Kesyon
Mari te poze Mesaje a: “Kijan sa ap fèt?” (Lk 1,34) te resevwa repons sa:
“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye”. Epi Mesaje a te ba-l egzanp
Elizabèt ki nan vyeyès li tap fè yon pitit gason. Mari te kwè epi li te tounen Manman Granmèt
la.
Bondye genyen tout pouvwa. Se non sa
nap jwenn nan Bib la epi yo sèvi avè-l lè yo vle pale sou pouvwa Bondye kap
beni, kap jije, kap dirije tou sa kap pase etan lap reyalize pwojè li yo.
Genyen yon sèl limit pou pouvwa
Bondye-a, se libète moun nan. Li kapab anpeche pou volonte Bondye fèt: konsa li vin pa kapab alòske li
ta dwe rive pataje fòs Bondye-a menm.
“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou Bondye.”
[…] Se yon Pawòl ki louvri kè nou pou-n fè renmen Bondye
Papa yon konfyans ki pa gen limit, paske si Bondye egziste epi si se renmen li
ye, yon konfyans nèt ale nan li menm se yon konsekans ki gen sans.
Tout favè yo li kapab ban nou yo: ni sa-k pou kò a ni sa-k pou lespri a,
ni sa-k posib ni sa-k pa posib. Li bay moun ki mande yo epi moun ki pa mande yo
paske, jan levanjil la di, li “fè solèy la leve ni sou moun ki mechan ni sou
moun ki bon” (Mt 5, 45). L-ap mande nou tou fè tankou li menm, ak menm kalite
renmen ki pou tout moun epi ki chita sou lafwa k-ap di:
“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize pou
Bondye.”
Kidonk, kijan pou-n viv Pawòl sa
chak jou-a?
Detanzantan, nou tout n-ap jwenn
sitiyasyon difisil, k-ap fè n soufri, kit se nan lavi pèsonèl pa nou kit se nan
relasyon nou genyen ak lòt yo. Gen lè n-ap fè esperyans nou manke fòs paske nou
wè gen kèk bagay oubyen kèk moun k-ap mare tèt nou epi k-ap fè-n esklav epi nou
ta vle chape anba sitiyasyon sa-a. Anpil fwa nou rive devan moun ki endiferan,
ki egoyis, k-ap bati tankou yon mi ki fè nou santi nou pa ka fè anyen devan sitiyasyon sa yo k-ap depase
nou.
Enben, nan moman sa yo, Pawòl Lavi a kapab ede nou. Jezi
kite-n fè esperyans enkapasite pa nou, pa si tèlman pou-l dekouraje nou, men pou-l
ede-n konprann pi byen “Nanpwen okenn bagay Bondye pa ka reyalize”. Dekwa pou-l
fè nou fè esperians kokenn chenn fòs favè li genyen k-ap parèt nan moman menm
nou wè nou pa kapab fè anyen ak pwòp fòs pa nou yo.
“Nanpwen okenn pawòl ki pa kapab reyalize
pou Bondye.”
Si n-ap sonje sa nan moman ki pi difícil yo, nou va wè
gen yon enèji ki soti nan Pawòl Bondye epi ki kapab fè-n patisipe nan pwisans
li a. Men gen yon kondisyon, se pou-n fè sa-l vle pou-n fè-a etan n-ap chache
fè renmen li te mete nan kè nou gaye alawonbadèMen gen yon kondisyon, se pou-n
fè sa-l vle pou-n fè-a etan n-ap chache fè renmen li te mete nan kè nou gaye
alawonbadè. Konsa na va rive jwenn menm kalite renmen ak Bondye ki kapab fè
tout bagay pou moun li te fè yo epi ki kapab fè tout sa ki ka reyalize lide li
genyen pou nou chak epi pou tout moun yo.
Men
genyen yon moman ki espesyal pou-n kapab viv Pawòl sa epi pou-n ka wè kijan li
efikas, se nan lapriyè.
Jezi te
di nou kèlkeswa sa n-ap mande Papa sou non li, li va ba nou li. An nou eseye
mande-l sa nou vle pi plis avèk asirans lafwa ki di nou nan pwen bagay ki pa ka
reyalize, depi bagay nou pèdi espwa li ka ranje rive lapè sou latè, depi geri
moun ki malad grav rive jwenn solisyon pou pw blèm nan fami a ak nan sosyete a.
Anplis
si moun yo ansanm pou yo mande menm bagay, epi yo dakò nan youn renmen lòt, lè
sa se Jezi li menm menm nan mitan nou k-ap lapriyè Papa epi, jan li te pwomèt
la, n-ap jwenn li.
Ak
kalite lafwa sa nan tout pouvwa Bondye-a ak nan Renmen li-a, nou menm tou nou
te mande yon jou pou N. kansè sa yo tè wè nan radyografi a “disparèt” tankou se
se te yn èrè ou byen yon ilisyon. Epi sa te rive
Konfyans sa ki pa gen
limit kap fè-n santi sa nan bra yon Papa ki gen tout pouvwa nou ye ta dw
akonpanyen nou toujou nan difikilte lavi nou an. Sa pa vle di nap toujou jwenn
sa nap mande-a. Se pouvwa yon Papa li ye epi l-ap sèvi avè-l toujou epi toutan
pou sak bon pou pitit li yo, kit yo konnen-l kit yo pa konnen-l. Sak konsekan
se pou-n viv ak yon kè ki sèten dèske pou Bondye nanpwen okenn bagay li pa ka
fè epi sa va fè kè-n poze yon fason nou pa-t janm konnen anvan.
Kyara Libik