01/12/2009

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

Limyè a parèt nan « sa nou fè ki bon ». Lap klere nan sa kretyen yo fè ki bon.
Men ou kapab di : se pa sèlman kretyen yo kap fè bagay ki bon. Gen lòt moun tou kap ede pou bagay yo vin pi bon, kap bati kay, kap goumen pou jistis la rive…
Ou gen rezon. Men si yon kretyen kapab fè epi si li dwe fè tout bagay sa yo, se pa sa kap fè l kretyen vre. Li bezwen fè « sa ki bon » avèk yon lespri ki nouvo, yon lespri kap fè se Kris la kap viv nan li menm, se pa li menm sèl.
Sèke levanjil la pa vle di pou moun yo fè sa ki bon de tanzantan konsa (vizite moun ki nan prizon, bay moun ki toutouni rad, oubyen tout kalite bon bagay moun yo kapab fè pou ede lòt yo nan sosyete jodi a) men li vle di pou kretyen an fè sa Bondye vle nèt ale dekwa pou tout lavi li tounen yon bagay ki bon.
Si kretyen an konn fè konsa, lap vin « klè » epi konpliman yo va fèt pou sa l lap fè a, men se pa li menm menm yap jwenn, se Kris la kap viv nan li menm epi Bondye, pa lentèmedyè li, va prezan sou tè a. Sa kretyen bezwen fè se kite limyè a parèt nan li menm pou l kapab vin yon « siy » prezans Bondye nan mitan moun yo.

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

Si sa yon moun fè ki bon kapab fè Bondye prezan, kominote kretyen yo genyen menm wòl nan mitan sosyete a : montre nan lavi li prezans Bondye ki la kote de oubyen twa moun rasanble sou non l, prezans sa Jezi te promèt Legliz li a jous nan finisman tan yo.
Legliz ki te nan kòmansman te bay pawòl Jezi sa yo anpil konsékans. Sitou nan tan difisil yo, lè moun yo tap di tout kalite bagay sou kretyen yo Legliz la tap ankouraje yo pou yo pat reyaji avèk britalite. Fason pou yo tap konpòte te kapab pi bon fason pou yo montre sa moun yo te konn di sou kont yo pat vre.
Nou kapab li nan lèt Tit la : « Se pou n ensiste kot jèn jan yo pou yo kenbe tèt yo. Nan tout sikonstans, se pou w prezante tèt ou kòm egzanp nan bonjan kondwit pa w, avèk yon lansèyman ki san defo, ki serye, yon pawòl ki kòrèk, san l pa gen anyen pou yo repwoche l. Konsa, lenmi an pap jwenn anyen ki mal pou l di kont nou. » (Tit 2, 6-8.)

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

Se lavi kretyen konn viv ki pi bon limyè jodi a tou pou pote moun yo kot Bondye.
Kite m ba w ton ti istwa.
Antonyèta te fèt nan Sadeny, men pou l kapab travay, le te ale Grenòb, nan peyi Lafrans.
Li tap travay nan yon biwo kote moun yo pa two cho pou yo travay. Paske se kretyen li te ye, li te konn wè nan chak moun Jezi li te kapab ede. Li te ede tout moun epi li te toujou trankil epi li tap souri.
Detanzantan gen moun ki fache, li pran rele epi li vide kè l sou li antan lap manke l dega: « Depi w vle travay, se pou w ekri travay sa pou mwen! »
Li pe bouch li epi li kontinye travay. Li konnen moun sa yo yo pa mechan. Chak moun gen tèt chaje pa yo.
Yon jou, reskonsab biwo a ale bò kote l antan lòt yo pa la epi li di l konsa « Koulye a w bezwen di m kijan ou fè pou pa janm pèdi pasians epi pou souri toutan ». Antonyèta chèche evite kesyon an nan di konsa: « Mwen chèche rete trankil epi pran bon kote ki nan bagay yo ».
Reskonsab biwo a bay yon kout pwen sou tab la epi li di konsa : « Non, Bondye ladan sèten, otreman se pa posib! Poutan mwen pat kwè nan Bondye! ».

Apre kèk jou, yo rele Antonyèta nan direksyon an. Yo di li yap voye l nan yon lòt biwo « pou l kapab chanje l menm jan li te fè kote li te ye a ».
« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou papa nou nan syèl la .»

Kyara Libik

01/11/2009

“Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a” (Mt 19,24).


Eske Pawòl sa fè w sezi?

Ou gen rezon rete nan dout epi panse kisa ou bezwen fè. Jezi pat di anyen konsa konsa. Ou bezwen pran pawòl sa oserye, san ou pa chèche fè l pèdi fòs li a.

Men an nou chèche vre sans li nan men Jezi li menm menm, dapre fason li te konn konpote avèk moun ki rich yo paske li te konn frekante moun ki te alèz yo tou. Li di Zache, ki te bay sèlman mwatye nan sa l te genyen: delivrans lan antre nan kay sa a.

Nan Travay Apòt yo tou, yo di nan premye Legliz la moun yo te lib pou yo mete ansanm sa yo te gen an epi yo pat oblije lage sa yo te genyen an.

Jezi pat gen nan lide li pou l fòmen yon kòminote ak moun ki tap kite tout richès yo sèlman.

Poutan li di konsa:

Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a.

Kisa Jezi vle kondane lè sa? Se pa byen latè yo nan yo menm, men moun ki rich epi ki gen atachman pou yo.

Pou kisa?

Sa parèt aklè: tout bagay yo se pou Bondye epi rich la li konpòte tankou si se te pou li menm sèl.

Nou konnen richès yo pran plas Bondye nan kè moun yo fasil epi yo fè moun yo vin avèg epi yo kondwi yo nan tout kalite vis. Apòt Pòl te ekri: “Moun kap chèche vin rich, yo tonbe nan anpil lokasyon bite, nan pyèj, nan anpil anvi ki deregle, ki nwisib, bagay kap plonje yo nan lanmò, pou fè yo disparèt. Rasin tout malè, se renmen lajan. Moun ki kite anvi sa a pran tèt yo, yo pèdi chemen lafwa a, yo jwenn anpil soufrans ki travèse yo” (1 Tim 6,9-10).

Platon te gentan di deja: “Li pa posib pou yon moun debyen anpil li rich anpil tou”.

Kijan moun ki genyen an dwe konpòte? Li bezwen pou kè l lib, pou l louvri sou Bondye nèt ale, pou l santi li jeran sa li genyen epi li konnen li gen yon ipotèk sou li pou sosyete a, tankou Janpòl II te di an.

Byen latè yo se pa bagay ki pa bon nan yo menm, nou pa bezwen meprize yo, men fòk nou konn sèvi byen ak yo.

Se pa si tèlman men an, men se kè a ki dwe rete lwen yo. Nou bezwen konnen kijan pou n sèvi avèk yo pou sèvis lòt yo.

Moun ki rich la se pou lòt yo li rich.

Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a.

Petèt ou kapab di: mwen pa rich menm se poutèt sa pawòl sa yo se pa pou mwen yo ye.

Atansyon. Gade keksyon patizan yo, sezi, te fè Jezi touswit apre li te di sa: “Ki moun ki kapab sove?” (Mt 19,25). Sa vle di aklè pawòl sa yo se yon ti kras pou tout moun yo ye.

Menm yon moun ki te kite tout bagay pou l swiv Jezi kè li kapab mare ak yon pakèt bagay. Menm pòv la kap joure moun kap manye sak li a, li kapab rich devan Bondye.


Kyara Libik

01/10/2009

“Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou” (Lk 21,19).

“Pèseverans”. Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans.
Pèseverans lan li nesesè, li obligatwa lè yon moun soufri, lè yo tante l, lè li gen tandans pou l dekouraje, lè li santi vye bagay lemonn atire l, lè yo fè l pase tray.
Petèt ou menm tou w te pase anba omwen youn nan sityasyon sa yo epi w te santi si w pat gen pèseverans ou te kapab tonbe. Petèt kèk fwa w te lage. Oubyen petèt koulye a ou nan youn nan sityasyon difisil sa yo.
Enben, kisa pou w fè?
Se pou w rekòmanse epi… kenbe.
Otreman ou pa kapab di se kretyen ou ye.
Ou konnen: moun ki vle swiv Jezi, li bezwen pran lakwa li chak jou, li bezwen renmen soufrans lan omwen nan volonte li a. Vokasyon kretyen an se yon vokasyon pou l kenbe.
Apòt Pòl te montre kòminote li a pèseverans lan se te siy yon kretyen tout bon vre. Li mete l sou menm pye ak mirak yo.
Si wap renmen lakwa epi si wap kenbe, wap swiv Kris ki nan syèl la epi wap sove lavi w.

“Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou.”

Gen de kalite moun: moun kap tande envitasyon pou yo vin kretyen tout bon vre men envitasyon sa tonbe sou wòch la. Yo byen cho, tankou yon dife ki pase nan raje, epi pa gen anyen ki rete.
Dezyèm nan okontrè resevwa envitasyon tankou yon bon jan teren kap resevwa semans lan. Epi lavi kretyen yo jèmen, li grandi, li depase difikilte yo, li kenbe anba tanpèt yo.
Yo genyen pèseverans epi... “Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou.”
Men si w vle kenbe se pa kont pou w chita sou pwòp fòs ou yo. Ou bezwen pou Bondye ede w.
Pòl di Bondye se “Bondye ki bay pèseverans”.
Se li menm ou bezwen mande kado sa epi li va ba w li.
Paske si se kretyen ou ye, se pa kont pou w batize, pou w fè kèk ti lapriyè, oubyen pou w fè lacharite de tanzantan. Ou bezwen grandi tankou kretyen. Epi grandi sa nan lespri a li pa ka rive si se pa nan mitan eprèv yo, soufrans yo, baryè yo, konba yo.
Gen moun ki konn kenbe, se moun ki renmen. Renmen an pa wè baryè yo, difikilte yo, sakrifis yo. Pèseverans lan se renmen ki pase anba eprèv yo.
Manman Mari te konn kenbe.
Mande Bondye pou l limen renmen pou li nan kè w epi pèseverans devan tout difikilte lavi yo a va vini epi konsa w va sove lavi w.

“Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou.”

Men gen yon lòt bagay anplis. Pèseverans lan se yon bagay ki atrapan. Yon moun ki gen pèseverans bay lòt yo kouraj pou yo ale jous nan bout nèt.
Ann gade anlè. Se yon sèl grenn lavi nou genyen epi li byen kout. Ann sere dan nou jou apre jou, ann pran difikilte yo youn apre lòt pou n swiv Jezi… epi nou va sove lavi nou.

Kyara Libik

01/09/2009

“Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li: epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis” (Mt 6,33).


Tout levanjil la se yon revolisyon. Nanpwen pawòl Kris la ki sanble ak pa moun yo. Koute sa: “Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li: epi tout bagay sa yo (sa nou bezwen pou lavi a) yap ba nou yo an plis”.

Premye bagay kap chage tèt moun yo an jeneral se chache avèk enkyetid sa yo bezwen pou yo kapab viv. Petèt se konsa pou w menm tou. Enben, Jezi mete w devan “fason pa l” pou wè epi li ofri w fason pal pou w aji. Li mande w yon konpòtman ki diferan nèt ale ak sa moun yo konn fè epi se pa sèlman pou yon fwa men pou toutan. Men sa li ye: chache tou dabò rèy Bondye a.

Lè wap dirije tèt ou bò kote Bondye ak tout kè w epi wap fè tout sa w kapab pou l wa ou menm ak tout lòt yo (sa vle di pou l mèt lavi w pa lentèmedyè règleman li yo), lè sa Papa va ba w tout sa w bezwen jou apre jou.

Okontrè, si an premye wap chaje tèt ou ak pwòp tèt ou, wap rive pran ka dabò byen latè epi wap tonbe anba anpil traka. Wap rive wè nan byen latè yo vre pwoblèm “pa w”, kote tout jefò w yo ale. Lè sa wap gen tandans pou w konte sèlman sou fòs ou yo san ou pa kite plas pou Bondye.

“Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li: epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis.”

Jezi chanje sitiyasyon sa a. Si sa k vini an premye nan tèt ou se Bondye, viv pou li, tout lòt bagay yo pap pi gwo pwoblèm pou w ankò, yap vini tankou yon bagay “an plis”.

Eske se yon rèv? Eske se yon bagay ki pa ka reyalize pou w menm, moun kap viv jodi a, nan lemonn sa kote gen konpetisyon epi kriz ekonomik yo? Sonje sèlman difikilte moun Galile yo te genyen pou yo viv. Yo pat si tèlman mwens pase pa w yo lè Jezi te di pawòl sa yo.

Se pa si tèlman yon kesyon rèv, men Jezi mande w pou w chwazi sa k pi konsekan pou lavi w: oubyen wap viv pou pwòp tèt ou, oubyen wap viv pou Bondye.

An chache konprann pawòl sa a: “Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li: epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis.”

Jezi pa mande w pou w pa fè anyen, pou w rete ap tann sa w bezwen pou viv, pou w pa reskonsab epi pou w pa pran travay pa w oserye.

Jezi vle chanje “chaje tèt” nan “pran ka” etan l ap retire enkyetide, pèrèz, traka.

Sèke li di konsa: “Chache tou dabò rèy …”.

Epi “tou dabò” vle di “anlè tout bagay”. Chache rèy Bondye a vini an peremye sa pa vle di kretyen an pa dwe pran ka sa li bezwen pou l viv.

“Chache rèy Bondye epi jistis li” vle di aji dapre sa Bondye mande n pou n fè tankou Jezi te di nou nan levanjil la.

Se sèlman nan chache rèy Bondye a kretyen an va fè esperyans tousa Papa kapab fè pou li a.

Ba m di w yon ti istwa. Sa te pase depi anpil tan men li mache byen avèk Pawòl sa a. Sèke mwen konnen gen anpil jèn, gason ak fi, kap aji menm jan jèn fi te fè a.

Yo te rele l Elvira. Li te nan lise a. Li te pòv. Sèl fason pou l te kapab kontinye etid li yo se te pou l te jwenn yon bon jan rezilta. Lafwa li te fò anpil. Profesè filozofi pa l te yon ate epi anpil fwa li te konn prezante Kris la ak legliz la yon fason ki pat korèk si li pat defòme. Lè sa li te santi yon tanpèt ki tap monte anndan kè li, pa si tèlman pou li menm menm men paske li te renmen Bondye, laverite epi konpay li yo. Menm si li te konnen li te kapab resevwa yon movè nòt si li tap kontredi mèt la, sa li tap santi anndan kè li te pi fò. Chak fwa, li te konn leve dwèt li pou l te kapab pale: “se pa vre, Mèt la”. Petèt kèk fwa li pat genyen agiman pou l demanti sa mèt la tap di, men nan “se pa vre” sa, se lafwa li ki tap pase, sa k te yon kado laverite epi ki tap fè moun yo panse.

Konpay li yo, paske yo te renmen li, yo tap chache fè l konprann li pa ta dwe kontinye konsa paske sa te kapab fè l ditò. Men yo pat reyisi.

Apre kèk mwa, lè a vini pou yo bay resilta yo. Fi a tap tranble lè li pran yo. Kè l te kontan anpil: 10, pi gwo pwen li te ka jwenn.

Li te chache rèy Bondye ak laverite epi rès la te vini an plis.

“Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li: epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis.”

Ou menm tou si wap chache rèy Papa a, wap fè esperyans Bondye se Pwovidans pou tout bagay ou bezwen pou lavi pa w. Wap dekouvri kijan chemen levanjil la se yon mèvèy nòmal.

Kyara Libik

01/08/2009

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).


Eske w konnen kilè yo prezante pawòl sa nan Levanjil la? Jan, nan levanjil li te ekri a, mete l anvan Jezi pare tèt li pou l lave pye patizan-l yo epi pou l pote soufrans li.

Nan denye ti moman Jezi t-ap viv ansanm ak patizan-l yo, li montre yo yon fason ki pi fò kalite renmen san limit li te genyen pou yo.

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale. ”

Pawòl “nèt ale” vle di jous nan finisman lavi li a, jous nan dènye souf li a. Men li vle di tou li te renmen yo nèt ale san pat gen okenn limit, jous nan bout nèt.

Apre Jezi rantré nan bèlte li a, patizan yo pral rete nan lemonn. Lè sa yo va santi yo poukont yo, yo va pase anpil tray. Nan moman sa yo menm, Jezi vle pou yo sèten li renmen yo vre.

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale. ”

Eske w pa santi nan pawòl sa kalite lavi Kris la, fason pa l pou l renmen? Li lave pye patizan l yo. Renmen pa l mennen l nan sèvis sa a ki ta pou esklav yo. Jezi t ap pare tèt li pou dram Kalvè a. Li te vle bay patizan l yo ak tout lòt moun yo lavi li anplis pawòl espesyal sa yo, anplis mirak li yo, anplis tout sa li te fè a. Yo te bezwen li, pi gwo bezwen chak moun genyen: delivre yo anba peche a kap pote lanmò a pou yo rantre nan syèl la kote yo tap jwenn kè poze ak kè kontan pou lavi ki pap janm fini an.

Jezi ofri tèt li devan lanmò a etan li tap rele Papa l ki tap lage l jous li rive kapab di nan finisman: “ Tout fin reyalize ”.

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale. ”

Pawòl sa a montre nou kijan renmen Jezi a li solid paske se renmen Bondye epi li dous tankou renmen yon frè.

Nou menm tou, paske Kris la nan nou menm, nou kapab renmen konsa.

Men mwen pa ta vle si tèlman propoze w pou w mouri tankou Jezi ki te mouri pou lòt yo (lè tan an te vini). Mwen pa ta vle ba w modèl ki espesyal tankou Pè Kolbe ki te mouri nan plas yon lòt prizonye ki te ansanm avè l, oubyen Pè Damien ki te pran lalèp nan mitan moun ki te gen lalèp epi ki te mouri ansanm ak yo epi pou yo.

Petèt nan lavi pa w, yo pap janm mande w pou w bay lavi kò a pou frè ak sè w yo. Men ou mèt sèten sa Bondye mande w se pou w renmen yo jous nan bout nèt dekwa pou w kapab di: “ Tout fin reyalize ”.

Se konsa ti Cetti, yon timoun italyen 11 lane, te fè. Li te wè ti zanmi ak konpay li, Giorgina, ki te gen menm laj avè l, te gen anpil kè sere. Li eseye ba li kè kontan men li pa reyisi. Lè sa, li vle ale jous nan bout pou l konnen pou kisa kè l sere konsa. Lè papa l te mouri, manman l te kite l nan men grann li pou l ale viv ak yon lòt gason. Cetti konprann gwo pwoblèm sa epi li deside fè kichòy. Menm si l piti, li mande konpay li si li kapab pale ak manman l, men Georgina mande l pou l ale ansanm avè l sou tonm papa l. Cetti swiv li ak anpil renmen epi li tande Giorgina kriye epi mande papa l pou l vin chache l.

Kè Cetti kraze. Kote sa, genyen yon ti legliz an movezeta, yo rantre anndan l. Sèl sa k rete se yon tabènak ak yon krisifi. Cetti di konsa: “Gade, nan lemonn sa a, tout bagay va kraze, sèl sa kap kenbe se krisifi sa ak tabènak sa”. Giorgina, siye dlo nan je l epi li reponn: “ Se vre, ou gen rezon!”. Apre sa, Cetti ak anpil delikatès pran men Giorgina epi yo ale ansanm bò manman l.

Lè li rive lakay li di avèk anpil kouraj: “ Gade, madanm, bagay sa yo se pa zafè pa m, men mwen kapab di w ou te lage pitit ou san li pa gen renmen manman li bezwen an. Epi mwen di w, ou pap janm gen kè poze tout tan ou pap pran li ansanm avèk ou epi w pap regrèt sa w te fè a ”.

Nan demen, ak anpil renmen, Cetti ankouraje Giorgina li rankontre nan lekòl la. Men gen yon bagay nouvo ki rive: yon machin vin pran Giorgina epi se manman li kap kondwi l. Depi lè sa, machin nan vini paske koulye a Giorgina ap viv ansanm ak manman l ki te kite gason sa a.

Dapre aksyon Cetti a, kit li piti kit li gwo, nou kapab di: “ Tout fin reyalize ”. Li te byen fè tout bagay, jous nan bout nèt. Li te reyisi.

Sonje yon ti kras. Konbyen fwa ou te kòmanse ede yon moun epi w te lage l etan ou tap pe konsyans pa w avèk yon pakèt eskiz? Konbyen bagay ou te kòmanse avèk anpil dife nan kè w epi ou pat fini yo paske w te jwenn tray oubyen ou te kwè pwoblèm yo te pi fò pase fòs ou?...

Men leson Jezi ba w jodi a:

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale. ”

Se pou w fè konsa.

Epi si yon jou Bondye ta mande w lavi w vre, ou pa ta ezite fè l. Mati yo te konn ale nan lanmò an chantan.

Rekonpans ou pral jwenn se pi gwo bèlte a paske Jezi te di nanpwen pi gwo renmen pase sila kap bay san li pou zanmi l yo.

Kyara Libik

01/07/2009

“Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi” (Lk 12, 33).

Ou jèn ankò? Ou vle viv yon kalite lavi ki mache byen avèk lide w yo pou w bay pwòp tèt ou nèt ale? Koute Jezi. Pèsòn pap janm egzijan tankou li menm. Ou gen chans pou w temwen lafwa w, pou w bay prèv ou gen bon kè jous nan bout nèt.
Se granmoun ou ye? Ou vle yon lavi ki reskonsab, ki angaje men ki ansekirite? Ou menm se vye granmoun ou ye epi w pa vle viv dénye lane w yo nan tèt chaje men mete tèt ou nan men yon moun ki pap ba w manti? Pawòl Jezi sa a li bon pou w tou.
Pawòl sa vini nan finisman yon koze kote Jezi di w pa bezwen chaje tèt ou avèk sa w-ap manje oubyen ak kisa w-ap abiye tankou boustabak yo ak lis yo ki pa simen epi ki pa fè twal. Ou dwe debarase ak tout tèt chaje pou byen latè yo paske Papa a renmen w pi plis pase boustabak yo ak lis yo. Se li menm k-ap sonje sa.
Se poutèt sa li di:

“Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi.”

Levanjil la, kit se yon grenn pawòl kit se tout, mande moun yo pou yo bay tout sa yo ye epi tout sa yo genyen.
Bondye pat mande si tèlman anvan Kris la vini. Ansyen Kontra a t-ap konsidere byen latè a epi tout richès la tankou benediksyon Bondye. Si li t-ap mande fè moun ki nan bezwen an lacharite se te pou yo kapab jwenn kichòy nan men Bondye ki konn fè tout bagay.
Pita nan mitan Jwif yo, moun yo te vin panse yo te kapab resevwa yon rekonpans nan lavi ki pap janm fini an. Yon wa te reponn yon moun ki t-ap blame l dèske li t-ap gaspiye byen li yo: “Zansèt mwen yo te ranmase trezò pou bò isit la, men mwen menm mwen te ranmase trezò pou lòt bò a”.
Sa ki espesyal nan pawòl Jezi sa a sèke li mande tout bagay nèt ale. Li vle pou w tounen yon pitit ki pa gen tèt chaje pou sa k sou tè a: yon pitit ki chita sur li menm sèl.
Li konnen richès la se yon gwo baryè pou w, paske li chaje tèt ou alòske li vle pou se li menm sèl k-ap pran tout plas nan kè w. Kanta pou rès la:

“Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi.”

Si w pa kapab kite byen w yo paske genyen lòt moun sou kont ou oubyen poutèt travay w ap fè a ou dwe detache kè w epi konsidere tèt ou kòm administratè byen sa yo sèlman. Konsa etan w ap pran ka byen ou genyen yo, w ap renmen lòt yo epi, etan w ap administre yo pou lòt yo, w ap pare yon trezò mit pap detwi ni volè yo pap jwenn.
Men èske w sèten ou bezwen kenbe yo tout? Koute vwa Bondye anndan kè w, pran konsèy si w pa kapab deside sa k pou fèt. Ou va wè tout sa w genyen san ou pa bezwen yo. Pa kenbe yo. Bay, bay moun ki pa genyen. Mete an pratik pawòl Jezi a: “Vann… epi fè lacharite”. Konsa w ap fè bous ki pap vye pou w.
Li sèten pou w kapab viv sou tè a ou bezwen pran ka lajan ak byen latè yo. Men sa Bondye vle se pou w pran ka yo san ou pa chaje tèt ou. Pran ka ti kras ou bezwen pou w viv dapre kondisyon pa w la.
Kanta a sa k rete:

“Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi.”

Pòl VI te pòv tout bon. Li te montre l nan fason li te vle pou yo antere l: yon sèkèy ki tou senp nan latè beni. Ti kras anvan li mouri, li te di frè-l la: “ Malèt mwen yo pare depi lontan pou gwo vwayaj sa a.”
Se sa w dwe fè w menm tou: pare malèt ou yo.
Petèt nan tan Jezi, se sa yo te rele bous. Pare yo jou apre jou. Plen yo pi plis ou kapab ak tout sa ki kapab ede lòt yo. Se sa w ap bay k’ap fè w vin rich. Sonje tout moun ki grangou sou tè a, k’ap soufri epi ki nan bezwen…
Mete nan bous yo tout ti jès renmen, tout sa w ap fè pou frè w yo.
Fè tout bagay sa yo pou Bondye. Di li nan fon kè w: se pou w. Fè yo pi byen ou kapab. Y ap prale nan syèl la pou tout tan gen tan.

Kyara Libik

01/06/2009

“Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi ...” (Jn 15,5).

“Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen” (Jn 15,5).

Eske w kapab imajine yon branch ki separe ak pye rezen an? Li pap kenbe, li pa gen espwa, li pa bay anyen sèl sa ki pou fèt se koupe l epi jete l nan dife.
Sonje kalite lanmò lespri a k-ap tann ou si tankou kretyen ou pa rete nan Kris la. Sa fè kè w sote! Menm si w-ap travay depi nan maten jous nan aswè, menm si w kwè w itil moun yo, menm si zanmi w yo bat men pou w, menm si w gen anpil lajan, menm si w-ap fè yon pakèt jefò, sa pap bay anyen. Tout bagay sa yo kapab gen sans sou tè a men yo pa gen okenn valè pou Kris la epi pou lavi ki pap janm fini an. Epi se sila a ki pi konsekan.

“Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.”

Kijan ou kapab rete nan Kris la epi Kris la nan ou menm? Kijan pou w se yon branch vèt ki gen fòs epi ki fè youn avèk pye rezen an?
Anvan tout bagay, ou bezwen Kwè nan Kris la. Men se pa kont. Lafwa w dwe parèt nan lavi w. Sa vle di w dwe viv dapre lafwa sa a nan fason w-ap mete pawòl Jezi yo an pratik.
Konsa w pa kapab neglije mwayen Kris la te ba w pou w kapab ret nan tèt ansanm avè- l oubyen refè tèt ansanm sa a.
Anplis Kris la pap santi w byen mare sou li si w pap fè jefò pou w byen djanm nan kòminote legliz la.

“Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.”

“Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li”
Ou wè kijan Kris la pale sou tèt ansanm ou menm avèk li menm epi li menm avèk ou menm tou? Si w nan tèt ansanm avèk li epi li menm avèk ou, li prezan nan fen fon kè w. Se sa kap tabli yon bon jan relasyon nan youn renmen lòt epi nan fè yon ti pale ak lòt, yon tèt ansanm ant Kris la epi ou menm ki se patizan li.
E kisa k ap rive: pote anpil fwi tankou yon branch ki byen mare sou pye a pote grap rezen ki gen bon gou.
“Anpil fwi” vle di w-ap tounen yon bon jan temwen kote w ye a, w-ap kapab louvri je anpil moun pou yo resevwa Pawòl Kris la te di yo ki kapab chanje lavi moun yo epi w va kapab ba yo fòs pou yo viv yo.
“Anpil fwi” vle di tou w-ap kapab fè oubyen ede fè anpil bagay, kit yo piti kit yo gwo, pou w soulaje bezwen moun yo dapre kado Bondye te ba w.
“Anpil fwi” vle di “anpil” pa “tikal”. Sa kapab vle di w-ap kapab pote moun ki bò kote w yo yon kouran bonkè, tèt ansanm ak renmen.

“Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.”

Men “anpil fwi” pa vle di sèlman byen lespri ak kò lòt moun yo men pa w yo tou.
Sèke sé tèt ansanm ou genyen avèk Kris la k-ap fè w grandi anndan kè w pou w ka vin sen.
Vin sen. Petèt pawòl sa yo nan nan tan n-ap viv la w kapab panse se kichòy ki depase, ki pa itil, ki se yon rèv. Se pa konsa. Tan n-ap viv la va pase ansanm avèk fason pou n wè ki pa kòrèk, ki nan èrè, ki kapab chanje. Se sèl laverite k-ap rete.
Sa fè demil lane, Apòt Pòl te di aklè sa Bondye vle se pou tout kretyen yo vin sen. Terèz Davila, moun save nan Legliz la, li te sèten nenpòt moun, menm sila ki sot nan lari a, li kapab rive byen wo nan lapriyè a. Konsil Vatikan II a di se tout pèp la Bondye rele vin sen.
Sa se vwa w mèt swiv.
Se poutèt sa, chache jwenn nan lavi w “anpil fwi” k-ap fè w vin sen. Sa posib sèlman si w nan tèt ansanm avèk Kris la.

“Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.”

Eske w te byen gade Jezi pa mande dirèk pou w pote fwi, men li wè se yon bagay k-ap vini si w-ap “rete” nan tèt ansanm avèk li?
Sa ki kapab rive sèke w-ap tonbe ou menm tou nen menm ère ak anpil kretyen: fè anpil bagay, anpil bagay, yon pakèt bagay pou w ede lòt moun yo san ou pa pran tan pou w gade si bagay sa yo, yo fèt nan tèt ansanm avèk Kris la.
Se yon èrè, si w kwè w kapab pote fwi si se pa Kris la nan ou menm, si se pa Kris la ansanm avèk ou menm k-ap pote yo.
Pou w kapab pote fwi k-ap dire, ki sanble ak Bonbye, ou bezwen rete nan tèt ansanm avèk Kris la. Pi plis w-ap rete nan tèt ansanm avèk Jezi, pi plis w-ap pote fwi.
Anplis, vèb “rete” Jezi sèvi avè l la pa si tèlman fè w sonje moman w-ap fè kichòy men se yon fason pou w viv k-ap pote fwi.
Sèke, si w konnen moun k-ap viv konsa, w-ap wè petèt ak yon ti souri, yon sèl ti pawòl, fason y-ap konpòte chak jou-a, fason y-ap reyaji devan tout sitiyasyon la vi a, yo reyisi touche kè moun yo jous yo rive kèk fwa fè yo rejwenn Bondye.
Se konsa sen yo te ye. Men ou pa bezwen dekouraje. Tout kretyen yo kapab pote fwi. Ou wè.
Ou konnen kijan jodi a etidyan yo bay politik la si tèlman plas yo pa ta vle pou moun yo ede lòt yo pou lòt rezon pase sila a.
Se nan peyi Pòtigal istwa sa te pase. Maria do Socorro, apre lise a fini, t ale nan inivètite a. Anbyans lan difisil. Anpil moun ap lite dapre lide pa yo epi yo vle rale dèyè yo etidyan yo ki poko pran pozisyon. Maria konnen byen chemen li vle swiv la menm si li pa fasil esplike l: swiv Jezi epi rete nan tèt ansanm avè l. Kondisip ki pa rekonèt li yo di se kannannan li ye san li pa gen lide. Kèk fwa li te wont lè li te rantre legliz la men li kontinye ale paske li santi li bezwen rete nan tèt ansanm ak Jezi.
Fèt Nwèl la ap vini. Maria wè nan pami yo gen moun ki pa kapab retounen lakay paske yo rete two lwen. Li pwopoze lòt konpanyon li yo fè moun ki pa ka ale lakay yo yon kado. Li sezi wè tout moun aksèpte touswit.
Pita, yo fè eleksyon nan lise a epi, mèvèy, se li menm menm yo chwazi pou reprezante moun ki menm lane avè-l. Men sa k te fè l pi sezi se lè li tande moun yo di: “ Se yon bagay ki nòmal dèske yo te chwazi w paske se w menm sèl ki gen yon lide ki klè: ou konnen kisa w vle epi kijan pou w rive jwenn li.”
Koulye a, gen kèk moun ki gen menm lide avè l epi ki vle viv tankou li menm.
Se yon bèl fwi Maria do Socorro te pote paske li te rete nan tèt ansanm avèk Jezi.
Kyara Libik

01/05/2009

“Selon pòsyon favè Bondye chak moun resevwa a, se pou l mete l nan sèvis lòt yo” (1 Pyè 4,10)


Edit te avèg depi li te fèt. Li t-ap viv yon kote ansanm ak lòt moun ki paka wè yo. Pè ki te la a te paralize, li pat kapab di lamès ankò. Se poutèt sa yo te vle retire lekaristi nan kay sa a. Edit mande Monseyè pou l kite sèl grenn limyè ki tap briye nan fènwa yo. Li resevwa pèmisyon sa epi anplis li kapab bay pè a ak lòt konpay li yo kominyon an.
Paske li te vle itil lòt yo, Edit te reyisi tou patisipe nan yon pwogram radyo kèk tan chak semèn. Li sèvi ak tan sa pou l bay moun yo sa k pi bon nan li menm: konsèy, bon jan lide, bon jan konpòtman, dekwa pou l soutni avèk esperyans pa l moun k-ap soufri yo. Edit… men mwen ta kapab di anpil lòt bagay sou li. Li avèg men soufrans lan te klere l.
Men mwen ta kapab bay yon pakèt lòt egzanp pou m montre gen moun k-ap fè anpil bon bagay san yo pa fè bri.
Edit ap viv tankou yon kretyen tout bon: li konnen chak nan nou te resevwa divès kado yo mete nan sèvis lòt moun yo.
Wi. Paske “favè” (oubyen “karis” jan yo konn di nan lang grek yo) se pa sèlman kado Bondye bay moun k-ap dirije Legliz la. Se pa sèlman tou yon kado espesyal Bondye vle bay dirèk yon moun pou l kapab ede lòt moun yo nan sityasyon espesyal ki nan Legliz la oubyen nan yon danje espesyal òganizasyon Legliz pa kapab jwenn yon repons pou li. Kado sa yo se kapab bon konprann nan, konesans lan, kapasite pou moun yo fè mirak, pou yo pale lang, pou yon moun fè yon nouvo lespri devlope nan Legliz la.
Favè yo, se pa sèlman kado oubyen karis sa yo, men gen yon pakèt lòt ki pi senp ankò anpil moun kapab genyen epi tout moun konnen paske yo wè sa yo kapab fè. Se Lespri Sen an k-ap travay.
Anplis nou kapab rele kado oubyen karis talan moun yo genyen. Tout moun genyen. Ou menm tou. Kijan nou dwe sèvi avèk yo? Kijan pou n fè yo pote fwi? Si w te resevwa yo se pa sèlman pou
pwòp tèt ou men pou lòt yo tou.
“Selon pòsyon favè Bondye chak moun resevwa a, se pou l mete l nan sèvis lòt yo.”

Gen anpil kalite kado. Chak moun gen pa yo. Sa vle di li genyen yon wòl espesyal nan kominote a.
Men ou menm menm, kisa ki favè pa w? Eske w gen yon diplòm? Ou pa t janm sonje mete l nan sèvis lòt yo yon ti tan chak semèn pou w anseye moun ki pa konnen oubyen ki pa gen lajan pou yo aprann?
Se yon moun ki gen bon kè w ye? Ou pa t janm sonje mete ansanm fòs moun ki genyen yo pou yo ede pòv sosyete a mete apa? Konsa w ta ka remèt nan kè anpil moun diyite yo genyen tankou moun.
Ou gen yon talan espesyal pou w bay moun yo kouraj? Ou konn òganize lakay ou, ou konn fè bon manje, ou konn fè kouti, ou konn fè bèl bagay ak men w yo? Gade alantou w si pa gen moun ki bezwen ou.
Kè m fè mal lè mwen wè gen moun k-ap chache kisa pou yo fè avèk tan yo genyen an. Nou menm kretyen, nou pa gen tan pou n pèdi toutotan gen moun sou tè a ki malad, ki grangou, ki nan prizon, ki pa konn li, ki gen dout, ki gen kè sere, k-ap pran dwog, ki òfelen, ki vèv…
Epi lapriyè a? Eske se pa yon kado estraòdinè w kapab sèvi avè-l depi w kapab pale ak Bondye ki toupatou nenpòt kilè?

“Selon pòsyon favè Bondye chak moun resevwa a, se pou l mete l nan sèvis lòt yo.”

Eske w ka imajine kisa Legliz ta kapab tounen si tout kretyen yo, timoun kon granmoun, t-ap fè tout jèfò pa yo pou yo pataje ak lòt yo kado yo te resevwa yo?
Renmen moun yo genyen youn pou lòt ta tounen yon bagay moun yo kapab wè, ki si tèlman devlope, si tèlman fò […] tout moun yo ta kapab rekonèt patizan Jezi Kri yo.
Pou kisa w pa ta fè tout sa w kapab pou w rive jwenn yon résilta ki si tèlman bèl?
Kyara Libik

01/04/2009

“Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive” (Mt 24,42).


Eske w te reyalize kijan ou pa konn viv lavi pa w men ou toujou ap rale l dèyè w paske w ap tann yon bagay k ap vini “apre”, kote w ta dwe jwenn yon bagay ki “bèl” la?

Sèke genyen yon “apre ki bèl” k ap vini. Men se pa sila w ap tann nan.

Genyen yon kichòy Bondye te mete nan kè w k ap fè w toujou ap tann youn moun oubyen yon bagay ki kapab fè kè w kontan. Petèt ou ka sonje yon fèt, yon bon ti tan, yon rankont espesyal… Men apre sa, kè w pa kontan ankò oubyen di li pa kontan nèt ale. Epi konsa w ap kontinye piti piti viv san ou pa konnen kote pou w ale, ou toujou ap tann.

Anverite, nan tout sa ki kapab rive nan lavi w, gen yon bagay pyès moun pa kapab chape anba li, se rankont bab pou bab ak Bondye k ap vini. Men sa k “bèl” w ap chache san w pa konnen, paske w fèt pou w viv nan kè kontan. Epi kè kontan nèt ale a se li menm sèl ki kapab ba w li.

Jezi, paske li konnen kijan, mwen men epi ou menm, se avèg nou ye nan chache n ap chache li a, li di nou konsa:


“Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive.”


Se pou nou rete ap veye. Se pou nou veyatif.

Paske nan pami yon pakèt bagay ou pa kapab sèten sou tè a, gen youn ou pa kapab doute sèke yon jou w va mouri. Pou kretyen an sa vle di parèt devan Kris k-ap vini an.

Sa kapab vini deske ou menm tou ou nan pami moun k-ap fè tout sa yo kapab pou yo bliye lanmò a. Ou pè moman sa a epi w-ap viv tankou si li pa ta egziste. W-ap di sa nan fason w-ap chouke byen chouke rasin ou yo nan tè a: lanmò a fè w pè kidonk li pa egziste. Okontrè lè sa a va vini paske Kris la va vini ou mèt sèten.


“Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive.”


Ak pawòl sa yo Jezi vle di nou li va vini nan dènye jou. Menm jan li te monte nan syèl la sot nan mitan apòt li yo, menm jan tou li va tounen.

Men pawòl sa yo vle di tou Granmèt la va vini nan finisman lavi chak moun. Lè yon moun mouri, sa k sou tè a tou li fini pou moun sa a.

Depi w pa konnen si Kris la vini jodi a, aswè a, demen, apre yon lane oubyen pi plis ankò, ou bezwen veye. Tankou moun k-ap rete ap veye paske yo konnen volè yo kapab vini pou yo devalize lakay yo men yo pa konnen ki lè sa a.

Si Jezi gen pou l vini, sa vle di lavi sa va pase. Si se konsa, ou pa dwe gade lavi a tankou yon bagay ki pa gen valè men ou dwe ba li tout konsiderasyon pa w. Ou dwe pare tèt ou pou rankont sa ak yon bon jan lavi.


“Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive.”


Tout bon vre ou menm tou w bezwen veye. Lavi pa w se pa sèlman yon seri zak k-ap pase konsa konsa men se yon konba. Genyen yon pakèt bagay k-ap eseye w tankou sèks la, pretansyon an, lajan an, vyolans lan ki se prensipal lenmi w yo.

Si w-ap veye toujou, ou pap janm kite yo siprann ou.

Men moun ki renmen yo, yo veye, paske veye se yon siy renmen an.

Lè w renmen yon moun, kè w toujou ap tann li epi chak ti moman k-ap pase san li pa la, se pou li menm li ye.

Se konsa yon madanm li damou pou mari li etan l-ap travay pou l prepare kichòy pou sila ki pa la. Tout sa l-ap fè a se pou li menm l-ap fè l. Lè li tounen, nan fason l-ap salwe li ak anpil renmen, se tout travay lajounen an k-ap pale.

Se konsa yon manman ap fè lè l-ap fè yon ti poze bò kote pitit li ki malad la. L-ap dòmi men kè l ap veye.

Se konsa tou moun ki renmen Jezi konn fè. L-ap fè tout bagay pou sila li rankontre nan tout ti sikonstans lavi li k-ap di l kisa l-ap tann nan men li epi li va jwenn li tou nan gwo rankont jou li va vini an.

Se te nan 3 novanm 1974.

Nan sid peyi Brezil, nan Santa Maria, te gen yon rankont pou 250 jèn kretyen yo. Pi fò nan yo t-ap soti nan vil Pelotas.

Premye bis pati avèk 45 moun: anpil chante, anpil kè kontan, anpil renmen pou Jezi. Yon lè kèk jèn fi kómanse di chaplè sou mitè soufrans lan etan yo t-ap mande Manman Mari pou yo ret fidèl Bondye jous yo mouri.

Nan yon viray, poutèt yon pwoblèm mekanik, bis la woule twa fwa tonbe nan yon ravin 50 mèt. Gen 6 jèn fi ki mouri.

Youn ki chape anba lanmò di konsa: “ Mwen te wè lanmò a tou pwòch men kè m p-at sote paske Bondye te la”.

Yon lòt: “Lè m te wè mwen pa t kapab deplase, nan mitan debri yo, mwen te gade syèl la ki te plen zetwal epi mwen te lapriyè ajenou nan mitan kò konpay mwen yo. Bondye te la toupre nou…” . Papa Carmen Regina, youn nan viktim yo, te konte pitit fi li te di l anpil fwa: “Mouri se yon bèl bagay, papa, paske nou va rete ansanm ak Jezi”.


“Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive.”


Jèn Pelotas yo, paske yo te renmen, yo te veye, lè Granmèt la te vini yo te ale rankontre li ak kè kontan.


Kyara Libik


01/03/2009

“Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li” (Jn 16,23).

Sa w kapab wè ki pi sòt sou fas tè a se, yon bò yon pakèt moun ki pèdi yo, k-ap chache tout kote, ki gen kè sere devan tout eprèv ki kapab rive nan lavi yo, ki bezwen moun pou ede yo epi ki gen santiman se òfelen yo ye, epi lòt bò a, Bondye ki se Papa tout moun, li menm ki vle avèk tout pwisans li fè kè pitit li yo kontan epi ba yo chak sa yo bezwen.
Se tankou si sa k vid la epi sa k plen an t-ap youn chache lòt san yo pa janm rive jwenn.
Sèke libète lezòm kapab fè sa tou.
Men Bondye se toujou Renmen li ye pou moun k-ap rekònèt li yo.
Koute sa Jezi di a:

“Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li.”

Men youn nan pawòl ki plen ak pwomès nou kapab li nan levanjil la kote Jezi di nou nan divès fason kijan nou kapab jwenn sa nou bezwen yo.
Se Bondye sèl ki kapab pale konsa. Pwisans li a pa gen limit. Tout favè yo nan men li: ni sa k pou kò a ni sa k pou lespri an, sa k posib yo ak sa k pa posib yo.
Men koute byen. Li di w “kijan” ou dwe parèt devan Papa a pou w mande l kichòy: “sou non mwen”. Si w te gen yon ti grenn lafwa, twa pawòl sa yo ta dwe ba w zèl.
Gade. Jezi ki te viv nan pami nou li konnen byen kokenn chenn bezwen w genyen epi kè l sere pou nou. Se poutèt sa li ofri tèt li nan lapriyè a. Se tankou si li ta di w: “ Se pou w ale kot Papa a sou non mwen epi mande l tèl bagay, tèl bagay, tèl bagay”. Li konnen Papa l pa kapab di l non. Se pitit li epi se Bondye li ye.
Se pa sou pwòp non pa w w-ap ale kot Papa a, men sou non Kris la. Lè w-ap ale kot Papa a sou non Kris la, se sèlman yon anbasadè w ye. Diskisyon yo se ant de moun ki enterese ladan-l yo li fèt.
Se konsa anpil kretyen yo konn lapriyè. Yo ta papab temwen anpil favè yo te resevwa k-ap montre Bondye Papa t-ap veye sou yo avèk anpil atansyon ak anpil renmen.

“Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li.”

Kounye a w kapab di m konsa: “ Mwen te mande, mwen te mande sou non Kris la men mwen pa-t jwenn”.
Sa kapab. Men mwen te di w anvan, Jezi envite nou mande lòt kote nan levanjil la epi li bay lòt esplikasyon. Petèt ou pa-t wè yo.
Li di pa egzanp, pou w kapab jwenn, ou bezwen “rete” nan li menm, sa vle di nan volonte pa-l.
Petèt ou te mande kichòy ki pa t rantre nan sa Bondye vle pou w epi Bondye te wè li pa itil pou w nan lavi w-ap mennen sou tè a oubyen nan lòt la ou byen li panse sa kapab yon danje pou w.
Kijan li menm ki se yon papa pou w ta kapab ba w sa w-ap mande-l lè sa a? Li ta twonpe w. Sa li pap janm kapab fè li.
Kidonk, li ta itil anvan w-ap lapriyè, pou w mete tèt ou dakò avè l konsa: “Papa, mwen ta renmen mande w tèl bagay sou non Jezi si w kwè li kapab bon pou mwen”.
Si favè w-ap mande a li mache byen avèk plan Bondye genyen pou w nan renmen li an, pawòl la va reyalize:

“Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li.”

Li ka rive tou w-ap mande favè epi w pa vle menm menm mete lavi w dakò avèk sa Bondye mande w fè.
Eske w kwè lè sa a, li ta kòrèk pou Bondye ba w sa w-ap mande-l la? Sa li vle se pa sèlman pou l fè w yon kado men pou l fè kè w kontan nèt ale. Kè kontan sa a, ou kapab jwenn li nan fason w-ap chache viv komandman Bondye yo, pawòl li yo. Se pa kont pou w kenbe yo nan tèt ou sèlman oubyen pou w kalkile yo men se viv ou bezwen viv yo.
Si w-ap fè konsa, ou va jwenn tou sa w bezwen.
Finalman: ou vle jwenn yon favè? Mande nenpòt bagay sou non Kris la antan w-ap mete nan premye plas volonte Bondye a avèk desizyon pou w akonpli lalwa Bondye a.
Bondye li menm, li byen kontan ban nou anpil favè. Men pi fò nan tan yo se nou menm menm k-ap fèmen men li yo.

Kyara Libik

01/02/2009

“Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l li pa kapab disip mwen” (Lk 14,26).

Kijan ou wè sa a?
Pawòl sa yo mande anpil, yo rèd pase sa w pat janm tande.
Poutan Jezi, ki di w pa gen dwa kraze maryaj la epi w dwe renmen tout moun, sitou paran w yo, se menm Jezi sa ki koulye a mande w pou w mete nan dezièm plas tout bèl kalite renmen ki sou tè a depi li kapab anpeche w renmen Bondye dirèk san pa gen anyen k ap bloke l. Se sèl Bondye ki te kapab mande yon bagay konsa.
Sèke Jezi vle rache moun yo nan fason yo konn viv la pou l mare yo avèk li an premye, dekwa pou l kapab fè yo tounen frè ak sè toupatou sou tè a.
Se poutèt sa tout kote li jwenn kichòy ki kapab yon baryè pou pwojè li a, li “koupe” epi nan levanjil la li pale de koulin, nan sans lespri a.
Li rele “mouri” moun ki pa t renmen l pi plis pase manman an, madanm nan, lavi a. Eske w sonje moun sa a ki te mande Jezi pou l te kapab antere papa l anvan li swiv li? Se li menm menm Jezi te reponn: “Kite moun mouri yo antere moun mouri yo” (Lk 9,60).
Petèt devan yon egzijans konsa kè w te sote. Petèt ou te sonje kite pawòl sa yo pou moun ki t ap viv nan tan sa a oubyen pou moun ki vle swiv li yon fason ki espesyal.
W ap fè erè. Pawòl sa a li bon pou tout tan yo, menm jodi a, epi li pou tout kretyen yo, pou w menm tou.
Nan jounen jodi a, genyen anpil okasyon pou w mete an pratik envitasyon Jezi sa a.
Nan fanmi w, gen moun ki pa aksepte lafwa kretyen yo?
Jezu vle pou w temwen li ak lavi w epi, nan moman ki bon an, ak pawòl ou, menm si yo kapab pase w nan rizib ou byen di movè bagay sou w.
Se manman w ye epi mari w ta vle pou w pa kite pitit la vini? Obeyi Bondye pase moun yo.
Yon frè w vle angaje tèt ou nan yon konpayi ki pa twò klè, oubyen ki pa bon menm? Lage l.
Gen moun nan fanmi w ki ofri w lajan ki pa twò pwòp? Rete onèt.
Tout fanmi w vle angaje tèt ou nan yon kalite lavi ki fasil? Koupe, pou Kris la pa lage w.

“Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l li pa kapab disip mwen.”

Ou te fèt nan yon fanmi kote moun yo pa gen lafwa, epi lafwa w te pote divizion anndan fanmi a? Pa pè, se levanjil la ki mande w sa. Ofri Bondye kè w ki chire pou moun ou renmen yo, men pa lage.
Kris la te rele w yon fason ki espesyal epi lè a rive pou w ba li tèt ou nèt ale nan lage papa ak manman w oubyen petèt nan kite fiyanse w. Se pou w chwazi. Ou bezwen lite pou w kapab pote laviktwa.

“Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l,

“…menm pwòp tèt pa l”
W ap viv yon kote ki gen pèsekisyon epi lavi w an danje dèske w pran pozisyon pou Kris la? Pran kouraj! Gen lè lafwa nou kapab mande nou sa tou. Tan mati yo li pa janm fini.
Chak nan nou, nan kèk moman lavi li, bezwen chwazi ant Kris la epi tout lòt bagay yo pou l ret kretyen tout bon vre. Kidonk sa va rive pou w menm tou.
Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen pè pou lavi w: pito pou w pèdi li pou Bondye pase w pa jwenn li ankò. Lòt Lavi a se yon bagay ki vre.
Ou pa bewen pè pou moun ou yo. Bondye renmen yo. Yon jou - si w konn ba li premye plas – li va pase bò kote yo epi li va rele yo ak pawòl renmen li an ki fò anpil. Epi w va ede yo tounen vre patizan Jezi Kri menm jan avèk ou.

Kyara Libik

01/01/2009

“ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ” (1 Ko 12,20)

Eske w te gentan wè yon kòminote kretyen tout bon vre kote gen anpil lavi? Eske w te patisipe nan yon reyinyon ansanm avèk yo? Eske w te reyisi wè kijan yap viv? Si se konsa, ou te kapab wè genyen divès kapasite nan mitan yo: genyen ki konn pale epi ki konn separe bagay lespri yo kap rantre jous nan fen fon kè w, gen ki konn ede moun, ki konn asiste, ki fè mèvèy pou jwenn sa moun kap soufri yo a bezwen. Gen moun ki konn bay lansèyman avèk anpil bon konprann dekwa pou ede lafwa w genyen grandi nan ou menm, gen ki konn òganize, ki konn gouvène, ki konn konprann moun ki bò kote yo epi ki konn konsole moun ki nan bezwen.
Wi, ou kapab fè esperyans tout bagay sa yo men sa kap touche w pi plis nan yon kòminote ki gen lavi konsa se menm kalite lespri kap plen tout moun epi sanble ou kapab santi l voltije anlè sosyete espesyal sa pou l fè yo tout fè youn, fè yon sèl kò.

« Gen anpil manm, men gen yon sèl kò.”

Pòl li menm, yon fason ki espesyal, te rankontre kòminote kretyen byen vivan ki te rive la pa lentèmedyè bon jan pawòl li a. Youn nan yo se te Korent kote Lespri a pat chich nan bay li te bay kado li yo, yo rele favè espesyal yo. Okontrè, nan tan sa, yo te anpil poutèt vokasyon espesyal legliz la te genyen lè sa.
Men nan kòminote a, apre yo te fè esperyans pakèt kado Lesprisen an te fè yo, te genyen anpil konpetisyon ak desòd nan pami moun sa yo menm ki te resevwa yo.
Se poutèt sa yo te mande Pòl, ki te Efèz, pou l te ba yo limyè.
Pòl pat pèdi tan epi li te reponn yo rapid nan yon lèt ki pa odinè kijan yo ta dwe sèvi ak kado espesyal sa yo.
Li esplike yo kijan genyen divès kalite kado, divès sèvis tankou apòt yo, pwofèt yo, mèt yo, men yo tout yo soti nan yon menm Granmèt. Le di yo nan kòminote a genyen moun kap fè mirak, moun kap geri moun, moun kap ede moun yo yon fason ki espesyal, lòt kap gouvène, ki konn pale divès lang, moun ki konn esplike sa lòt yo vle di. Men tout kado sa yo soti nan Bondye.
Depi se menm Lespri a kap bay divès favè sa yo an abondans, yo pa kapab pa an amoni youn ak lòt, yo pa kapab youn pa konplete lòt la.
Yo pa sèvi pou kontantman yon moun, yo pa ka sèvi pou moun yo vante pwòp tèt yo, pou yo pran pòz, men yo dwe sèvi pou yon bagay : bati kòminote a. Yo la pou sèvi moun yo. Yo pa kapab pote konpetisyon oubyen dezòd.
Pòl, etan lap sonje kado espesyal ki pou kòminote a, li kwè chak moun genyen pwòp talan pa yo, yo kapab mete nan sèvis tout lòt yo epi chak moun ta dwe kontan pwòp talan pa yo.
Li konsidere kòminote a tankou yon kò epi li poze tèt li kèsyon sa : Si tout kò a te yon grenn je, kote zòrèy la ta ye? Si tout kò a te yon zòrèy, kote nen an ta ye? Men Bondye te mete tout manm yo yon fason pou chak nan yo pran plas jan li te vle. Si w te yon sèl grenn manm, kote kò a ta ye? (Cf. 1 Kor 12,17-19). Okontrè :

« Gen anpil manm, men gen yon sèl kò.”

Si chak moun li pa menm ak lòt yo, chak nan yo kapab yon kado pou lòt yo epi konsa rete li menm menm epi reyalize sa Bondye vle nan men li pou lòt yo.
Pòl wè nan yon kòminote kote tout kado Bondye yo mache byen ansanm yon bon jan reyalite li ba li yon non ki bèl anpil, se Jezikri. Sèke kò sa, ki fèt avèk tout manm kòminote a, se Kò Jezikri li ye vre. Tout bon vre, Jezi kontinye viv nan Legliz li a epi Legliz la se kò li. Sèke nan batèm nan, Lesprisen an fè moun ki batize a rantre nan Kò Jezikri a epi se konsa tou li antre nan kòminote a. Kote sa a, tout moun se Jezikri yo ye, se konsa tout divisyon ale epi tout diferans yo disparèt.

« Gen anpil manm, men gen yon sèl kò.”

Si kò a li yon sèl bagay, manm kòminote kretyen yo reyalize byen nouvo fason pou yo viv si yap viv nan tèt ansanm. Tèt ansanm nan ki sipoze varyete avèk divès fason pou moun yo fè. Kòminote pa sanble yon blòk wòch men yon ògànis ki gen lavi avèk divès manm.
Pou yon kretyen, pete goumen se fè kontrè sa li ta dwe.

« Gen anpil manm, men gen yon sèl kò.”

Kijan wap viv nouvo Pawòl sa Bib la ofri w?
Ou bezwen respekte tout fonksyonman, tout kado, tout talan kòminote kretyen yo.
Ou bezwen louvri kè w sou tout richès ki nan Legliz ki tout kote sou tè a. Pa sèlman sou ti Legliz kote w ye a epi wap konnen byen tankou pawas la, asosyasyon kote w ye a, mouvman wap paticipe ladann l. Se Legliz sou tout fòm li kapab pran pou l pale ak moun yo.
Ou bezwen santi w alèz ak tout bagay paske se nan sèl kò sa w ye.
Menm jan wap konsidere epi wap proteje tout manm pwòp kò w, menm jan tou ou dwe fè pou tout manm ki nan kò Legliz la.
Ou dwe konsidere tout moun epi fè tout sa w kapab pou yo itil legliz la pi plis yo kapab.
Menm lè tou, pinga w meprize sa Bondye mande w kote w ye a, menm si travay chak jou a kapab sanble toujou menm epi li pa gen anpil valè. Nou tout se nan menm kò nou ye epi, tankou manm, chak moun patisipe nan aktivite tout kò a etan lap kenbe plas Bondye te chwazi pou li.
Tankou Pol anonse a, sak pi konsekan se ke w gen kado espesyal sa kap depase tout lòt yo, renmen
an : renmen chak moun wap rankontre a, renmen tout moun ki sou tè a.
Se avèk renmen an, nan youn renmen lòt, chak manm kapab fòme yon sèl kò.

Kyara Libik