01/10/2010

“Se pou w renmen pwochen w tankou w menm” (Mt 22, 39).



            Pawòl sa te deja nan Ansyen Kontra.

            Pou-l te kapab bay yon kesyon bon jan repons, Jezi rantre nan menm chemen pwofèt ak pwofesè lalwa ki tap chache sa-k te kapab ranmase tout Lalwa. Sa vle di sa Bondye te vle di nan Bib la. Rabbi Hillel, ki tap viv apeprè nan menm tan avè-l, te di: Pa fè pwochen w sa w pa ta renmen, se tout lalwa a. Rès la se sèlman esplikasyon.

            Pou mèt jwif yo, renmen pwochen an soti nan renmen Bondye ki te fè moun pòtre ak li. Se poutèt sa nou pa ka renmen Bondye san nou pa renmen sa l te fè-a. Se vre rezon pou n renmen pwochen an. Se “pi gwo prensip kap ranmase tout lalwa”.

            Jezi ranfose prensip sa epi li ajoute kòmandman renmen pwochen an ki sanble avèk premye ak pi gran kòmandman: renmen Bondye ak tout kè, ak tout lespri ak tout namn nan. Antan lap di de kòmandman sa yo sanble, li kole yo tout bon tankou kretyen yo pral fè apre tankou apòt Jan di: «Moun ki pa renmen frè-l li wè- a, li pa kapab renmen Bondye li pa wè-a” (1 Jn 2,20).

“Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm.”

            Pwochen an, tankou levanjil la di l aklè, se tout moun , gason kon fi, zanmi kon lenmi, ou dwe respèkte, konsidere epi estime. Renmen pwochen an li inivèsèl epi li pèsonèl ansanm. Li pou tout moun epi pou sila ki bò kote w.

            Men kilès ki kapab ban nou yon kè ki si tèlman gwo kapab mete nan nou yon santiman kap fè n santi nou pwòch menm moun nou pa konnen dekwa pou n kapab depasse renmen nou genyen pou ‘pwòp tèt nou’ jous nou rive wè ‘pwòp tèt nou’ nan lòt yo? Se yon kado Bondye, se renmen Bondye menm “te vide anndan kè nou, gras a Lespri Sen-an li ban nou-an” (Rm 5. 5).

            Se pa yon renmen òdinè, se pa sèlman zanmitay, se pa renmen moun yo, men se renmen sa a, yo te vide nan kè nou depi batèm nou an. Renmen sa se lavi Bondye menm menm ki Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an. Li envite nou patisipe ladan l.

            Kidonk, renmen se tout bagay. Men pou-n kapab viv li byen, nou bezwen konnen kalite renmen sa yo ki soti nan Levanjil la epi nan tout Bib la nou kapab ranmase nan kèk ki pi konsekan.

            An premye, Jezi te mouri pou tout moun, nan renmen tout moun. Li montre nou vre renmen an se pou tout moun li ye. Se pa tankou renmen nap viv anpil fwa, renmen moun yo ki pou kèk nan yo: fanmi an, zanmi yo, vwazinay la… Vre renmen Jezi vle-a, li pa aksepte fè diferans. Li pa distenge moun ki janti ak moun ki rayisab. Pou li pa gen moun ki bèl, moun ki lèd, moun ki gran, moun ki piti. Pou renmen sa, pa gen moun lakay, moun andeyò, moun nan menm legliz ak mwen epi sa-k nan yon lòt, moun ki gen menm relijion avè m epi lòt yo. Renmen sa se pou tout moun. Se konsa nou bezwen fè, nou menm tou: renmen tout moun.

            Vre renmen an se li menm ki renmen an premye. Li pa tann pou lòt renmen l tankou moun yo konn fè: yo renmen moun ki renmen yo. Vre renmen an antreprann fè premye pa tankou Papa-a te fè lè li te voye Pitit li-a pou l sove nou etan nou te pechè epi nou pat viv nan renmen.
            Kidonk: renmen tout moun epi renmen an premye.

            Vre renmen an anplis, konn wè Jezi nan chak pwochen: “Se mwen menm nou te fè-l” (Cf. Mt 25,40), Jezi pral di nou nan dènye jijman an. Se vre pou sa k byen nap fè-a men pou sa k mal la tou.
            Vre renmen an se pou zanmi l ak pou lenmi l tou: lap fè sa k bon pou li epi lap lapriyè pou li.
            Jezi vle tou pou renmen li te pote sou tè-a vini parèy youn pou lòt dekwa pou yo rive viv nan tèt ansanm.

            Tout kalite sa yo kapab fè n konprann epi viv pi byen Pawòl lavi mwa sa a.

“Se pou w renmen pwochen w tankou w menm.”

            Wi, vre renmen an li konn renmen lòt la tankou li menm. Se yon bagay nou bezwen pran alalèt. Fò n wè pwòp tèt nou nan lòt la epi fè l jan nou t ap fè pou nou menm menm. Vre renmen an se sila ki konn soufri ak moun ki soufri a. Kè l kontan ak moun ki nan kè kontan. Li pote chay lòt yo, li konn fè youn ak moun li renmen an jan Pòl di a. Kidonk, se yon renmen ki pa sèlman sou santiman, sou bèl koze, men nan jès yo tou.

            Moun ki gen yon lòt kalite lafwa chèche fè konsa tou poutèt sa yo rele “règ lò” a nou ka jwenn nan tout relijyon yo. Li vle pou n fè lòt yo sa nou ta renmen pou yo fè pou nou. Gandhi esplike l yon fason ki senp epi tout moun kapab mete an pratik: “Mwen pa kapab fè w mal san m pa blese pwòp tèt mwen”.

            Kidonk, mwa sa a dwe tounen yon okasyon pou n mete an pratik renmen pwochen ki gen anpil figi sot nan vwazinay la rive nan konpayon lekòl la, sot nan zanmi yo rive nan paran ki pi pwòch yo. Men gen figi tout moun kap soufri anba lagè oubyen katastwòf lanati nou wè nan TV. Yon lè nou pat konnen yo epi yo te byen lwen, men koulye a yo menm tou se pwochen yo ye.

            Renmen pral di nou chak fwa kisa pou n fè epi lap fè kè nou grandi nan mezi kè Jezi a menm.

Kyara Libik