01/12/2010

“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye” (Lc 1, 37).



            Kesyon Mari te poze Mesaje a: “Kijan sa ap fèt?” (Lk 1,34) te resevwa repons sa: “Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye”. Epi Mesaje a te ba-l egzanp Elizabèt ki nan vyeyès li tap fè yon pitit gason. Mari te kwè epi li te tounen Manman Granmèt la.

            Bondye genyen tout pouvwa. Se non sa nap jwenn nan Bib la epi yo sèvi avè-l lè yo vle pale sou pouvwa Bondye kap beni, kap jije, kap dirije tou sa kap pase etan lap reyalize pwojè li yo.

            Genyen yon sèl limit pou pouvwa Bondye-a, se libète moun nan. Li kapab anpeche pou volonte Bondye fèt: konsa li vin pa kapab alòske li ta dwe rive pataje fòs Bondye-a menm.

“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye.”

            […] Se yon Pawòl ki louvri kè nou pou-n fè renmen Bondye Papa yon konfyans ki pa gen limit, paske si Bondye egziste epi si se renmen li ye, yon konfyans nèt ale nan li menm se yon konsekans ki gen sans.

            Tout favè yo li kapab ban nou yo: ni sa-k pou kò a ni sa-k pou lespri a, ni sa-k posib ni sa-k pa posib. Li bay moun ki mande yo epi moun ki pa mande yo paske, jan levanjil la di, li “fè solèy la leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon” (Mt 5, 45). L-ap mande nou tou fè tankou li menm, ak menm kalite renmen ki pou tout moun epi ki chita sou lafwa k-ap di:

“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye.”

            Kidonk, kijan pou-n viv Pawòl sa chak jou-a?

            Detanzantan, nou tout n-ap jwenn sitiyasyon difisil, k-ap fè n soufri, kit se nan lavi pèsonèl pa nou kit se nan relasyon nou genyen ak lòt yo. Gen lè n-ap fè esperyans nou manke fòs paske nou wè gen kèk bagay oubyen kèk moun k-ap mare tèt nou epi k-ap fè-n esklav epi nou ta vle chape anba sitiyasyon sa-a. Anpil fwa nou rive devan moun ki endiferan, ki egoyis, k-ap bati tankou yon mi ki fè nou santi nou pa ka fè anyen devan sitiyasyon sa yo k-ap depase nou.

            Enben, nan moman sa yo, Pawòl Lavi a kapab ede nou. Jezi kite-n fè esperyans enkapasite pa nou, pa si tèlman pou-l dekouraje nou, men pou-l ede-n konprann pi byen “Nanpwen okenn bagay Bondye pa ka reyalize”. Dekwa pou-l fè nou fè esperians kokenn chenn fòs favè li genyen k-ap parèt nan moman menm nou wè nou pa kapab fè anyen ak pwòp fòs pa nou yo.

 “Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye.”

            Si n-ap sonje sa nan moman ki pi difícil yo, nou va wè gen yon enèji ki soti nan Pawòl Bondye epi ki kapab fè-n patisipe nan pwisans li a. Men gen yon kondisyon, se pou-n fè sa-l vle pou-n fè-a etan n-ap chache fè renmen li te mete nan kè nou gaye alawonbadèMen gen yon kondisyon, se pou-n fè sa-l vle pou-n fè-a etan n-ap chache fè renmen li te mete nan kè nou gaye alawonbadè. Konsa na va rive jwenn menm kalite renmen ak Bondye ki kapab fè tout bagay pou moun li te fè yo epi ki kapab fè tout sa ki ka reyalize lide li genyen pou nou chak epi pou tout moun yo.

Men genyen yon moman ki espesyal pou-n kapab viv Pawòl sa epi pou-n ka wè kijan li efikas, se nan lapriyè.

Jezi te di nou kèlkeswa sa n-ap mande Papa sou non li, li va ba nou li. An nou eseye mande-l sa nou vle pi plis avèk asirans lafwa ki di nou nan pwen bagay ki pa ka reyalize, depi bagay nou pèdi espwa li ka ranje rive lapè sou latè, depi geri moun ki malad grav rive jwenn solisyon pou pw blèm nan fami a ak nan sosyete a.

Anplis si moun yo ansanm pou yo mande menm bagay, epi yo dakò nan youn renmen lòt, lè sa se Jezi li menm menm nan mitan nou k-ap lapriyè Papa epi, jan li te pwomèt la, n-ap jwenn li.

Ak kalite lafwa sa nan tout pouvwa Bondye-a ak nan Renmen li-a, nou menm tou nou te mande yon jou pou N. kansè sa yo tè wè nan radyografi a “disparèt” tankou se se te yn èrè ou byen yon ilisyon. Epi sa te rive

Konfyans sa ki pa gen limit kap fè-n santi sa nan bra yon Papa ki gen tout pouvwa nou ye ta dw akonpanyen nou toujou nan difikilte lavi nou an. Sa pa vle di nap toujou jwenn sa nap mande-a. Se pouvwa yon Papa li ye epi l-ap sèvi avè-l toujou epi toutan pou sak bon pou pitit li yo, kit yo konnen-l kit yo pa konnen-l. Sak konsekan se pou-n viv ak yon kè ki sèten dèske pou Bondye nanpwen okenn bagay li pa ka fè epi sa va fè kè-n poze yon fason nou pa-t janm konnen anvan.

Kyara Libik

01/11/2010

“Se chans pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye” (Mt 5, 8).



            Jezi te kòmanse prèche sou mòn nan. Li te devan lak Tiberiyad la sou yon ti mòn pwòch Kafanaòm. Li te chita, tankou mèt te konn fè, epi li tap anonse foul moun yo benediksyon. Anpil fwa nan Ansyen Kontra pawòl “benediksyon” te sonnen. Se te pou fè lwanj pou moun ki tap akonpli Pawòl Bondye nan tout kòmandman li yo.

             Benediksyon Jezi yo a tap fè disip yo sonje sa yo te deja konnen yon ti kras. Men se te pou premye fwa yo te tande sa ki gen kè yo nèt yo pat sèlman kapab monte sou mòn Granmèt la tankou yo di nan Som nan (Cf. Som 24,4) men yo te kapab wè Bondye. Ki kalite pwòpte sa ki si tèlman gran pou-l kapab pèmèt nou sa? Jezi te esplike-l anpil fwa nan pale li tap pale-a. Ann chèche swiv li nan dekouvri vre pwòpte a.

“Se chans pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye.”

            Dapre Jezi, anlè tout bagay gen yon mwayen pou netwaye nèt ale: “Nou menm nou deja netwaye gras a pawòl la mwen te anonse nou an”. Se pa si tèlman seremoni kap netwaye nanm nan, men se Pawòl la. Pawòl Jezi a se pa tankou pawòl lezòm. Kris la prezan nan Pawòl li-a tankou nan lekaristi a, menm si se yon lòt fason. Se konsa Kris la rantre nan nou menm toutotan nap kite-l aji epi li fè-n lib devan peche a, kidonk li netwaye kè nou an.

            Kidonk, pwòpte a se fwi Pawòl nap viv la, tout Pawòl Jezi kap fè-n lib devan tout atachman nou genyen, si kè nou pa kole sou Bondye ak ansèyman li yo. Atachman sa yo se kapab pou bagay yo, pou moun yo, pou pwòp tèt nou. Si kè nou dirije sou Bondye sèl ak ansèyman li yo, tout rès la va tonbe.

            Pou n reyisi nan antrepiz sa, li ka itil di Jezi, di Bondye, pawòl som sa kap di: “Se-w, Granmèt, ki sèl richès mwen!” (Som 16,2). Ann eseye repete-l anpil, sitou lè kèk atachman ta vle fè kè nou an kouri dèyè kèk imaj, kèk santiman, oubyen kèk emosyon ta vle kache sa-k bon an epi wete libète nou an.

            Petèt nou ka santi nou ta gen tandans gade kèk piblisite oubyen kèk pwogram TV? Non, ann di: “Se-w, Granmèt, ki sèl richès mwen!” epi sa kapab yon premye pa kap fè nou soti anndan nou menm pou-n deklare ankò renmen nou genyen pou Bondye. Konsa, nou va pwòpte kè nou.

            Gen lè nou santi yon moun oubyen yon aktivite kapab vini pran plas ant nou menm epi Bondye pou-l vin gate relasyon nou genyen avè-l. Lè sa, se pou-n repete: “Se-w, Granmèt, ki sèl richès mwen!” Sa va ede nou pwòpte entansyon nou yo epi jwenn libète kè-n ankò.

“Se chans pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye.”

            Pawòl nap viv la fè-n lib epi pwòp paske se renmen. Se renmen an kap netwaye pwojè nou yo ak tout kè nou ak dife Bondye paske dapre Bib la se nan kè a entelijans ak volonte nou an chita.

            Men gen yon kalite renmen Jezi mande nou epi kap pèmèt nou viv benediksyon sa, Se youn renmen lòt, pare pou bay lavi lòt, yo dapre egzanp Jesi menm. Renmen sa fè yon kouran pase, yon boukantay, yon anbyans kote gen tranparans, pwòpte poutèt prezans Bondye, ki sèl kapab kreye yon kè nèt pou nou (Cf. Som 50,12). Se nan youn renmen lòt, Pawòl la aji pou-l netwaye epi fè-n vin sen.

            Yon moun ki pou kont li, li pa kapab reziste toutan tout sa ki kapab atire li sous tè a. Okontrè, nan youn renmen lòt, li rive jwenn yon anbyans ki bon, ki kapab pwoteje pwòpte-l epi tou lavi tankou yon kretyen tout bon.

 “Se chans pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye.”

            Epi fwi pwòpte sa ki toujou refèt, se “wè Bondye”, sa vle di konpran kijan li aji nan lavi nou an ak nan istwa nou an. Lap fè-n tande pawòl li nan kè nou, pou-n ka jwenn prezans li kote li ye a: nan pòv yo, nan lekaristi a, nan Pawòl li a, nan tèt ensanm ak frè n yo, nan legliz la.

            Se yon fason pou n goute davans prezans Bondye kap kòmanse depi lavi sa a kote “se nan lafwa nap kondwi tèt nou, se pa selon sa nou wè” (2 Ko 5,7) annatandan nou rive wè li “fas a fas” (1 Ko 13,12) pou tout tan gen tan.


Kyara Libik 

01/10/2010

“Se pou w renmen pwochen w tankou w menm” (Mt 22, 39).



            Pawòl sa te deja nan Ansyen Kontra.

            Pou-l te kapab bay yon kesyon bon jan repons, Jezi rantre nan menm chemen pwofèt ak pwofesè lalwa ki tap chache sa-k te kapab ranmase tout Lalwa. Sa vle di sa Bondye te vle di nan Bib la. Rabbi Hillel, ki tap viv apeprè nan menm tan avè-l, te di: Pa fè pwochen w sa w pa ta renmen, se tout lalwa a. Rès la se sèlman esplikasyon.

            Pou mèt jwif yo, renmen pwochen an soti nan renmen Bondye ki te fè moun pòtre ak li. Se poutèt sa nou pa ka renmen Bondye san nou pa renmen sa l te fè-a. Se vre rezon pou n renmen pwochen an. Se “pi gwo prensip kap ranmase tout lalwa”.

            Jezi ranfose prensip sa epi li ajoute kòmandman renmen pwochen an ki sanble avèk premye ak pi gran kòmandman: renmen Bondye ak tout kè, ak tout lespri ak tout namn nan. Antan lap di de kòmandman sa yo sanble, li kole yo tout bon tankou kretyen yo pral fè apre tankou apòt Jan di: «Moun ki pa renmen frè-l li wè- a, li pa kapab renmen Bondye li pa wè-a” (1 Jn 2,20).

“Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm.”

            Pwochen an, tankou levanjil la di l aklè, se tout moun , gason kon fi, zanmi kon lenmi, ou dwe respèkte, konsidere epi estime. Renmen pwochen an li inivèsèl epi li pèsonèl ansanm. Li pou tout moun epi pou sila ki bò kote w.

            Men kilès ki kapab ban nou yon kè ki si tèlman gwo kapab mete nan nou yon santiman kap fè n santi nou pwòch menm moun nou pa konnen dekwa pou n kapab depasse renmen nou genyen pou ‘pwòp tèt nou’ jous nou rive wè ‘pwòp tèt nou’ nan lòt yo? Se yon kado Bondye, se renmen Bondye menm “te vide anndan kè nou, gras a Lespri Sen-an li ban nou-an” (Rm 5. 5).

            Se pa yon renmen òdinè, se pa sèlman zanmitay, se pa renmen moun yo, men se renmen sa a, yo te vide nan kè nou depi batèm nou an. Renmen sa se lavi Bondye menm menm ki Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an. Li envite nou patisipe ladan l.

            Kidonk, renmen se tout bagay. Men pou-n kapab viv li byen, nou bezwen konnen kalite renmen sa yo ki soti nan Levanjil la epi nan tout Bib la nou kapab ranmase nan kèk ki pi konsekan.

            An premye, Jezi te mouri pou tout moun, nan renmen tout moun. Li montre nou vre renmen an se pou tout moun li ye. Se pa tankou renmen nap viv anpil fwa, renmen moun yo ki pou kèk nan yo: fanmi an, zanmi yo, vwazinay la… Vre renmen Jezi vle-a, li pa aksepte fè diferans. Li pa distenge moun ki janti ak moun ki rayisab. Pou li pa gen moun ki bèl, moun ki lèd, moun ki gran, moun ki piti. Pou renmen sa, pa gen moun lakay, moun andeyò, moun nan menm legliz ak mwen epi sa-k nan yon lòt, moun ki gen menm relijion avè m epi lòt yo. Renmen sa se pou tout moun. Se konsa nou bezwen fè, nou menm tou: renmen tout moun.

            Vre renmen an se li menm ki renmen an premye. Li pa tann pou lòt renmen l tankou moun yo konn fè: yo renmen moun ki renmen yo. Vre renmen an antreprann fè premye pa tankou Papa-a te fè lè li te voye Pitit li-a pou l sove nou etan nou te pechè epi nou pat viv nan renmen.
            Kidonk: renmen tout moun epi renmen an premye.

            Vre renmen an anplis, konn wè Jezi nan chak pwochen: “Se mwen menm nou te fè-l” (Cf. Mt 25,40), Jezi pral di nou nan dènye jijman an. Se vre pou sa k byen nap fè-a men pou sa k mal la tou.
            Vre renmen an se pou zanmi l ak pou lenmi l tou: lap fè sa k bon pou li epi lap lapriyè pou li.
            Jezi vle tou pou renmen li te pote sou tè-a vini parèy youn pou lòt dekwa pou yo rive viv nan tèt ansanm.

            Tout kalite sa yo kapab fè n konprann epi viv pi byen Pawòl lavi mwa sa a.

“Se pou w renmen pwochen w tankou w menm.”

            Wi, vre renmen an li konn renmen lòt la tankou li menm. Se yon bagay nou bezwen pran alalèt. Fò n wè pwòp tèt nou nan lòt la epi fè l jan nou t ap fè pou nou menm menm. Vre renmen an se sila ki konn soufri ak moun ki soufri a. Kè l kontan ak moun ki nan kè kontan. Li pote chay lòt yo, li konn fè youn ak moun li renmen an jan Pòl di a. Kidonk, se yon renmen ki pa sèlman sou santiman, sou bèl koze, men nan jès yo tou.

            Moun ki gen yon lòt kalite lafwa chèche fè konsa tou poutèt sa yo rele “règ lò” a nou ka jwenn nan tout relijyon yo. Li vle pou n fè lòt yo sa nou ta renmen pou yo fè pou nou. Gandhi esplike l yon fason ki senp epi tout moun kapab mete an pratik: “Mwen pa kapab fè w mal san m pa blese pwòp tèt mwen”.

            Kidonk, mwa sa a dwe tounen yon okasyon pou n mete an pratik renmen pwochen ki gen anpil figi sot nan vwazinay la rive nan konpayon lekòl la, sot nan zanmi yo rive nan paran ki pi pwòch yo. Men gen figi tout moun kap soufri anba lagè oubyen katastwòf lanati nou wè nan TV. Yon lè nou pat konnen yo epi yo te byen lwen, men koulye a yo menm tou se pwochen yo ye.

            Renmen pral di nou chak fwa kisa pou n fè epi lap fè kè nou grandi nan mezi kè Jezi a menm.

Kyara Libik

01/09/2010

“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa” (Mt 18,22).




Se ak pawòl sa yo, Jezi reponn Pyè ki tap mande-l apre li te koute bèl pawòl ki te soti nan bouch li: “Granmèt, si frè-m fè peche kont mwen, konbyen fwa pou-m padonnen-l? Eske se jouska sèt fwa?”. Jezi li menm di: “Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa”.

Petèt Pyè, poutèt pawòl Mèt la te sot di yo, te panse li te gen bon kè. Li te vle fè sa-k bon, li te pare pou-l lage kò-l nan nouvo wout sa-a nan fè yon bagay san parèy: li tap padonnen jouska sèt fwa.
Men Jezi reponn li: “… jouska swasantdis fwa sèt fwa”, sa vle di padonnen pa ta dwe gen limit. Nou bezwen padonnen toujou.

“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa.” 

Pawòl sa fè n sonje kantik labib Lamèk la, nan ras Adam: “Yap vanje Kayen sèt fwa, men Lamèk, swasantdis fwa” (Jen 4,24). Se konsa rayisans te kòmanse gaye nan mitan moun ki sou tè a: li gwo tankou yon larivyè kap desann.

Devan mal kap gaye a, Jezi mete padon san limit, san kondisyon, kòm sa ki kapab kraze baryè vyolans lan.

Padonnen se sèl fason pou yo kenbe desòd la epi bay moun yo yon lavni ki pap kraze tout bagay.

“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa.”

Padonnen. Padonnen toutan. Padonnen pa vle di bliye ki anpil fwa vle di pa vle gade bagay yo jan yo ye a. Padonnen se pa feblès, sa vle di pa pran ka sak pa kòrèk paske w pè sila ki te fè-l la. Padonnen se pa di sak grav oubyen sak ki mal pa enpotan. Padonnen se pa endiferans. Padonnen se yon zak wap fè ak tout lespri-w, ak tout detèminasyon ou, kidonk ki lib. Se resevwa frè-w oubyen sè-w yo jan yo ye a malgre mal yo te fè a, jan Bondye resevwa nou pechè malgre tout fòt nou yo. Padonnen se pa bay kou pou kou men se fè sa Pòl di a: “Pa kite sa ki mal pran pye sou-w. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal” (Rm 12,21)

Padonnen se bay sila ki te fè-w ditò chans pou l gen yon nouvo kalite rapò avèk ou. Kidonk, bay toulede yon chans pou yo rekòmanse lavi, yon lavni kote mal la pap gen dènye mo a.

“Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa.”

Kijan nap fè pou n viv Pawòl sa a?

Pyè te mande Jezi: “Konbyen fwa pou-m padonnen frè-m nan?”.

Jezi, nan repons li te bay, tap sonje rapò nan pami kretyen yo, nan pami moun menm kòminote a.

Se dabò avèk frè-n ak sè-n yo nan lafwa nou dwe konpòte konsa: nan fanmi an, nan travay la, nan lekòl la oubyen nan kòminote kote nou ye a.

Nou konnen konbyen fwa nou ta anvi reponn ak yon jès oubyen ak yon pawòl ki sanble ak mal nou sot resevwa a.

Nou konnen kijan li fasil pou moun kap viv ansanm rive manke renmen youn pou lòt kit se poutèt karaktè yo ki pa menm, kit se paske yo nève ou byen pou tout kalite lòt bagay. Enben, nou bezwen konnen se sèlman yon atitif padon toujou nouvo ki kapab kenbe kè poze ak tèt ansanm nan mitan frè yo.

Toujou gen tandans pou moun yo sonje defo frè ak sè yo, sonje sa yo te fè nan tan ki pase a, pou yo pa jan yo ye a… Nou bezwen pran abatid gade yo ak yon je ki nouvo epi aksèpte yo jan yo ye jous nan bout nèt, menm si yo pa regrèt.

Yo met di: “Se yon bagay ki difisil”. Se vre. Men se sak bèl nan swiv Jezi. Se pa pou bon tan nap swiv Kris la ki, lè li tap pandye sou kwa a, te mande Papa padon pou moun ki te fè l mouri epi li leve byen vivan.

An-n pran kouraj. An-n kòmanse yon lavi konsa kap fè kè-n poze nou pat janm santi anvan epi yon kè kontan nou pat konnen.

Kyara Libik 

01/08/2010

“Se chans pou sila ki te kwè pawòl Granmèt la te di yo tap rive bout yo a” (Lk 1 45).

Pawòl sa yo soti nan yon sitiyasyon ki senp epi ki konsekan anpil. Se rankont de moun gwo vant, de manman, ki tap fè youn nèt ale ak ti pitit yo.
Se yo menm ki bouch pa yo ak santiman pa yo. Lè Mari pale, pitit Elizabèt la souke kò l nan vant li. Lè Elizabèt pale, sanble se pawòl pitit li a kap pase nan bouch li. Men apre premye pawòl sa yo pou l fè lwanj pou Mari, manman Granmèt la, dènye pawòl Elizabèt yo nan twazyèm pèsonn: “Se chans pou sila ki te kwè”.

Konsa pawòl sa yo pran yon sans ki bon pou tout moun. Se pou tout moun ki gen lafwa, kap resevwa Pawòl Bondye a, kap mete-l an pratik epi kap jwenn nan Mari pi bon modèl la.


Se chans pou sila ki te kwè pawòl Granmèt la te di yo tap rive bout yo a.


Se pou premye fwa yo di “se chans” nan levanjil la epi se pou Mari li ye men se pou tout lòt moun ki vle swiv li epi kap fè menm jan avè l.

Nan Mari, lafwa mare avèk manman Jezu, ki se fwi dèske li te koute Pawòl la. Isit la, Lik ban-n yon sijesyon ki bon pou nou menm tou. Pi devan nan levanjil la Jezu di: “Manman-m ak frè-m yo se sila ki koute Pawòl Bondye epi kap mete-l an pratik” (Lk 8,21).

Se tankou si Lespri Sen an tap pouse Elizabèt di li davans. Li anonse chak patizan Jezu kapab tounen “manman” Granmèt la. Kondisyon an se kwè nan Pawòl Bondye epi viv li.


Se chans pou sila ki te kwè pawòl Granmèt la te di yo tap rive bout yo a.


Apre Jezu, se Mari ki te konn di Bondye “wi” pi byen. Se sa ki fè li sen epi li gran tout bon. Si Jezu se Pawòl Bondye ki tounen moun, Mari, poutèt lafwa li nan Pawòl la, se Pawòl li te viv la, men se yon kreyati tankou nou menm epi li egalego ak nou menm.

Wòl Mari kòm manman Bondye li wo anpil epi li gen anpil enpòtans. Men Bondye, se pa Mari sèl li rele pou-l fè Kris la pran lavi nan li menm. Menm si se yon lòt fason, nenpòt kretyen gen pou-l fè Kris viv anndan kè-l jous li rive kapab di tankou Pòl ki sen: “Se pa mwen menm ankò kap viv, se Kris kap viv nan mwen menm” (Gal 2,20).

Kijan pou-n viv bagay sa yo?

Avèk atitid Mari devan Pawòl Bondye a, sa vle disponiblite. Kidonk, kwè avèk Mari, tout pwomès ki nan Pawòl Jezu va reyalize epi, tankou Mari, si li nesesè, riske moun yo kwè nou fou detanzantan devan sa Pawòl la mande-n pou-n fè.

Genyen bagay, kit yo gran kit yo piti, kap fè mèvèy pou moun kap kwè nan Pawòl la. Nou ta kapab plen anpil liv ak sak rive yo.

Ki moun ki ka bliye sak te pase nan ten lagè, etan nou tap kwè nan pawòl Jezu “mande yap ba nou” nou te mande tout sa anpil pòv yo te bezwen epi nou te wè sak farin yo, bwat lèt yo, konfiti, bwa, rad yo vini?

Jodi a menm bagay yo rive. “Bay yap ba nou” (Lk 6,38) epi magazen lacharite yo plen firanmezi yo vide yo.

Sak fè-n pi sezi se kijan pawòl Jezu yo vre toutan ak toupatou. Èd Bondye rive alè menm nan sikonstans ki pa posib, kote ki pi lwen sou tè a tankou sa te rive sa fè yon ti tan pou yon manmn kap viv nan lanmizè. Yon jou li te santi li te bezwen bay yon moun ki te pi mal pase-l dènye ti kòb li te genyen. Li te kwè nan “Bay yap ba nou” ki nan levanjil la. Kè l te poze. Ti kras pi ta, ti pitit li a te vini epi li te montre yon kado li te apenn resevwa sot nan men yon fanmi ki tap pase bò kote sa a. Li louvri ti men li epi te gen lajan miltipliye.

Yon ti esperyans tankou sila pouse nou kwè levanjil la epi chak nan nou kapab santi kè kontan, kè an fèt ki soti nan wè pwomès Jezu yo reyalize.

Lè, nan lavi chak jou a, etan nap li Bib la, nap rankontre Pawòl Bondye, ann louvri kè nou pou-n koute avèk lafwa sa Jezu mande-n epi ann kwè sa li pwomèt nou va reyalize. Sa pap pran anpil tan anvan nou dekouvri, tankou Mari ak manman sa nou tap pale a, li toujou kenbe promès li yo.


Kyara Libik

01/07/2010

“Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l” (Mt 13, 45-46).

Nan ti parabòl sa, Jezi tap touche imajinasyon moun ki tap koute l la avèk anpil fòs. Tout moun te konnen bijou yo se te sak te gen plis valè, ansanm ak lò.


Anplis, Ekriti yo tap pale sou bon konprann nan, sa vle di konesans Bondye a tankou kichòy nou pa kapab konpare “menm ak yon bijou ki genanpil valè” (Saj 7,9).


Men parabòl la fè n wè yon bagay ki pa gen parèy, ki fè moun ki tap chache a sezi: li wè sa li pat tann nan, petèt lè li tap pase nan yon boutik, yon bijou, sèl je li te kapab wè valè li te genyen an epi bon pwofi li te kapab jwenn pou li, ak tout eksperyans li an.


Se poutèt sa, apre li kalkile byen kalkile, li deside sa vo lapenn vann tou sal genyen pou l achte l. Kilès ki pa ta fè menm bagay si l te nan plas li?


Kidonk, men sa parabòl sa vle di nou: rankontre Jezi, sa vle di Reyn Bondye a nan mitan nou - men bijou a! - se okasyon sa ki pa gen lòt parèy nou bezwen sezi lè lap pase etan nap angaje tèt nou nèt ale ak tout fòs nou yo epi tou sa nou genyen an.


“Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l .”


Se pa pou premye fwa patizan yo rive devan yon chwa yo bezwen fè nèt ale. Pou yo kapab swiv Jezi, yo bezwen lage sa ki gen plis valè: fanmi, lajan, avni.


Men sa Jezi mande a se pa yon bagay ki pa gen rezon, ki pa gen sans. Pou “tou sa” nap pèdi, gen yon “tou sa” nap jwenn ki gen anpil plis valè. Chak fwa Jezi mande kichòy, lap pwomèt tou pou l bay anpil, pi plis, san li pa gen limit.


Konsa, ak parabòl sa a, Jezi asire nou nap jwenn yon trezò kap fè n pi rich toujou. Epi, si lage sak sèten an pou sak pa sèten an, yon byen nou genyen pou yon byen yo promèt nou an, kapab sanble yon erè, nou met sonje machan sa a: li konnen bijou sa gen anpil valè epi lap tann avèk konfyans sa li va jwenn nan lè lap vann li.


Konsa sila ki vle swiv Jezi konnen, li wè ak je lafwa, kokenn chenn avantaj lap jwenn nan pataje avè l eritaj Reyn nan poutèt li te lage tout bagay, omwens nan kè l.


Bondye ofri tout moun nan lavi yo yon okasyon konsa pou yo konn pran l.


“Reyn syèl la sanble ak moun kap chache bèl bijou. Lè li jwenn youn ki gen anpil valè, l ale, li vann tou sa l genyen , li achte l .”


Se yon envitasyon ki klè pou moun yo mete apa tout zidòl yo ki kapab pran plas Bondye nan kè yo: metye, maryaj, etid, bèl kay, pwofesyon, espò, amizman.


Se yon envitasyon pou n bay Bondye premye plas, anlè tout lide n yo, tout santiman n yo, paske tout bagay nan lavi nou dwe monte bò kote l jan yo desann bò kote n.


Si nap fè konsa, nan chache Reyn nan, dapre pwomès levanjil la, Bondye va ban nou tou sa nou bezwen (Lk 12,31).

Nan lage tout bagay pou Reyn Bondye a nap resevwa san fwa plis kay, frè, sè, papa, manman (Mt 19,29), paske levanjil la genyen yon kote ki bon pou moun yo: Jezi se Bondye ki tounen moun, li ban nou avèk manje nanm nan, pen an, kay la, rad yo, fanmi a.


Petèt nou ta dwe pran abitid depi n tou piti fè Bondye Papa konfyans, li menm ki pa fè yon moun, kap bay ak renmen ti kras li genyen an, manke sal bezwen an.


Nan peyi Kongo, yon gwoup jèn gason te fè kat yo te vann nan peyi Almay. Nan yon premye tan, yo sèvi ak lajan yo resevwa a pou fanmi yo a. Men apre sa, yo deside mete 50% lajan apa pou yo kapab ede 35 jèn ki pat gen travay.


Epi Bondye li pa gen mwens jenewozite pase moun yo. De nan pami jèn gason sa yo te si tèlman bay bon jan temwayaj kote yo tap travay la, lòt machan yo ki tap chache anplwaje yo te pran ranseyman nan men mèt boutik la epi onze nan jèn gason sa yo te jwenn yon travay pèmanan.


Kyara Libik