01/08/2010

“Se chans pou sila ki te kwè pawòl Granmèt la te di yo tap rive bout yo a” (Lk 1 45).

Pawòl sa yo soti nan yon sitiyasyon ki senp epi ki konsekan anpil. Se rankont de moun gwo vant, de manman, ki tap fè youn nèt ale ak ti pitit yo.
Se yo menm ki bouch pa yo ak santiman pa yo. Lè Mari pale, pitit Elizabèt la souke kò l nan vant li. Lè Elizabèt pale, sanble se pawòl pitit li a kap pase nan bouch li. Men apre premye pawòl sa yo pou l fè lwanj pou Mari, manman Granmèt la, dènye pawòl Elizabèt yo nan twazyèm pèsonn: “Se chans pou sila ki te kwè”.

Konsa pawòl sa yo pran yon sans ki bon pou tout moun. Se pou tout moun ki gen lafwa, kap resevwa Pawòl Bondye a, kap mete-l an pratik epi kap jwenn nan Mari pi bon modèl la.


Se chans pou sila ki te kwè pawòl Granmèt la te di yo tap rive bout yo a.


Se pou premye fwa yo di “se chans” nan levanjil la epi se pou Mari li ye men se pou tout lòt moun ki vle swiv li epi kap fè menm jan avè l.

Nan Mari, lafwa mare avèk manman Jezu, ki se fwi dèske li te koute Pawòl la. Isit la, Lik ban-n yon sijesyon ki bon pou nou menm tou. Pi devan nan levanjil la Jezu di: “Manman-m ak frè-m yo se sila ki koute Pawòl Bondye epi kap mete-l an pratik” (Lk 8,21).

Se tankou si Lespri Sen an tap pouse Elizabèt di li davans. Li anonse chak patizan Jezu kapab tounen “manman” Granmèt la. Kondisyon an se kwè nan Pawòl Bondye epi viv li.


Se chans pou sila ki te kwè pawòl Granmèt la te di yo tap rive bout yo a.


Apre Jezu, se Mari ki te konn di Bondye “wi” pi byen. Se sa ki fè li sen epi li gran tout bon. Si Jezu se Pawòl Bondye ki tounen moun, Mari, poutèt lafwa li nan Pawòl la, se Pawòl li te viv la, men se yon kreyati tankou nou menm epi li egalego ak nou menm.

Wòl Mari kòm manman Bondye li wo anpil epi li gen anpil enpòtans. Men Bondye, se pa Mari sèl li rele pou-l fè Kris la pran lavi nan li menm. Menm si se yon lòt fason, nenpòt kretyen gen pou-l fè Kris viv anndan kè-l jous li rive kapab di tankou Pòl ki sen: “Se pa mwen menm ankò kap viv, se Kris kap viv nan mwen menm” (Gal 2,20).

Kijan pou-n viv bagay sa yo?

Avèk atitid Mari devan Pawòl Bondye a, sa vle disponiblite. Kidonk, kwè avèk Mari, tout pwomès ki nan Pawòl Jezu va reyalize epi, tankou Mari, si li nesesè, riske moun yo kwè nou fou detanzantan devan sa Pawòl la mande-n pou-n fè.

Genyen bagay, kit yo gran kit yo piti, kap fè mèvèy pou moun kap kwè nan Pawòl la. Nou ta kapab plen anpil liv ak sak rive yo.

Ki moun ki ka bliye sak te pase nan ten lagè, etan nou tap kwè nan pawòl Jezu “mande yap ba nou” nou te mande tout sa anpil pòv yo te bezwen epi nou te wè sak farin yo, bwat lèt yo, konfiti, bwa, rad yo vini?

Jodi a menm bagay yo rive. “Bay yap ba nou” (Lk 6,38) epi magazen lacharite yo plen firanmezi yo vide yo.

Sak fè-n pi sezi se kijan pawòl Jezu yo vre toutan ak toupatou. Èd Bondye rive alè menm nan sikonstans ki pa posib, kote ki pi lwen sou tè a tankou sa te rive sa fè yon ti tan pou yon manmn kap viv nan lanmizè. Yon jou li te santi li te bezwen bay yon moun ki te pi mal pase-l dènye ti kòb li te genyen. Li te kwè nan “Bay yap ba nou” ki nan levanjil la. Kè l te poze. Ti kras pi ta, ti pitit li a te vini epi li te montre yon kado li te apenn resevwa sot nan men yon fanmi ki tap pase bò kote sa a. Li louvri ti men li epi te gen lajan miltipliye.

Yon ti esperyans tankou sila pouse nou kwè levanjil la epi chak nan nou kapab santi kè kontan, kè an fèt ki soti nan wè pwomès Jezu yo reyalize.

Lè, nan lavi chak jou a, etan nap li Bib la, nap rankontre Pawòl Bondye, ann louvri kè nou pou-n koute avèk lafwa sa Jezu mande-n epi ann kwè sa li pwomèt nou va reyalize. Sa pap pran anpil tan anvan nou dekouvri, tankou Mari ak manman sa nou tap pale a, li toujou kenbe promès li yo.


Kyara Libik