Jezi
te kòmanse prèche sou mòn nan. Li te devan lak Tiberiyad la sou yon ti
mòn pwòch Kafanaòm. Li te chita, tankou mèt te konn fè, epi li tap anonse foul
moun yo benediksyon. Anpil fwa nan Ansyen Kontra pawòl “benediksyon” te sonnen.
Se te pou fè lwanj pou moun ki tap akonpli Pawòl Bondye nan tout kòmandman li
yo.
Benediksyon Jezi yo a tap fè disip yo
sonje sa yo te deja konnen yon ti kras. Men se te pou premye fwa yo te tande sa
ki gen kè yo nèt yo pat sèlman kapab monte sou mòn Granmèt la tankou yo di nan
Som nan (Cf. Som 24,4) men yo te kapab wè Bondye. Ki kalite pwòpte sa ki si tèlman
gran pou-l kapab pèmèt nou sa? Jezi te esplike-l anpil fwa nan pale li
tap pale-a. Ann chèche swiv li nan dekouvri vre pwòpte a.
“Se chans
pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye.”
Dapre
Jezi, anlè tout bagay gen yon mwayen pou netwaye nèt ale: “Nou menm nou deja
netwaye gras a pawòl la mwen te anonse nou an”. Se pa si tèlman
seremoni kap netwaye nanm nan, men se Pawòl la. Pawòl Jezi a se pa tankou pawòl
lezòm. Kris la prezan nan Pawòl li-a tankou nan lekaristi a, menm si se yon lòt
fason. Se konsa Kris la rantre nan nou menm toutotan nap kite-l aji epi li fè-n
lib devan peche a, kidonk li netwaye kè nou an.
Kidonk,
pwòpte a se fwi Pawòl nap viv la, tout Pawòl Jezi kap fè-n lib devan tout
atachman nou genyen, si kè nou pa kole sou Bondye ak ansèyman li yo. Atachman
sa yo se kapab pou bagay yo, pou moun yo, pou pwòp tèt nou. Si kè nou dirije sou
Bondye sèl ak ansèyman li yo, tout rès la va tonbe.
Pou
n reyisi nan antrepiz sa, li ka itil di Jezi, di Bondye, pawòl som sa kap di: “Se-w,
Granmèt, ki sèl richès mwen!” (Som 16,2). Ann eseye repete-l anpil, sitou lè
kèk atachman ta vle fè kè nou an kouri dèyè kèk imaj, kèk santiman, oubyen kèk
emosyon ta vle kache sa-k bon an epi wete libète nou an.
Petèt
nou ka santi nou ta gen tandans gade kèk piblisite oubyen kèk pwogram TV? Non,
ann di: “Se-w, Granmèt, ki sèl richès mwen!” epi sa kapab yon premye pa kap fè nou
soti anndan nou menm pou-n deklare ankò renmen nou genyen pou Bondye. Konsa,
nou va pwòpte kè nou.
Gen
lè nou santi yon moun oubyen yon aktivite kapab vini pran plas ant nou menm epi
Bondye pou-l vin gate relasyon nou genyen avè-l. Lè sa, se pou-n repete: “Se-w,
Granmèt, ki sèl richès mwen!” Sa va ede nou pwòpte entansyon nou yo epi jwenn
libète kè-n ankò.
“Se chans
pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye.”
Pawòl
nap viv la fè-n lib epi pwòp paske se renmen. Se renmen an kap netwaye pwojè
nou yo ak tout kè nou ak dife Bondye paske dapre Bib la se nan kè a entelijans
ak volonte nou an chita.
Men
gen yon kalite renmen Jezi mande nou epi kap pèmèt nou viv benediksyon sa, Se
youn renmen lòt, pare pou bay lavi lòt, yo dapre egzanp Jesi menm. Renmen sa fè
yon kouran pase, yon boukantay, yon anbyans kote gen tranparans, pwòpte poutèt
prezans Bondye, ki sèl kapab kreye yon kè nèt pou nou (Cf. Som 50,12). Se nan
youn renmen lòt, Pawòl la aji pou-l netwaye epi fè-n vin sen.
Yon moun ki pou kont li,
li pa kapab reziste toutan tout sa ki kapab atire li sous tè a. Okontrè, nan
youn renmen lòt, li rive jwenn yon anbyans ki bon, ki kapab pwoteje pwòpte-l
epi tou lavi tankou yon kretyen tout bon.
“Se
chans pou sa ki gen kè yo nèt, paske se yo menm kap wè Bondye.”
Epi
fwi pwòpte sa ki toujou refèt, se “wè Bondye”, sa vle di konpran kijan li aji
nan lavi nou an ak nan istwa nou an. Lap fè-n tande pawòl li nan kè nou, pou-n
ka jwenn prezans li kote li ye a: nan pòv yo, nan lekaristi a, nan Pawòl li a,
nan tèt ensanm ak frè n yo, nan legliz la.
Se
yon fason pou n goute davans prezans Bondye kap kòmanse depi lavi sa a kote “se
nan lafwa nap kondwi tèt nou, se pa selon sa nou wè” (2 Ko 5,7) annatandan nou
rive wè li “fas a fas” (1 Ko 13,12) pou tout tan gen tan.
Kyara Libik