan pwòp “wi” y ap di l chak jou.

Repons sa a se pa yon ti angajman konsa konsa, ni tou se pa yon fason pou l antrave pwòp tèt li; se pa tou yon fason pou l resiyen l sibi yon bagay li pa ka evite tankou si li ta panse: se konsa bagay yo regle, se konsa yo dwe ye, ou pa ka pase a kote yo.

“Wi” sa a, se sa k pi bon yon moun kapab panse pou pwòp tèt li. Se patisipe ak Bondye pou bon jan lide li gen sou tout moun yo vin reyalize: fè yo tounen yon sèl kòt famiy, nan tèt ansanm epi fè yo rive viv ak lavi Bondye a menm.

Nou menm tou nou kapab di ansanm ak Moyiz:

“Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kon l gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou l regle tout bagay san patipri…”

Kijan pou n viv Pawòl Lavi sa a nan mwa sa a?

Nan rive jwenn potomitan lòd Bondye-a, sa Jezi li menm te ramase nan yon sèl bagay: Renmen.

Si n ap gade byen gade dis komandman Bondye te ba nou yo nan Ansyen Kontra a, na rive dekouvri si nou renmen Bondye ak pwochen nou tout bon vre, n ap viv yo tout nèt ale.

Eske se pa vre ke moun ki renmen Bondye pa ka kite zidòl yo rantre anndan kè li?

Moun ki renmen Bondye li sèvi ak non li avèk anpil respè epi li pa janm sèvi mal ak non li.

Moun ki renmen Bondye li kontan mete yon jou nan semèn nan a kote pou l sèvi Sila li renmen pi plis.

Eske moun ki renmen tout pwochen li yo pap renmen pwòp paran li yo? Tout moun konnen yon moun ki renmen pa ka volè, li pa ka touye moun, li pa ka sèvi lòt yo pou pwòp plèzi egoyis li yo, li pa ka bay manti sou kont lòt yo?

Depi kè li deja konble epi li genyen sa l bezwen, li pap gen lanbisyon sou zafè lòt yo, ni sou mari oubyen madanm lòt moun.

Se konsa: moun ki renmen pa fè peche, li kenbe tout lòd Bondye a.

Mwen te fè esperyans sa anpil fwa nan voyaj mwen te fè yo epi nan pakèt pèp mwen te rankontre yo. Mwen sonje sitou kalite sezisman mwen te santi lè m te wè pèp Bangwa a, Fontem, nan Camroun, lè nan lane 2000 li te resevwa yon fason ki nouvo envitsyon pou l renmen.

Nan lajounen, de tanzantan, an nou poze tèt nou kesyon sa a: eske sa m ap fè yo yo plen ak renmen. Si se konsa, lavi nou an pa ka pa sèvi anyen men l ap tounen yon ti mòso nan realize lide Bondye sou tout moun yo.

Chiara Lubich (Kyara Loubik)

01/10/2007

"Fè moun yo konnen Pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans lavi a, nan bon tan kon move tan. Bay tout kalite prèv, ...

... rale zorèy, bay konsèy, montre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale"(2 Tm 4,2).

Wi, ou bezwen pale avèk tout moun, tout tan!

Anpil fwa Pawòl Lavi a envite n pou n viv epi pou n tounen renmen an menm. Men se pa kont, nou bezwen tou bay lòt yo pawòl la, anonse l, fè l rive jwenn lòt yo jous yo rive angaje tèt yo nan batay pou bati yon chenn solidarite, pou nou rive viv ansanm tankou frè ak sè tout bon vre.

Men dènye pawòl Jezi te di yo: “Se pou n ale tout kote, anonse Bòn Nouvèl la … (cf. Mc 15.15; Mt 28, 19-20).

Se te fòs sa ki t ap pouse Pòl ale tout kote sou tè a – kote l te konnen moun t ap viv nan epòk li a - pou l te gaye Bòn Nouvèl la nan mitan pèp yo ki t ap viv nan divès kalite lòt kilti ak ki te gen lòt lafwa. “Se pa yon lwanj pou mwen dèske m ap anonse Bòn Nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen . Malè pou mwen si m pa anonse Bòn Nouvèl la!” (1 Kor 9,16)

Nan sans sa, Pòl pat sipann klewonnen vwa Granmèt la. Fòs eksperyans lavi li se te yon richès. Se poutèt sa l ap ankouraje fidèl patizan li a Timote epi nou chak kap viv jodi a tou pou nou mache nan chemen sa a. Pawòl sa a se tankou leko pawòl Jezi yo epi tout eksperyans lavi li a:

“Fè moun yo konnen Pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans lavi a, nan bon tan kon move tan. Bay tout kalite prèv, rale zorèy, bay konsèy, montre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale”

Pou pawòl n ap pale a kapab pote fwi, nou bezwen - toutotan li posib – bati yon bon jan relasyon avèk moun nou vle pale avè l la.

Menm si nou pa ta gen posibilte pale ak bouch nou, yon ti jès renmen ki soti nan fon kè kapab di tout bagay. Gen de fwa, pi bèl fason pou n temwaye pawòl la se nan silans ak bon jan respè pou lòt la, se nan montre yon visaj klere ak yon bèl souri, se nan pran ka lòt la, kanpe ak li nan tout detay ak difikilte lavi a epi montre l li gen anpil valè pou nou nan fason n ap rele l ak pwòp non l.

Tout bèl ti jès sa yo se Pawòl ki pa fè bwi, lè moun yo dekouvri yo, yo pa ka pa louvi yon chemen nan kè yo. Se konsa anpil fwa chemen dyalòg la kòmanse pou l al debouche tou dwat sou moman pou n anonse Pawòl la. Se moman sa pou n pwofite pale aklè, di kèk ti pawòl, ki pou lòt la dekouvri rasin lafwa ak lavi Jezikri ki nan nou an.

“Fè moun yo konnen Pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans lavi a, nan bon tan kon move tan. Bay tout kalite prèv, rale zorèy, bay konsèy, montre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale”

Kijan pou n viv Pawòl Lavi sa a epi pou n gaye Bòn Nouvèl la toupatou, menm si se sèlman nan fason n ap pase a kote moun yo? Kijan pou n bay tout moun yo li?

Repons la se nan rive renmen tout moun san patipri. Si se kretyen tout bon vre nou ye, poutèt fason n ap viv sa Levanjil la mande n, pawòl n ap di yo pa p janm vid, y ap pote bon jan rezilta. Sa n ap anonse a pral pote plis limyè si nou rive kapab mete tèt nou ansanm. Tèt ansanm nan se potomitan lavi kretyen yo, se pi gwo egzijans Levanjil la fè nou: «si nou youn renmen lòt , lè sa a tout moun va konnen se patisan m nou ye.” (Jn 13,35).

Renmen an se tankou rad tout kretyen yo. Kit se gason oubyen fi, granmoun oubyen timoun, moun malad kon moun enganm yo ye. Nenpòt jan nou ye, tout kote nou ye, fòk nou kapab mete rad sa a pou n tounen temwen Sila nou gen konfyans nan li a, Sila nou vle renmen tout bon vre a.

Chiara Lubich (Kyara Loubik)

01/09/2007

"Chache mennen yon lavi ki kòrèk pou w ka sèvi Bondye avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak bon kè." (1 Tm 6, 11)

Kijan pou n viv tout bèl bagay sa yo nan lavi chak jou a?

Petèt ou ka panse li difisil viv yo youn apre lòt. Kidonk, pou kisa w pa ta viv chak ti moman lavi pa w nan renmen jous nan bout nèt? Si yon moun konn viv chak ti moman lavi pa l jan Bondye vle pou l viv li, epi si Bondye ap viv nan li menm, lè sa a moun sa ap viv nan renmen an.

Yon moun ki konn byen viv chak ti moman lavi pa l, li gen okasyon pou l pasyan, pou l kenbe fèm, pou l gen bon kè, pou l pa kite anyen mare kè li, men pou l kenbe l byen pwòp epi pou l padonen paske li gen kalite renmen ki pi gwo epi ki pi vre a.

Li renmen Bondye tout bon vre avèk tout kè li, avèk tout nanm li, avèk tout fòs li. Li gen limyè anndan li menm, se Lesprisen an k ap kondwi li, se poutèt sa li pa fè jijman, li pa panse mal, li renmen pwochen li tankou li menm, li gen fòs pou l viv levanjil la, menm nan sa ki sanble pa gen sans tankou “ba li bò gòch la tou”, “fè de kilomèt avè l” (Mt 5, 41).

“Chache mennen yon lavi ki kòrèk pou w ka sèvi Bondye avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak bon kè.”

Se Pòl ki di Timote pawòl sa a. Timote ki te travay avèk Pòl, ki te konpanyon voyaj li ak zanmi li, li te gen si tèlman konfyans nan li ke li tounen tankou pitit li. Apòt la ekri li konsa apre li gen tan pale sou lògèy, jalouzi, kont, renmen lajan: «Ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo” epi li envite l pou l chache viv tout bon vre tankou yon moun epi yon tankou yon kretyen.

Nan pawol sa yo li fè n sonje angajman nou te pran nan batèm nan pou n kite sa k mal la (“evite”) epi pou n fè sa k byen an (“chache”). Se Lesprisen an k ap pote chanjman nèt ale sa a, k ap fè n kapab epi ka p ba n fòs pou n viv sa Pòl mande a:

“Chache mennen yon lavi ki kòrèk pou w ka sèvi Bondye avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak bon kè.”

Esperyans premye gwoup ti fi Trant yo te viv nan lane 1944 fè n konprann kijan moun yo kapab viv Pawòl Lavi a, an premye renmen an, pasyans lan ak bon kè a.

Se konsa nan kòmansman li pat fasil viv nan renmen an jous nan bout nèt. Menm nan mitan nou, nan rapò nou te genyen antrenou , de tanzantan yon ti kras pousyè te kapab tonbe sou yo epi tèt ansanm nan te kapab vin mwens. Konsa, sa k te konn rive lè nou t ap dekouvri kèk defo, kèk bagay ki pa t kòrèk nan lòt yo, nou te konn jije, epi lè sa a kouran renmen an nou te gen youn pou lòt te konn vin mwens.

Pou n chanje sityasyon sa a, nou t ap sonje yon jou pou n fè yon jan pou kontra renmen an nou te pase ansanm vin pi sere. Nou te deside pase sa nou te rele “kontra padonen”.

Se konsa nou te deside pou n fè yon jan pou n gade tout pwochen nou t ap rankontre yo – nan kay la, nan lekòl la, nan travay la, e latriye, – ak yon je ki nouvo, ki nouvo anpil, san nou pa sonje menm menm defo sa yo, men nan kouvri nou t ap kouvri tout bagay ak renmen an. Se te yon fason pou n pwoche tout moun nan bliye nèt ale nan kè nou, nan padonen tout bagay.

Kontra sa nou te pase antre nou tout te fò anpil. Li te ede n pou n te kapab pi plis an premye nan renmen an, tankou Bondye ki gen bon kè, k ap padonnen epi k ap bliye.

Chiara Lubich (Kyara Loubik)

01/08/2007

“Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi.” (Ebre 12,1-2)

Kretyen Ebre yo te resevwa yon lèt; moun sa yo te konnen difikilte ak soufrans, dekwa pou yo dekouraje: eske li pa t pi bon pou yo chwazi yon lavi pi fasil? oubyen, poukisa yo pa t lage lafwa yo? Okontrè, moun ki te ekri lèt la te envite pou yo avanse nan chemen yo te kòmanse mache: chemen an difisil, li mande jefò, men chemen levanjil la kondi nan lavi a tout bon nèt; epi, moun nan ki te ekri te bay kretyen yo yon bourad pou yo kouri e pou yo kenbe fèm anba tray yo sibi a.

Moun k’ap fè egzèsis pou l al nan konkou, li bezwen pasyans pou l genyen premye pri a; fòk li goumen, fòk li redi, fòk li kouri pou l ka genyen kous la. Menm jan avè l, nou menm k’ap swiv Jezi, si nou vle ranpòte laviktwa, se pou nou gen konfyans nan Bondye ki la avè n epi se pou nou angaje tèt nou jous nou rive jwenn rekonpans lan. Men anvan tout bagay, nou dwe kenbe je nou kole sou Jezi ki te mache devan nou epi ki kondi nou. Jezi sou kwa a, lè l te rele byen fò: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou lage m konsa?” li menm se yon egzamp li ye pou nou: li te gen kouraj ak pasyans; li te sipòte anpil bagay: li te konn kenbe fèm nan soufrans lan epi li te remèt tèt li nan men Bondye, sila li te mande l “Poukisa li te lage l konsa?”

“Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi.” (Ebre 12,1-2)

Anpil fwa Chiara Lubich te pale kijan Jezi te fè fas ak pi gwo soufrans lan, avèk kouraj, san li pa t lage: Jezi te montre nou kijan nou dwe kouri epi kijan nou dwe ale pi lwen pase soufrans lan . Lè Jezi te santi Papa l te lage l sou kwa a, li te pran sou li menm tout doulè pa nou yo, tout difikilte pa nou yo. Chiara Lubich kapab ede n kenbe je nou kole sou Jezi lè n’ap li sa l te ekri: “Eske nou gen laperèz? Ebyen, Jezi li menm, lè l te sou kwa a, lè l te santi Papa l te bliye l, eske li pa t konnen laperèz ki te anvayi l? Lè pa gen moun pou yo konsole n oubyen lè nou pèdi kouraj, an n gade Jezi lè soufrans yo te kouvri l, lè li pa t santi Papa pou l soutni l, lè l te pèdi kouraj pou l avanse jous nan bout tray li yo … Lè bagay pa bon rive pou nou, eske nou konnen ki kote pou nou ale e pou nou soti nan sityasyon sa a? Jezi li menm nan gwo doulè pa li yo, li pa t konprann anyen nan sa k te rive; se poutèt sa li te rele: “Poukisa?”… Epi, lè n’ap pèdi espwa, oubyen lè yon malè ap kraze nou, oubyen lè yon movè sityasyon ap rive san nou pa t tann li, oubyen lè yon maladi ap pran nou, an n sonje Jezi sou kwa a lè li te rele Papa l paske li te sibi tout tray sa yo e anpil lòt ankò.

Nan chak difikilte nou rankontre, Jezi la avèk nou, bò kote nou, pou l pote ak nou chak soufrans pa nou .

“Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi.” (Ebre 12,1-2)

Kijan n’ap viv Pawòl lavi sa a? N’ap gade Jezi epi n’ap aprann “rele Jezi ak non soufrans yo n’ap jwenn nan lavi pa nou an . Konsa nou pral rele Jezi sou kwa a, lè l te santi Papa l te lage l; nou kapab rele Jezi konsa: “Jezi, ou ki pou kont ou”, “Jezi, ou ki gen doutans”, “Jezi ou ki gen blèsi”, “Jezi, ou ki sibi tray”, “Jezi ou ki tris” … Nou kapab ajoute anpil lòt non ankò.

Lè n’ap rele Jezi ak non l, se kòm si n’ap jwenn li epi n’ap rekonnèt li ki kache dèyè chak doulè; Jezi li menm ap reponn nou ak anpil renmen. Si n’ap bo li, li menm ap ba nou kè poze, l’ap konsole nou, l’ap ba nou kouraj, ekilib, sante, laviktwa . Li pral esplike tout bagay, li pral rezoud tout pwoblèm.

“Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi.” (Ebre 12,1-2)

Se sa k te rive pou Louiza ki, gen plizyè ane, te jwenn yon fèy kote yo te ekri Pawòl lavi sa a ak yon kòmantè. Louiza di konsa: “Premye pitit mwen an te gen 29 lanne; li te sibi yon aksidan sou wout la epi li te grav. Ak kè sere mwen te kouri nan lopital la. Pitit mwen an te isit la; li pa t bouje; sete kòm si li pa t la. Mwen te pèdi espwa; nan jou sa yo, nou t’ap tann avèk anpil boulvès nan kè n. Yon jou, mwen te antre nan kay sakre a e mwen te jwenn Pawòl lavi a ki te envite m pou m kenbe je m kole sou Jezi yo te klouwe sou kwa a epi ki te santi Papa l te lage l . Mwen te li fèy la avèk anpil atansyon; mwen te sonje: “Wi, Pawòl lavi sa a ap pale sou sa m’ap viv la…” Nan chanm “reanimasyon” an, pa t gen espwa ankò; men pou mwen, soufrans mwen yo, se te pa yon mati yo te ye; soufrans mwen yo se te yon kòd ki te mare m ak renmen Bondye yo te ye. Kounyeya, mwen te kapab kenbe men pitit mwen an, mwen te kapab lapriyè pou li ki te gen pou l kite m. Li te mouri, men mwen santi l vivan byen vivan.”

Fabio Ciardi e Gabriella Fallacara

01/07/2007

«Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou.» (Galat 5,13)

Apot Pòl, nan lanne 50, te vizite peyi Galasi a, nan mitan Azi Minè, jodiya, yo rele l «Turquie». Grasa vizit Pòl, kèk kominote kretyen te kòmanse avèk moun ki te kwè nan Jezi ak anpil kè kontan. Pòl te met devan je yo Jezi yo te kloure sou kwa a. Yo te resevwa batèm nan ki te abiye yo ak lavi Kris la; konsa yo te jwenn libète pitit Bondye yo, epi, Pòl li menm di sa: «yo te kouri byen» nan chemen Kris la. Men, apre sa, kretyen sa yo, yo menm ap chèche libète pa yo yon lòt bò. Pòl te sezi paske yo te byen vit vire do bay Kris la. Poutèt sa, Pòl envite yo pou yo ka retounen ankò nan libète kris la te ba yo.

«Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou.» (Galat 5,13)

Bondye te rele nou nan ki libète? Eske nou pa ka fè sa nou vle? Jezi te pwomèt Jwif ki te kwè nan li yo: «Verite a va ba nou libète a». Jwif yo te di l: «Nou pa t janm esklav pèsonn». Jezi te reponn yo: « Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye». (Jan 8,31-34). Lè yon moun fè yon peche, li tounen esklav paske peche mare kè l: nou konnen plizyè bagay ki fè moun yo esklav: egoyis, swaf richès yo, move plezi, ògèy, kòlè…

Nou menm, nou pa kapab sòti nèt nan esklavaj sa a . Libète a, se yon kado Jezi bay: li te ba nou libète antan l te rabese tèt li tankou yon domestik epi li te bay lavi li pou nou chak. Poutèt li te mennen nou nan libète a, se pou nou viv tankou moun Jezi te fè lib. Libète a, se pa sèlman chwazi sa ki byen oubyen sa ki mal; libète a, se chèche toutan sa ki byen epi fè l chak lè pi plis. Se sa Chiara Lubich te pale avèk jèn yo nan jou 20 me 1995; li di ankò: «Mwen wè konsa: sa ki byen bay libète; sa ki mal fè tounen esklav. Kounyeya, pou n vin lib, fòk nou renmen, paske se pwòp egoyis pa nou ki fè nou esklav pi plis pase lòt bagay. Okontrè, lè nou sonje lòt yo, oubyen lè nou okipe nan fè sa Bondye vle, nou pa ka panse pou pwòp tèt pa nou; se konsa n’ap sòti nan esklavaj pou n vin lib nèt ale.»

«Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou.» (Galat 5,13)

Kijan n’ap viv Pawòl lavi sa a?

Pòl ki sen, li menm, kondwi nou: Osito li te ekri: «Bondye rele nou pou n ka gen libète», li esplike: nou ka jwenn libète a lè nou «met tèt nou ansanm pou youn sèvi lòt», «grasa renmen», «paske lalwa reyèlman se nan yon sèl pawòl li akonpli: Wa renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou a». Men yon bagay ki dwòl: nou lib lè nou met pwòp tèt pa nou nan sèvis lòt yo, lè nou tennyen egoyis nou an, lè nou sonje bezwen lòt yo, lè nou renmen. Bondye rele nou pou n ka gen libète ki sòti nan renmen; nou lib lè nou kapab renmen! Wi, pou nou jwenn libète a, fòk nou renmen!

«Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou.» (Galat 5,13)

Yo te met nan prizon yon evèk, Monsèyè François Xavier Nguyen Van Thuan. Poutèt lafwa li nan Jezi, li te rete 13 lanne nan prizon an. Men li menm, nan tan sa a, se te kòm si li te lib paske toutan li te kapab renmen lòt prizonye yo. Li di konsa: «Yo te met mwen pou kont mwen nan yon chanm; yo te voye senk polisye apena pou yo kenbe m: de pa de, yo te la toutan avè m. Chèf yo te chanje ekip polisye yo chak de semèn pou yo pa vin kontamine avèk evèk danjerè sa a. Men apre kèk tan, chèf yo pa t chanje ekip la ankò paske sinon se tout polisye yo ki pral tounen kontamine!

Nan kòmansman, gadyen yo pa t pale avè m: yo te reponn sèlman avèk «wi» oubyen «non». Se te tris… Yo te evite pale avè m.Yon nwit mwen te sonje: «Se rich mwen ye: mwen genyen renmen Kris la nan kè m; se pou m renmen yo, menm jan Jezi te renmen m». Apre sa, mwen te kòmanse renmen yo pi plis, renmen Jezi nan yo, montre kè kontan ak yon ti souri, pale avèk yo kèk pawòl janti. Mwen rakonte kèk bagay ki te rive lè m te vwayaje lòt bò; yo te vle aprann lang etranje: fransè, anglè… Se konsa gadyen yo te vin tounen elèv mwen…»

Fabio Ciardi e Gabriella Fallacara

01/06/2007

«Li menm, Lespri k’ap montre verite a, lè l’a vini, l’a mennen nou nan tout verite a.» (Jan 16,13)

Levanjil la di nou yon pawòl vre nèt; poutèt sa, levanjil la se tout plezi nou. Anndan l, Jezi li menm di konsa: «Se mwen menm ki verite a» (Jan 14,6). Jezi ap ouvri devan nou bèl mèvèy Bondye k’ap dire tout tan gen tan; Jezi fè n konnen tou sa Bondye vle pou moun yo, paske li renmen yo: Jezi bay Verite a. E Verite a se yon mèvèy ki fon anpil, nou pa kapab konprann li. Kijan n’ap fè pou n konnen li pi plis e pou n viv li pi byen? Jezi li menm te di, nou pa kapab pote chay verite a. Poutèt sa, pandan dènye manje ak patizan li yo, anvan l’ap tounen kay Papa, Jezi te pwomèt Lespri Sen an ki pral esplike n pawòl li yo e ki pral ede n viv yo.

«Li menm, Lespri k’ap montre verite a, lè l’a vini, l’a mennen nou nan tout verite a.» (Jan 16,13)

Kominote moun yo ki kwè nan Jezi konnen verite a paske Jezi la avèk yo e fè yo viv; an menm tan, Lespri Sen an kondwi kominote a pou l ale kote gen «tout verite a». Lè nou li istwa Legliz la, n’ap wè jan yo konprann litlit e toujou pi fon mèvèy Jezi a e mèvèy pawòl li yo.: Lespri Sen an kondwi kretyen yo ak anpil bon fason: lè yo etidye labib la oubyen lè yo lapriyè ak levanjil la, grasa karism yo resevwa pou yo sèvi Legliz la, lè Pap la ak evèk yo ap gide Legliz la nan lafwa oubyen nan sa ki byen nèt. Lespri Sen an ap pale tou nan kè tout moun ki kwè nan Jezi: Li rete nan kè yo e yo ka tande vwa l. Kèk fwa, li envite yo pou yo padonnen, sèvi, bay, renmen… Li montre sa ki byen epi sa ki mal. Li fè yo sonje Pawòl lavi a sot nan Levanjil Jezi simaye nan yo chak mwa.

«Li menm, Lespri k’ap montre verite a, lè l’a vini, l’a mennen nou nan tout verite a.» (Jan 16,13)

Kijan n’ap viv Pawòl lavi sa a? N’ap koute «vwa a» k’ap pale nan nou; n’ap koute ak yon kè dosil, paske se Lespri Sen an k’ap gide n, ankouraje n, pouse n. Chiara Lubich di konsa: «Lespri Sen an pouse kretyen an ki dwe pwofite pou l avanse: Lespri Sen aji ak yon gwo fòs ki kapab kreye; Li aji nan kè kretyen an pou l fè tounen apa, pou l separe avèk li lavi Bondye e pou l fè l leve vivan byen vivan».

Si nou vle tande pi byen «vwa Lespri Sen an», menm jan lè yo pale nan yon pòtvwa, Chiara di nou: se pou n met tèt nou ansanm; konsa, nou pa sèlman aprann koute vwa Lespri Sen an nan kè nou, men n’ap aprann koute pi byen «vwa l ki la nan mitan nou , lè nou met tèt nou ansanm nan Jezi leve vivan byen vivan.»

Lè Jezi la, nan mitan nou, Lespri Sen an pèmèt nou chak koute vwa l pi byen: Lè Jezi nan mitan nou, Lespri Sen an se tankou yon pòtvwa ki pèmèt nou tande pi byen vwa Jezi nan nou.

«Nou te toujou sonje yon jan pi bon pase lòt yo pou n renmen Lespri Sen an, pou n montre l respè, pou n kenbe l nan kè n, se koute vwa l ki kapab klere tout moman lavi nou an. E lè n’ap koute vwa sa a, n’ap wè ak anpil kè kontan, kijan nou kapab jwenn yon lavi korèk anpil: defo yo litlit ap disparèt epi tout kalite bonjan ap grandi.» (Ch. Lubich)

«Li menm, Lespri k’ap montre verite a, lè l’a vini, l’a mennen nou nan tout verite a.» (Jan 16,13)

Pawòl lavi sa a, n’ap li l nan dimanch fèt Trinite a; li envite pou nou lapriyè Lespri Sen an: «O Lespri Sen nou mande ou yon sèl bagay: Bondye pou Bondye… Se pou nou viv sèlman, toutan e chak moman, pou ou menm, paske se ou menm sèl nou vle renmen e sèvi.

Bondye, Bondye, se espri nèt ou ye: nou devan ou tankou yon gode vid: ou kapab plen l ak prezans ou.

Bondye, se ou ki dwe parèt sot nan nanm nou, nan kè nou, nan figi nou, nan pawòl nou, nan travay nou, nan silans nou, nan lavi nou, nan lanmò nou, depi nou te fèt, apre nou pral mouri, tout kote nou ye, nou dwe kite sèlman bèl limyè prezans ou nan nou; sou tè a, sou sa ki atè kraze nèt, sou sa k’ap viv e sou sa k’ap mouri, sou sa k’ap fè lwanj e sou sa ki pa vo anyen, bèl limyè prezans ou pral klere e pral bay tout plas la pou ou, paske pa gen lòt pase ou, pa gen lòt bagay pase ou, ou ki se renmen tout bon vre» (Ch. Lubich).

Fabio Ciardi e Gabriella Fallacara

01/05/2007

«Se konsa tout moun ap rekonnèt nou se patizan m, si nou youn gen bon kè pou lòt.» (Jan 13,35)

Jezi ap manje dènye manje ak zanmi l yo anvan l kite yo. Nan gran moman sa a, l’ap di yo sa l vle, tankou yon testaman:«Wi, se pou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.» (Jan 13,34) Pandan tout tan gen tan, yo pral rekonnèt patizan Jezi grasa bon kè yo genyen youn pou lòt; sa, se kat idantite pa yo: lè lòt moun yo pral wè sa, yo pral rekonnèt yo.

Nan kòmansman, nan vil Jerizalèm nan, premye kominote moun ki te kwè yo te beni anpil; tout moun te renmen yo paske yo te mete tèt yo ansanm; yo te renmen yo si tèlman ke chak jou lòt moun tap ajoute nan gwoup la.

Kèk tan apre, Tètilyen, youn nan kretyen ki te ekri lontan yo, te rakonte sa yo te di osijè kretyen yo (lè sa a sete yon tan pèsekisyon pandan yo te touye anpil kretyen): «Gade jan youn renmen lòt, gade, jan yo prè pou yo mouri youn nan plas lòt.» Konsa, moun yo te wè tout bon vre sa Jezi te anonse a:

«Se konsa tout moun ap rekonnèt nou se patizan m, si nou youn gen bon kè pou lòt.»(Jan 13,35)

Renmen youn pou lòt se «rad ki abiye kretyen yo; renmen se tankou yon rad ki kapab abiye granmoun ni jèn yo, gason ni fi yo, mesye ni medanm marye yo, timoun yo; renmen se tankou yon rad ki kapab abiye moun ki ansante ni moun ki malad yo; tout moun kapab mete rad renmen sa a. Yo kapab genyen renmen nan pwòp lavi pa yo. Se konsa, toutan e toupatou, yo pral anonse Jezi, Sila yo kwè nan li, Sila yo vle renmen an.»

Antan youn renmen lòt, disip Jezi ap mèt tèt yo ansanm; lè yo wè sa, lòt moun yo kapab dekouvri Bondye Jezi te anonse kòm renmen: Legliz la se pòtre Papa ak Pitit la ak Lespri Sen an.

Se konsa jodiya, nou pral anonse levanjil la. Sosyete a ki tande anpil pawòl, bouke ak moun yo ki ajoute ankò lòt pawòl yo. Sosyete a ap chèche mèt yo. Sosyete a jodiya pa vle diskou, men li vle modèl ak egzanp. Sosyete a kwè pi byen si li wè yon levanjil nan zak yo, yon levanjil ki fòme yon nouvo relasyon ak lòt la, kote yo viv nan renmen tankou frè ak sè.

«Se konsa tout moun ap rekonnèt nou se patizan m, si nou youn gen bon kè pou lòt.»(Jan 13,35)

Kijan n’ap viv Pawòl lavi sa a?

Se pou youn renmen lòt e se pou n fòme toupatou ti kominote Legliz la djanm djanm.

Chiara Lubich te ekri konsa: «Jezi te pote yon dife sou tè a; si y’ap limen dife sa a, nan plizyè bò nan vil la, e si moun vil sa a ap ede dife a pou l boule, pa bezwen anpil tan pou tout vil la ap boule ak lanmou Bondye a.

Dife a Jezi te pote sou tè a, se Bondye li menm, se lanmou, se renmen k’ap fè n jwenn Bondye epi k’ap fè n mèt tèt nou ansanm.

Lè de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non Jezi, lè youn di lòt la li swaf renmen Bondye a, yo reprezante yon fòs Bondye k’ap aji sou tè a.

Nan tout vil yo nou kapab jwenn moun ki vle sa: nan fanmi yo, mesye marye ak madanm li, pitit ak papa l, bèlfi ak bèlmè; nou kapab jwenn moun ki vle sa nan pawas yo, nan gwoup yo, nan lekòl yo, nan faktori yo, toupatou.

Jezi pa t mande pou yo sen nèt nèt: men sa sifi pou yo mèt tèt yo ansanm nan non Jezi e pou yo pa janm chire bèl relasyon sa a. Konsa, yo pa rete de ou twa anpil tan paske renmen gaye, renmen rasanble.

Chak difè Bondye limen sou tè a pral gaye. Pwovidans Bondye a pral voye ale kèk bon flanm dife yon lòt bò, kote li vle ( nou kapab rele moun sa yo «moun dife»); konsa, té a ak tout moun ki andan l pral jwi chalè renmen Bondye a e pral jwenn esperans la.»

Fabio Ciardi e Gabriella Fallacara

01/04/2007

«Mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k’ap sèvi a.» (Lik 23,27)

Lè Jwif yo ap fete Delivrans la, Jezi ap manje dènye manje l ak patizan li yo nan yon gwo chanm anwo kay la. Jezi ap kase pen an e l’ap separe bay chak moun diven an; apre sa, l’ap fè yon dènye pale konsa: nan kominote pa li, sila k pi grannèg se pou l tankou pi piti a; sila k’ap kòmande se pou l tankou sila k’ap sèvi a.

Nan Levanjil Jan, Jezi ap fè yon jès espesyal ki montre li te kòmanse nan mitan patizan li yo yon fason ki nouvo pou yo viv youn ak lòt: li te lave pye disip li yo; li refize plas chèf la e li vin tounen domestik: Pa bliye lè apot yo te pran dènye manje a ak Jezi, yo te vle konnen kilès ki nan yo ki te dwe pase pou pi grannèg.

«Mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k’ap sèvi a.» (Lik 23,27)

Chiara Lubich di konsa: «Renmen sa vle di sèvi. Jezi te ban nou ekzanp la.» «Sèvi», gen kèk moun ki kwè yo pèdi diyite lè yo sèvi. Moun k’ap fè sèvis la, nan sosyete a, yo konsidere yo nan nivo ki ba a. Poutan, nou tout, nou renmen pou lòt yo sèvi nou. Lè nou ale nan leta oubyen nan yon sèvis sosyal, n’ap tann y’ap pran ka nou. Poutèt sa, moun ki gen gwo reskonsabilite nan Gouvènman, yo rele yo «Minis». «Sèvis sosyal», se sèvis tout bon vre li ye. Lè moun nan ki vann yon bagay ap sèvi nou ak bonjan, lè yon anplwaye pran ka nou rapid, lè yon doktè oubyen yon mis swen nou ak tout kalite bonjan li kapab e ak anpil atansyon…, nou kapab rekonnèt bon sèvis pa yo e n’ap di yo «mèsi».

Si n’ap tann pou lòt yo sèvi nou, pètèt tou, lòt yo ap tann pou nou sèvi yo.

Grasa Pawòl Jezi a, nou menm, ki kretyen, nou konnen nou gen yon dèt pou n peye bay tout moun: dèt la se renmen an. Avèk Jezi e tankou li, devan chak moun k’ap viv lakay nou oubyen devan chak moun n’ap jwenn nan travay la …, nou menm tou, nou kapab di konsa:

«Mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k’ap sèvi a.» (Lik 23,27)

Chiara Lubich fè n sonje ankò: Si se kretyen nou ye, «se pou n sèvi, sèvi tout moun, konsidere lòt yo pi wo pase nou. Si se domestik nou ye, lòt yo se moun k’ap kòmande yo ye. Wi, sèvi, sèvi, anba, anba, jwenn bon plas daprè levanjil la sa vle di lage kò nou pou n sèvi tout moun… Viv kòm kretyen se yon angajman total kapital. Sa pa sifi sonje lòt yo ak yon kè sansib tou piti, ak yon ti kras renmen; sa pa sifi bay yon ti kòb pou pòv yo. Non, sa pa sifi, paske nou kapab bay pòv yo yon bagay, konsa, kè nou poze, poutan, nan menm tan, n’ap kòmande lòt yo yon jan ki di, ki domine lòt yo oubyen ki eksplwate yo.»

Kijan n’ap sèvi? Chiara reponn ak twa mo: «Viv lòt la»; sa vle di «antre nan kè lòt la, santi sa l santi, pote chay pa li». Chiara esplike pi plis avèk kèk ekzanp: «Avèk timoun yo, kijan m’ap fè? Timoun yo vle pou m jwe ak yo: m’ap jwe ak yo! Nan lakay mwen, gen yon moun ki vle gade televizyon oubyen yon moun ki vle fè yon ti mache deyò: m’ap fè l avèk li.Eske m’ap pèdi tan? Non! Lè m’ap renmen, mwen p’ap janm pèdi tan,; okontrè m’ap genyen tan paske m bezwen pou m fè youn ak lòt poutèt mwen renmen l. Wi, mwen dwe ede lòt la lè li pare pou l ale; mwen dwe pote manje sou tab la pou fanmi…, wi, se konsa, paske sa Jezi mande, se pa yon sèvis nan nyaj yo, se pa yon lide anlè, se pa yon santiman. Jezi te pale pou n sèvi ak zak nou yo, ak men nou yo, ak pye nou yo, ak tèt nou an. Se pou n sèvi!»

«Mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k’ap sèvi a.» (Lik 23,27)

Nou konnen kijan pou n viv Pawòl lavi sa a: n’ap bay lòt yo atansyon; n’ap reponn rapid nan sa yo bezwen; n’ap renmen yo ak zak.Pafwa sa vle di, n’ap fè pi byen travay pa nou; n’ap fèl ak tout kalite bonjan nou kapab pou l bon nèt; se yon fason pou n sèvi kominote a.

Pafwa gen kèk moun alantou oubyen pi lwen k’ap mande n pou n ede yo: granmoun, jèn moun ki pa gen travay, moun ki kokobe, soud, avèg…, moun ki pou kont yo… Pafwa, nan pèyi ki lòt bò, aprè siklòn, gwo tranblemanntè, lagè…, yo mande «èd imanitè» oubyen pou parenaj timoun ki nan mizè oubyen pou adopte timoun ki òfelen … Se pou chèf la pa kòmande pou l domine avèk gwo fòs pouvwa, men pou l sonje se frè ak sè nou ye tout bon vre. Si n’ap aji toujou ak renmen, n’ap dekouvri yon verite kretyen lontan yo te di a: «Moun ki bay sèvis vin tounen wa»

P. Fabio Ciardi e Gabriella Fallacara

01/03/2007

«Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekòlte ak chante fèt.» (Sòm 126,5)

Pawòl lavi sa a sòti nan yon sòm kote yo chante Bondye ki te delivre pèp li a sot nan egzil nan peyi Babilòn. Pandan tout listwa Izrayèl, Bondye ap vini bò kote pèp li a, chak lè pèp la bouke, dekouraje, oubyen nan tantasyon yo. Nou chak, nou kapab rekonnèt pwòp istwa pa nou nan imaj sa a ki gen de kote: yon kote, yon moun ki simen grenn yo, li pa konn sa ki pral rive: eske l’ap gen lapli oubyen tan sèk ? Eske li pral jwenn zepi ? Lòt kote, moun ki te tann rekòlt la, antan li pote zepi yo, li jwenn anpil kè kontan.

«Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekòlte ak chante fèt.» (Sòm 126,5)

Chiara Lubich ekri: Lè nou sonje lavi nou an, nou wè l bèl, «avèk bon jounen ki pase, kote tout bagay ale byen, ak travay, etid, tan pou yon ti poze, bon moman avèk fanmi, visit, ti fizik… Kè moun yo vle sa tout tan; yo vle sa ki ale byen, sa ki bay kè poze ; e yo pa vle yon lòt fason. Men, vwayaj nou ki sen an pral montre yon lòt jan, paske Bondye wè lavi noun an yon lòt fason. Gen kèk bagay ke nou pa renmen, men Bondye vle yo e pèmèt yo pou nou kapab jwenn yon lavi ki gen valè pou Bondye, yon lavi pou nou rive nan peyi kote Bondye wa, daprè sa Bondye te vle lè li te kreye nou. Poutèt sa, men soufrans lan nan kò a ak nan nanm nan, men maladi a, men anpil doulè ki fè nou sonje lanmò a pi plis pase lavi a. Poukisa ? Eske Bondye vle lanmò a ? Non, okontrè, Bondye renmen lavi a, yon lavi ki plen, yon lavi ki pote fwi, yon lavi pou n fè sa ki bon, sa ki byen, sa ki bay kè poze, yon lavi ki bèl pase tou sa nou kapab reve.

Men moun k’ap simen; li jete grenn yo nan tè a pou yo mouri: anndan siy sa a, nou wè fatig ak doulè pa nou yo; epi moun k’ap rekòlte, antan li ranmase zepi yo, ki te fèt lè grenn yo te mouri, fè nou sonje yon pawòl Jezi: «Si grenn ble a ki tonbe nan tè a pa mouri, l’ap ret pou kont li, men, si l mouri, l’ap donnen anpil fwi.» (Jan 12,24) Bondye vle, pandan lavi nou, pou nou mouri tankou ti grenn ble a ki mouri, epi pou nou donnen fwi, lè nou pral fè zak pou Bondye e pa pou kont nou : Men valè lavi nou an, yon lavi rich, plen, ki sanble ak lavi Jezi.

«Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekòlte ak chante fèt.» (Sòm 126,5)

Kijan n’ap viv Pawòl lavi sa a ? Chiara ap gide nou ankò pou n reyalize Pawòl Bondye sa a; li ekri konsa: «Bezwen bay soufrans lan valè ; genyen yon soufrans ki piti ; genyen yon soufrans ki gran; nou dwe bay soufrans yo plas yo… Lè n’ap renmen frè ak sè nou yo, nou ka jwenn fatig e n’ap fè sakrifis; fatig ak sakrifis sa yo genyen yon gwo valè paske yon kretyen konn renmen frè ak sè li yo, e pou nou menm, renmen frè ak sè nou yo, se pwòp fason pa nou pou n viv. Soufrans lan ki anndan renmen an bay lavi a.

Kenbe, pa lage, menm si ou pa wè okenn bon rezilta, paske «moun ki simen an, se pa li ki ranmase». N’ap chèche edike pitit nou yo ak tout kè nou, men eske nou pral rive reyisi ? Kilès ki pral wè fwi angajman pa m nan sosyete a oubyen nan politik la ? Pa janm bouke fè sa ki byen. Ou pral jwenn fwi, yon jan oubyen lòt jan, kounyeya oubyen pita, isit oubyen lòt kote…, li pral gen fwi.

N’ap espere, n’ap kwè ke chemen lavi nou an pral mennen n kote Bondye ap tann nou ; difikilte yo, tantasyon yo, batay yo ap sere kè nou ; pa gen lòt chemen ki kondwi nan bonè a, nan kè kontan an. An n ale, an n gade pi lwen pase chak doulè. Pa kanpe la, lè souf la koupe oubyen lè yo eseye n. An n kwè nan rekòlt la k’ap vini.»

«Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekòlte ak chante fèt.» (Sòm 126,5)

Patrisya gen ventdezan; li te etidye nan lekòl de Dwa ; li apenn jwenn yon travay kòm asistant nan direksyon. Li di konsa :« Nan kòmansman, mwen te vle fè travay la byen nèt epi mwen te vle gen yon bon rapò ak lòt anplwaye kote chak moun santi ke li gen valè». Men, souvan, Patrisya dwe batay pou l defann sa ki byen e pou l fidèl nan sa li kwè. Li rakonte konsa : «Yon gwo zotobre, kote m’ap travay, ki te gen kèk avantaj, te aji yon jan ki pa korèk ditou. M te oblije di l sa.» Poutèt sa, Patrisya te pèdi travay li. « Mwen te soufri anpil, men kè mwen te poze paske mwen te konnen m’te aji yon fason ki korèk nèt». Patrisya konnen tou ke Papa Bondye renmen l anpil e pa gen anyen li pa ka fè. Nan sityasyon peyi Paraguay, Patrisya pa t menm sonje ke li te ka jwenn yon lòt travay. Poutan, menm aswè a, li te resevwa de demand danplwa. Nouvo travay Patrisya, li pi bon pase ansyen travay la, paske li kole pi byen avèk fòmasyon pa li.

Fabio Ciardi e Gabriella Falakara



01/02/2007

“Benediksyon pou moun ki mete konfyans li nan Granmèt la!” (Jeremi 17,7)

Men bon fason an pou n viv: Mete pwòp lavi nou an nan men Bondye ki te ba nou l. Bondye renmen nou e li vle sa ki bon pou nou: Pou sa ki kapab rive, nou ka mete tout konfyans nou nan Bondye.

Pwòfèt Jeremi ap di benediksyon sa a. Li esplike l grasa yon imaj yo souvan itilize nan Bib la: yon pyebwa ki pouse sou bò larivyè, kote gen anpil dlo; nan tan sèk la, pyebwa sa a pa ka gen okenn pwòblèm: rasin pa li yo toujou jwenn dlo a, fèy pa li yo toujou vèt, epi li bay anpil bon fwi. Okontrè, moun ki mete espwa li andeyò Bondye a, pa ekzanp, moun ki chèche pouvwa a, richès la, zanmitay la ak moun ki gen yon gwo sityasyon…, moun sa a sanble ak yon pyebwa ki nan mitan ròch, ki pa byen pouse, ki pa ka bay okenn fwi.

“Benediksyon pou moun ki mete konfyans li nan Granmèt la!” (Jeremi 17,7)

N’ap lapriyè lè nou nan yon sityasyon ki pa bon, kote pa gen espwa: yon maladi nou pa ka geri, yon dèt nou pa ka peye, yon gwo danje nou ka mouri… Se konsa e se bon, paske nou konnen ke pa gen anyen Bondye pa ka fè. Men, si Bondye kapab realize tout bagay, poukisa nou pa mande l sekou nan chak moman lavi nou?

Nan mwa sa a, Pawòl lavi a envite n pou nou toujou lapriyè Granmèt la, pa sèlman lè nou nan gwo tèt chaje, paske nou toujou bezwen sekou Bondye a. Moun ki toujou lapriyè, Bondye beni l, sa vle di, moun sa a jwenn kè kontan, epi li viv byen; moun sa a gen avèk Bondye anpil konfyans ki soti nan lafwa li a ak nan renmen li a.

Bondye tou pre ak nou, li anndan nou menm, li mache avèk nou, li konnen chak batman kè nou. Nou kapab pale avèk li pou n di li kè kontan ak soufrans nou yo, tèt chaje ak pwòjè nou yo… Nou pap janm pou kont nou; menm lè nou nan fènwa, nou kapab pale ankò ak Bondye; chak fwa, li pral koute n.

Benediksyon pou moun ki mete konfyans li nan Granmèt la!” (Jeremi 17,7)

Chiara Lubich di konsa: Yon bon fason ki montre konfyans nou an nan Bondye, se pou n “ travay ak Li”.

Pafwa nou gen tèt chaje poutèt yon sityasyon oubyen yon moun: nou pa kapab fè anyen pou yo. Lè nou sonje yo, nou menm, nou pa kapab fè sa Bondye vle pou n fè nan moman prezan an. Pa ekzanp, nou ta swete pou n kanpe bò kote yon moun nou renmen anpil la paske li soufri, oubyen paske li travèse yon eprèv, oubyen paske li malad. Nou pa konn jwenn yon solisyon pou yon sityasyon difisil; nou pa konn ede pèp yo ki nan lagè, moun ki refijye yo, moun ki grangou yo… Nou pa kapab; men se yon bon moman pou n mete konfyans nou nan Bondye, yon konfyans total, kapital. Chiara Lubich bay kèk ekzanp:”Mwen pa ka fè anyen pou moun sa a, pou sityasyon sa a… Ebyen, Granmèt, mwen menm, m pral fè sa ou vle pou m fè nan moman sa a: etidye byen, travaye byen, lapriyè byen, edike byen pitit mwen yo… E Bondye li menm pral sonje yon solisyon pou sityasyon difisil sa a, pou l soutni moun k’ap soufri a,…” E aprè tou sa, Chiara di yon dènye bagay: “ Sa, se yon travay avèk Bondye, nan yon kominyon nèt ale; li mande nou yon gwo lafwa nan renmen Bondye pou pitit li yo, yon lafwa kote Bondye kapab konte sou nou poutèt fason n’ap aji.”

Konfyans sa a, nou menm ak Bondye, pral fè mèvèy: kote nou pa t kapab fè anyen, Bondye ka aji ak siksè, pi plis pase nou. Bondye pral rekonpanse zefò konfyans nou an; lavi pa nou pral genyen yon pi bon kalite; nou pral an kontak ak Sila ki pap janm fini an.

“Benediksyon pou moun ki mete konfyans li nan Granmèt la!” (Jeremi 17,7)

N’ap koute Rina, yon madanm, granmoun, ki toujou lakay li paske li pa kapab sòti. Telefòn nan sonnen. Se yon madanm granmoun, menm jan avè l, ki zanmi l e ki rele l. Depi anpil tan, Rina te voye l chak mwa Pawòl lavi a. Frè madanm sa a, grav; e Madanm sa a pa konn kisa li kapab fè pou frè li; epi paske se nan moman vakans yo, se difisil pou l jwenn yon moun ki ka ede l; sitou paske nan dènyè lane sa yo, frè li a te viv tankou yon vagabon. Rina di: “Mwen santi doulè madanm sa a, e mwen menm tou, tankou li, mwen pa kapab fè anyen. Kisa pou m fè mwen menm? Mwen lwen madanm sa a; mwen toujou chita isit nan fotèy mwen. Mwen ta renmen di omwen yon ti pawòl pou soutni l, men m pa jwenn menm yon ti mo; mwen kapab di sèlman ke mwen sonje l epi sitou ke mwen lapriyè pou li.

Aswè a, lè moun yo ki rete avè m lakay nou, yo rive sot nan travay, nou tout ansanm, nou mete nan men Bondye sityasyon sa a epi nou mete nan kè li pè nou yo ak tèt chaje nou yo. Lannwit, mwen reveye e mwen sonje vagabon sa a, ki pou kont li, ki pou l mouri; mwen dòmi ankò epi mwen reveye ankò: chak fwa mwen di Bondye Papa: “Se pitit ou li ye; ou pa kapab lage l; pran swen l.”

Apre kèk jou, telefòn nan sonnen. Se zanmi m ki rele m; li di ke jou sa a, apre l te rele m, li te santi yon gwo kè poze. Epi li mande m: eske ou konnen ke yo t’ap pote frè mwen nan lopital? Yo t’ap ede l epi yo t’ap soulaje l sot nan soufrans li yo. Poutèt anpil doulè li te sibi, li te pare pou l ale kote Bondye; li t’ap pare ankò pi plis lè l te resevwa lekaristi a, epi li te mouri.

Nan kè m, mwen anvi di: “Mèsi Granmèt» e m santi pi plis konfyans nan Bondye.”

P. Fabio Ciardi e Gabriella Fallacara

01/01/2007

«Li fè tout bagay byen, li fè moun soud tande, li fè moun bèbè pale.» (Mak 7,37)

Imlazi: se yon katye nan youn pami gwo vil yo nan pèyi Lafrik Disid; katye sa a te debite nan lanne yo alantou 1950 ak nèg ras nwa yo. Nan katye sa a , sa manke lekòl yo, lopital yo, pak pou jèn yo jwe boul; pa gen kay pou yo rete alèz ak diyite; pa gen travay; dekwa pou abi ak vyolans devlope, epi sida frape anpil moun nan popilasyon an; anpil moun soufri pou kont yo, yo pa ka pale sou tray yo.

Kisa pou reskonsab yo kapab fè? Kominote kretyen yo tap deside «kase silans lan», pou yo koute chak moun, pou yo louvri yon dyalòg, pou yo mete tèt yo ansanm e konsa pou yo tout ansanm pote difikilte pa yo pi byen. Yo tap komanse ak jèn yo; byen vit, yo tap rive kreye yon bon rapò avèk yo.

Apre sa, pandan senmenn lapriyè pou linite kretyen yo (senmenn ki sot nan jou 18 janvye a,

rive nan 25) kretyen Imlazi yo te pwopoze moso levanjil Mak la, kote Pawòl lavi a pou mwa sa a soti; yo ta vle pou kretyen yo mete l an pratik, kote yo ye sou tè a.

Men de bagay nou kapab li nan «Gid senmenn lapriyè pou linite kretyen yo, lanne 2007»: n’ap lapriyè: se pou tout kretyen ansanm vin tounen youn! epi n’ap lapriyè ankò: se pou moun ki soufri yo jwenn yon solisyon.

Jezi te an vwayaj; yo te mennen yon moun soud ba li; moun sa a te bèbè tou. Jezi te geri l lè li te di l «Effata», sa vle di:«Louvri». Moun yo ki te wè mèvèy sa a te sezi; yo t’ap di:

«Li fè tout bagay byen, li fè moun soud tande, li fè moun bèbè pale.» (Mak 7,37)

Mirak Jezi yo ap montre renmen l pou moun li rankontre yo; epi yap anonse yon nouvo fason Jezi pote sou tè a pou moun yo kapab viv: Jezi te geri yon moun ki soud e ki bèbè, se paske Jezi ap vini pou nou kapab tande e pale ak yon jan ki nouvo.

«Effata»: sa se pawòl pè a te pwononse sou nou nan moman batèm nou an.

«Effata»: ak pawòl sa a, Jezi louvri zorèy nou pou nou kapab tande Pawòl Bondye a e pou n kite l antre nan nou.

«Effata»: ak pawòl sa a, Jezi envite nou pou nou koute lòt yo (tout moun, sitou sila yo ki pi piti yo, pòv yo, moun ki nan bezwen yo). Jezi envite n pou n debite yon dyalòg, nou ka rele l «dyalòg-renmen», kote n’ap pataje avèk lòt yo fwi levanjil la nan pwòp lavi pa nou.

Poutèt Jezi avèk nou, poutèt li fè anpil mèvèy nan nou, nou kapab di l mèsi epi nou kapab di byen fò, menm jan ak foul la nan tan Jezi a:

«Li fè tout bagay byen, li fè moun soud tande, li fè moun bèbè pale.» (Mak 7,37)

Kijan nou pral viv Pawòl lavi sa a?

Si zorèy nou fenmen, nou dwe louvri yo; epi nou dwe anpeche bwi a nan nou menm e alantou, pou nou koute vwa Bondye a, vwa konsyans nou an, vwa frè ak sè nou yo.

Tout kote, moun yo ap mande nou pou nou ede yo: yon timoun ki mande atansyon pa nou, yon mesyè marye avèk madanm marye li paske yo gen difikilte, yon moun ki malad, yon gran moun ki pou kont li, yon prizonye ki bezwen asistans. Nou tande rèl moun ki nan vil yo e ki konbat pou yon vil kote yo pral kapab viv pi byen; nou tande rèl moun ki nan travay e k’ap tann yon jistis pi bon; nou tande rèl kèk pèp oubyen kèk gwoup ke lòt yo pa vle konnen ankò… Souvan, nou kite bagay amize nou tankou jwèt, men, zorèy kè nou pa koute frè ak sè nou yo ki bò kote nou. Pafwa ankò, nou fenmen pòt kè nou, paske nou vle fè kòm si nou pa tande anyen.

Pawòl lavi a mande n pou n koute lòt yo, pou n pote avèk yo tèt chaje ak chay yo,

kè kontan ak espwa yo, pou n mete tèt nou ansanm ankò. Lè nou anvi pe bouch, pawòl lavi a envite n pou n kenbe kouraj e pou n pale, pou n pataje ak lòt yo sa nou viv e sa nou kwè, pou n pale anfavè moun yo «ki pa gen vwa», pou n fè yon zak rekonsilyasyon, pou n pwopoze kèk bon lide, kèk bon solisyon, kèk lòt bon fason.

E si nou santi ke nou pa alawotè, si nou sonje ke nou pa kapab, se pou nou kwè ke Jezi te louvri zorèy ak bouch nou.

«Li fè tout bagay byen, li fè moun soud tande, li fè moun bèbè pale.» (Mak 7,37)

Men yon eksperyans Lisi Sara te viv nan pèyi Lafrik Disid. Ak fanmi li, li te ale viv nan vil Dirban. Lisi te jwenn yon sityasyon nouvo: lavi a nan yon vil ki gwo, yon travay nouvo, yon plas chèf (nan tan sa a, yo te rele l «apartheid», yo pat bay yon madanm nwa valè ak reskonsabilite)

Yon jou, nan faktori, Lisi te wè anpil moun ki tap komanse gen opresyon (as), poutèt yo tap respire yon lè ki pa bon nan faktori. Anpil moun tap soti nan faktori; anpil lòt yo absan nan travay pandan anpil mwa.Lisi tap pale sa avèk yon chèf ki dezyèm reskonsab nan faktori a: Lisi mande pou direksyon an enstale yon aparèy kapab pwòpte lè ki pa bon; men, enstalasyon sa a pral depanse anpil lajan, dekwa pou chèf la refize l.

Lisi te konn viv Pawòl lavi a kote li tap jwenn kouraj ak limyè. Pandan negosyasyon yo, li te kapab kenbe kè poze e koute byen sa chèf yo tap pale. Li menm menm li rakonte: «Nan moman sa a, Bondye te ba m pou m di kèk pawòl ki korèk anpil pou defann moun yo «ki pa gen vwa». Direksyon an te rive konprann ke depans pou pwòpte lè a pral bay ouvriye yo kondisyon pi bon pou yo kenbe yon bòn sante, epi konsa, ouvriye yo pa absan nan travay poutèt maladi a.» Dirèksyon an te aksepte enstalasyon an. Yo tap enstale yon aparèy pou pwòpte lè a, e byen vit, maladi opresyon an (as) te fè bak sot nan 12, rive nan 2 %; konsa tou, absans nan travay te fè bak tou. Direksyon an te di Lisi mèsi, epi li te bay Lisi yon gwo rekonpans. Ouvriye yo genyen kè kontan, e kounyeya nan faktori a, yo respire yon «lè» nouvo, nouvo pou kò a, nouvo pou lespri a, nouvo pou bon relasyon an nan pami moun yo.

Chiara Lubich