Se ak
pawòl sa yo, Jezi reponn Pyè ki tap mande-l apre li te koute bèl pawòl ki te
soti nan bouch li: “Granmèt, si frè-m fè peche kont mwen, konbyen fwa pou-m
padonnen-l? Eske se jouska sèt fwa?”. Jezi li menm di: “Mwen pa di-w jouska sèt
fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa”.
Petèt Pyè, poutèt pawòl Mèt la te sot di yo, te panse
li te gen bon kè. Li te vle fè sa-k bon, li te pare pou-l lage kò-l nan nouvo
wout sa-a nan fè yon bagay san parèy: li tap padonnen jouska sèt fwa.
Men Jezi reponn li: “… jouska swasantdis fwa sèt fwa”,
sa vle di padonnen pa ta dwe gen limit. Nou bezwen padonnen toujou.
“Mwen pa di-w
jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa.”
Pawòl sa fè n sonje kantik labib Lamèk la, nan ras
Adam: “Yap vanje Kayen sèt fwa, men Lamèk, swasantdis fwa” (Jen 4,24). Se konsa
rayisans te kòmanse gaye nan mitan moun ki sou tè a: li gwo tankou yon larivyè
kap desann.
Devan mal kap gaye a, Jezi mete padon san limit, san
kondisyon, kòm sa ki kapab kraze baryè vyolans lan.
Padonnen se sèl fason pou yo kenbe desòd la epi bay
moun yo yon lavni ki pap kraze tout bagay.
“Mwen pa di-w
jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa.”
Padonnen. Padonnen toutan. Padonnen pa vle di bliye ki
anpil fwa vle di pa vle gade bagay yo jan yo ye a. Padonnen se pa feblès, sa
vle di pa pran ka sak pa kòrèk paske w pè sila ki te fè-l la. Padonnen se pa di
sak grav oubyen sak ki mal pa enpotan. Padonnen se pa endiferans. Padonnen se
yon zak wap fè ak tout lespri-w, ak tout detèminasyon ou, kidonk ki lib. Se resevwa frè-w oubyen sè-w yo jan yo ye a malgre mal yo te fè a, jan
Bondye resevwa nou pechè malgre tout fòt nou yo. Padonnen se pa bay kou pou kou men se fè sa Pòl di a: “Pa kite sa ki mal
pran pye sou-w. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal” (Rm 12,21)
Padonnen se bay sila ki te fè-w ditò chans pou l gen
yon nouvo kalite rapò avèk ou. Kidonk, bay toulede yon chans pou yo rekòmanse
lavi, yon lavni kote mal la pap gen dènye mo a.
“Mwen pa di-w
jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa.”
Kijan nap fè pou n viv Pawòl sa a?
Pyè te mande Jezi: “Konbyen fwa pou-m padonnen frè-m
nan?”.
Jezi, nan repons li te bay, tap sonje rapò nan pami kretyen yo, nan pami
moun menm kòminote a.
Se dabò avèk frè-n ak sè-n yo nan lafwa nou dwe konpòte konsa: nan fanmi
an, nan travay la, nan lekòl la oubyen nan kòminote kote nou ye a.
Nou konnen konbyen fwa nou ta anvi reponn ak yon jès oubyen ak yon pawòl ki
sanble ak mal nou sot resevwa a.
Nou konnen kijan li fasil pou moun kap viv ansanm rive manke renmen youn
pou lòt kit se poutèt karaktè yo ki pa menm, kit se paske yo nève ou byen pou
tout kalite lòt bagay. Enben, nou bezwen konnen se sèlman yon atitif padon toujou
nouvo ki kapab kenbe kè poze ak tèt ansanm nan mitan frè yo.
Toujou gen tandans pou moun yo sonje defo frè ak sè yo, sonje sa yo te fè
nan tan ki pase a, pou yo pa jan yo ye a… Nou bezwen pran abatid gade yo ak yon
je ki nouvo epi aksèpte yo jan yo ye jous nan bout nèt, menm si yo pa regrèt.
Yo met di: “Se yon bagay ki difisil”. Se vre. Men se sak bèl nan swiv Jezi. Se pa pou bon tan nap swiv Kris la
ki, lè li tap pandye sou kwa a, te mande Papa padon pou moun ki te fè l mouri
epi li leve byen vivan.
An-n pran kouraj. An-n kòmanse yon lavi konsa kap fè
kè-n poze nou pat janm santi anvan epi yon kè kontan nou pat konnen.
Kyara Libik