Pandan
Jezi t-ap bay lansèyman nan kay sakre-a, pwofesè yo ak farizyen yo mennen yon
madanm marye yo te kenbe ap fè movè dezòd epi yo te di-l : “Nan lalwa-a, Moyiz
kòmande nou pou kalité moun sa yo, yo touye yo ak kout wòch. Ou menm sa-w di?”
(Jn 8,5).
Konsa yo
te vle pran li nan pyèj. Sèke si Jezi pa-t dakò pou yo touye-l, yo te kapab di
li ale kont Lalwa, paske dapre sila, temyen dirèk fòt la te dwe voye wòch an
premye sou sila ki te peche-a epi pèp la kontinye voye tou. Si Jezi te di li
dwe mouri, yo t-ap mete-l an kontradiksyon avèk lansèyman li sou kè sansib
Bondye pou pechè yo.
Men Jezi t-ap ekri ak dwèt li sou tè-a san li pa-t pran ka yo epi li drese
kò-l, li di yo:
“Moun ki san peche nan pami nou-an, se pou-l voye
wòch an premye sou li.”
Moun ki
t-ap akize madanm nan pati youn pa youn, kòmanse pa sa-k pi granmoun yo. Mèt la
di madanm nan: “Kote yo? Pèsòn pa kondane-w?”
Li di :
“Pèsòn, Granmèt.” “ Ni mwen menm tou, mwen pa kondane-w. Ale, apati koulye-a,
pa fè peche ankò.” (cf. Jn 8, 10-11).
“Moun ki san peche nan pami nou-an, se pou-l voye
wòch an premye sou li”
Ak pawòl
sa yo, Jezi pa vle montre li dakò ak sa-k mal, tankou adiltè. Pawòl li yo:
“Ale, apati koulye-a, pa fè peche ankò” montre aklè sa ki kòmandman Bondye.
Jezi vle
mete aklè tou kijan, moun k-ap jije sè li-a tankou yon moun k-ap fè peche, li
ipokrit epi li pa rekonèt li menm tou, se pechè li ye. Li souliyen, ak pawòl sa
yo, pawòl sa moun yo konnen byen: “Pa jije, pou yo pa jije nou, paske ak jijman
n-ap jije-a y-ap mezire pou nou” (Mt 7,1-2).
Nan pale
konsa, Jezi pale tou ak moun ki kondane lòt yo nèt ale, san yo pa konsidere yo
kapab regrèt sa yo te fè-a. Li montre aklè kisa ki konpòtman pa-l devan moun
k-ap bite : mizèrikòd. Lè moun ki te kondane madanm nan yo gen tan ale, “yo te
rete toulede - di Ogistin, Monsèyè Ipòn nan - : mizè-a ak mizèrikòd la”.
“Moun ki san peche nan pami nou-an, se pou-l voye
wòch an premye sou li.”
Kijan
pou-n mete an pratik Pawòl sa?
Nan sonje devan nenpòt nan frè ak sè nou an se pechè
nou ye. Nou tout nou gen tan fè peche epi, menm si sanble nou pa-t fè gwo èrè,
nou dwe toujou sonje sikonstans lavi ki te kapab fè lòt yo bite epi ale lwen
Bondye. Kijan nou ta fè nan plas yo?
Nou
menm tou, gen de fwa nou te kraze fil renmen ki dwe mare nou ak Bondye, nou
menm tou nou pa-t fidèl.
Si
Jezi, sèl moun ki te san peche, pa-t voye premye wòch kont adiltè-a, nou menm
menm nou pa ka fè-l kont pyès moun.
Kidonk,
an nou genyen mizèrikòd pou tout moun, an nou reyaji kont sa ki kapab pouse nou
kondane san pitye, nou dwe konn padonnen epi bliye. Pa kite nan kè nou ti kal
jijman ak rankin kote kòlè-a ak rayisans lan ka fè nich pou yo ekate nou ak frè-n
yo. Gade chak moun tankou si li te nouvo.
Nan
plas jijman ak kondanasyon si nou genyen renmen ak mizèrikòd pou chak moun,
n-ap ede-l kòmanse yon lavi ki nouvo, n-ap ba li kouraj pou-l rekòmanse chak
fwa.
Kyara Libik