01/01/2013

“Al aprann sa sa vle di: Se kè sansib mwen vle, plis pase sakrifis” (Mt 9,13. cf. Os 6.6 )


Ekri  1996


… se kè sansib mwen vle, plis pase sakrifis.
            Ki lè Jezi te di pawòl sa yo?
            Jezi te atab, li t-ap chita ak kèk kolèktè kontribisyon ak moun ki t-ap viv nan peche.  Lè farisyen ki te la yo wè sa, yo di patizan-l yo: “Pouki sa mèt nou-an ap manje ansanm ak kolèktè kontribisyon ak moun k-ap viv nan péché yo?” (Mt 9,11).  Lè Jezi te tande pawòl sa yo li te di yo:
“Al aprann sa sa vle di: Se kè sansib mwen vle, plis pase sakrifis.”
            Jezi pran yon pawòl pwofèt Oze, konsa li montre kijan li dekò avèk sa l-ap di-a.  Se konsa li menm menm konn aji paske renmen-an pi gran pase tout lòt kòmandman yo.
            Se konsa kretyen yo genyen pou yo viv.  Jezi te vini pou-l di sa Bondye ap tann nan men nou vizavi tout lòt moun yo - kit se gason kit se fiy -: anvan tout bagay se renmen.  Bondye te di deja volonte pa-l nan ekriti yo, jan nou kapab wè nan pawòl pwofèt la (Oze 6,6).  
            Renmen-an se pwogram pou lavi tout kretyen, kòmandman kote tout aksyon li chita, limyè ki ka gide tout demach li yo.
            Renmen-en dwe pase anvan tout lòt kòmandman yo.  Renmen lòt yo se kote tout lòt kòmandman yo chita.
… se kè sansib mwen vle, plis pase sakrifis.”.
            Jezi vle pou-n renmen epi kè sansib se fason pou-n fè li.
            Li vle pou kretyen an viv konsa paske se konsa Bondye ye li menm menm.
            Pou Jezi, Bondye se kè sansib li ye, se yon Papa ki renmen tout moun, k-ap fè solèy la leve epi lapli tonbe ni sou moun ki kòrèk ni sou moun ki pa kòrèk yo. 
            Jezi, paske li renmen tout moun, li pa pè rete ak pechè yo epi konsa li fè-n wè kilès Bondye ye. 
            Kidonk, si Bondye konsa, si Jezi konsa, ou menm tou w dwe genyen menm santiman.
… se kè sansib mwen vle, plis pase sakrifis.
            “...plis pase sakrifis”.
            Si-w pa renmen frè-w, Jezi pa renmen lapriyè-w.  Li pa resevwa lapriyè-w, lamès la, sa-w ka ofri li, si tout bagay sa yo pa soti nan kè poze ak tout moun, ki renmen tout moun.
            Èske-w sonje pawòl fò anpil k-ap soti nan koze sou mòn nan?  “Konsa, si w-ap pòte kado-w sou lotèl la, epi lè w rive la, ou sonje frè-w gen kichòy kont ou, kite kado-w la la devan lotèl la, epi ale, kòmanse rekonsilye ak frè-w la, apre sa w-ap vini, w-ap pote kado-w la” (Mt 5, 23-24.)
            Pawòl sa yo ap di-w kado k-ap fè Bondye plis plezi se renmen pwochen an. Se sou sa kado pou Bondye dwe chita.
            Si-w ta vle fè papa-w yon kado etan ou fache avèk frè-w ( oubyen frè-w avèk ou), kisa papa-w ta di-w?  “Se pou kè-w poze ak frè-w epi apre sa w met ofri-m sa-w vle.”
            Pi plis pase sa.  Renmen an se pa sèlman baz lavi kretyen yo men se chemen ki pi dwat pou-w rete nan tèt ansanm avèk Bondye.  Se sa  moun ki te viv anvan nou kòm temwen levanjil la, sen yo, di nou, se esperyans sa kretyen yo ap fè nan viv lafwa yo: si yo ede frè ak sè yo ki gen plis bezwen, tèt ansanm ak Bondye vin pi gran, yo renmen li plis, yo dekouvri genyen yon bon jan relasyon antre yo menm epi Bondye.  Se sa k ba yo plis kè kontan nan lavi pa yo.  
… se kè sansib mwen vle, plis pase sakrifis.         
            Kijan pou-n viv nouvo Pawòl Lavi sa?
            Nou pa dwe fè diferans ant moun nou rankontre yo, nou pa dwe mete pyès moun a kote men bay chak moun sa w kapab bay tankou Bondye Papa-w.  Fè tout dezakò disparèt, kit yo piti kit yo gran, paske Bondye pa renmen yo epi y-ap fè lavi-w pèdi bon gou li-a, pa kite solèy la desann sou kolè-w kont pyès moun, tankou Ekriti-a di: “Pa kite solèy la kouche sou kolè nou” (Ef 4,26).
            Si w-ap fè konsa, tou sa w pral fè-a, ap fè Bondye kontan epi l-ap dire pou tout tan gen tan.  Kit w-ap travay kit w-ap repoze, kit w-ap jwe kit w-ap etidye, kit ou ansanm ak pitit ou yo oubyen w-ap mache ak madanm ou oubyen mari-w, kit w-ap lapriyè oubyen w-ap sakrifye tèt ou oubyen w-ap fè sèvis Bondye ki dakò avèk vokasyon pa-w tankou kretyen, tout bagay ap sèvi pou Reny syèl la.
            Paradi-a se yon kay n-ap bati bò isit la epi kote nou rete lòt bò-a.  Li fèt ak renmen.
Kyara Libik