01/02/2013

“Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò-a al nan lavi-a, paske nou renmen frè nou” (1Jn 3,14).




            Jan ekri kominote chretyen li te fonde-yo nan yon moman ki difisil. Sèke erè ak lide ki pa-t kòrèk sou lafwa ak fason pou moun yo viv te kòmanse kouri epi kretyen yo te oblije viv nan mitan yon mantalite payen ki te di epi ki pa-t dapre lespri levanjil la.
            Paske li vle ede pitit li yo, apòt la montre yo yon remèd efikas: renmen frè yo, viv kòmandaman renmen an yo te resevwa depi nan kòmansman e ki ranmase tout lòt kòmandman yo.
            Si y-ap fè konsa, y-ap konnen kisa lavi-a ye, y-ap rantre nan tèt ansanm ak Bondye, y-ap fè esperyans Bondye se Renmen. Konsa y-ap vin pi djanm nan lafwa yo epi y-ap kapab fè fas kare ak tout atak yo nan tan kriz la.
Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò-a al nan lavi-a, paske nou renmen frè nou.
            Nou menm nou konnen.... Apòt la pale sou yon kalite konesans ki soti nan esperyans lan. Se tankou si li t-ap di: nou te eseye-l, nou te manye-l. Se esperyans sa, kretyen, li te anonse levanjil ba yo, te fè depi nan kòmansman. Sa vle di lè yo mete an pratik kòmandman Bondye yo, sitou kòmandman renmen frè yo, lè sa yo rantre nan lavi Bondye-a menm.
            Men kretyen k-ap viv jodi a, eske yo konnen esperyans sa? Yo konnen yo bezwen mete kòmandman Granmèt la an pratik. Jezi di anpil fwa se pa kont pou moun yo tande-l, men yo bezwen mete Pawòl Bondye an pratik (cf. Mt, 5,19-7,21).
            Men pi fò nan kretyen yo pa considere sa ki pi bèl nan lavi kretyen yo, kit se paske yo pa konnen kit se paske yo konnen nan tèt sèlman san yo pa fè esperyans sa apòt Jan t-ap pale-a. Sa vle di lè n-ap viv kòmandman renmen an, Bondye vin rete nan nou menm epi l-ap fè nou goute yon lavi ki plen, nan kè poze ak nan kè kontan depi isit la sou tè-a.
            Lè sa, tout bagay yo vin klè, tout bagay vin bèl. Pa gen distans ant lafwa ak lavi. Lafwa vin tounen fòs sa k-ap mare ansanm tout aksyon nou yo.
Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò-a al nan lavi-a, paske nou renmen frè nou.
            Pawòl Lavi sa di nou renmen pwochen an se chemen wa k-ap mennen nou kot Bondye. Depi nou tout se pitit li nou ye, sa li vle pi plis se pou-n youn renmen lòt. Nou pa kapab ba li plis kè kontan pase nan youn renmen lòt.
            Renmen frè ak sè nou yo ban nou tèt ansanm ak Bondye. Li tounen sous limyè ak lavi k-ap bay anpil fwi nan lespri nou-an epi k-ap fè-l vin toujou nouvo. L-ap anpeche gangrenn, maleng epi toujou rete sou plas. Sa vle di li fè-n travèse sot nan lamò-a al nan lavi-a. Lè pa gen renmen, tout bagay vin fennen epi li mouri: pa gen kè kontan, bon jan lide, tout bagay vin annwiyan, moun yo chèche chape kò, yo pèdi valè pa yo, elatriye.
Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò-a al nan lavi-a, paske nou renmen frè nou.
            Frè yo, apòt la ap pale-a, se moun kòminote kote nou ye-a. Si se vre nou dwe renmen tout moun, se vre tou renmen sa dwe kòmanse ak moun k-ap viv ansanm ak nou pou-l rive jwenn tout moun yo. An premye, nou dwe sonje fanmi nou-an, moun n-ap travay ansanm avèk yo, moun ki nan pawas la, nan asosyasyon, nan kònimote kote nou ye-a. Renmen frè-n yo pa ta vre epi li pa ta nòmal si li pa-t kòmanse la. Tout kote nou ye-a, nou bezwen konstwi fanmi pitit Bondye.
Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò-a al nan lavi-a, paske nou renmen frè nou.
            Pawòl lavi sa louvri pou nou yon pakèt pèspektiv. Li pouse nou nan kokenn chenn avanti renmen ketyen-an k-ap louvri chemen nou pa ta janm prevwa.
            An premye, li fè-n sonje nan mond kote n-ap viv la, ki chita sou vyolans lan, lalwa moun ki pi fò-a, ki gen plis malis, ki pa gen renka, kote pafwa tout bagay vin kanpe rèd poutèt materyalis ak egoyis la, répons pou-n bay se renmen pwochen an. Se sa ki remèd pou geri tout maladi yo. Sèke lè n-ap viv kòmandman renmen an, anplis lavi a vin pi fò, tout bagay alawonnbadè vin santi sa. Se tankou yon chalè ki sot nan Bondye epi ki gaye tout kote nan chanje relasyon ant moun ak moun, ant gwoup ak gwoup jous li rive chanje sosyete a.
            An nou pran desizyon sa. Nou gen yon pakèt frè ak sè pou-n renmen nan non Jezi Kri toujou epi tout kote. Ann fidèl ak kalite renmen sa. Ann ede anpil lòt moun yo fè menm jan. Lè sa n-ap konnen nan nanm nou kisa sa ye pou-n viv nan tèt ansanm ak Bondye. Lafwa nou ap vini pi djanm, dout nou yo ap disparèt epi nou pap toumante tèt nou ankò. Lavi nou va pi plen.

Kyara Libik