01/05/2013

“Bay, y-ap ba nou. Se yon bon mezi byen foule, byen souke, k-ap debòde, k-ap vide nan pwatrin nou” (Lk 6, 38).


            Èske-w pat janm resevwa yon kado nan men yon zanmi epi w te santi-w te bezwen fè kichòy pou li? Fè-l pa si tèlman paske-w dwe li kichòy, men paske-w renmen li? Wi sèten.

            Si sa te rive pou-w, ou ka imajine pou Bondye, li menm ki se Renmen.

            L-ap remèt nou tout kado nou kapab fè pwochen nou yo sou non li. Se yon eksperyans vre kretyen yo konn fè anpil fwa. Chak fwa, yo sezi. Nou pa janm abitye dekouvri kijan Bondye konn envante. Mwen ta kapab bay mil, dimil egzanp, mwen ta ka ekri yon liv sou sa. Ou ta kapab wè kijan imaj sa vre «yon bon mezi byen foule, byen souke, k-ap debòde, k-ap vide nan pwatrin nou”. Sa vle di kijan Bondye konn remèt, avèk tout renmen ki nan kè-l.

            Men yon egzanp. “Lanwit te gen tan tonbe sou Wòm. Ti gwoup jènn fi yo, ki te vle viv levanjil la, te nan kay epi youn t-ap swete lòt bòn nwuit. Men klòch la ki sonnen nan pòtay la. Kilès sa kapab ye nan lè sa? Yon mesye prezante tèt li nan pòtay la, kè-l sote, li dekouraje: nan demen yo va mete-l deyò lakay ansanm ak tout fanmiy li paske li pa-t peye lwaye li-a. Fi yo gade epi, paske yo wè yo dakò, yo louvri ti bwat kote yo konn mete nan diferan anvlòp yo, ti kras ki rete nan lajan travay pa yo epi lajan pou peye gaz la, telefòn nan, limyè-a. Yo bay moun nan tout sa-k te anndan-l, san yo pa rezonen. Yo dòmi ak kè kontan nan nwit sa. Yon lòt ta pran ka yo. Men anvan menm bajoukase, telofòn nan sonnen. ‘ M-ap vini touswit nan taksi’, di vwa mesye-a. Fi yo, sezi wè ki mweyen li t-ap pran, te rete ap tann li. Figi moun nan di yo gen kichòy ki chanje: ‘ Ayè nan aswè, apenn mwen tounen lakay, mwen jwenn yon eritaj mwen pa ta janm kapab imajine resevwa. Kè-m te di-m pou-m separe mwatye avèk nou’. Sòm nan te egzakteman de fwa sa yo te bay ak anpil renmen”.

“Bay, y-ap ba nou. Se yon bon mezi byen foule, byen souke, k-ap debòde, k-ap vide nan pwatrin nou”.

            Èske-w te fè eksperyans sa w menn tou? Si-w pa-t fè-l, se pou-w sonje ou dwe bay yon fason ki dezenterese, san ou pa chèche jwenn kichòy anretou nan men sila ki mande-a.

            Eseye. Men pa pou wè rezilta, men paske-w renmen Bondye.

            Petèt w-ap di-m: “Men mwen pa gen anyen».

            Se pa vre. Si nou vle, nou genyen trezò ki pap janm fini: tan lib pa nou, kè nou, souri nou, konsey pa nou, kilti pa nou, kè poze pa nou, pawòl pa nou, pou-n di moun ki genyen yo, bay moun ki pa genyen…

            Oubyen: “Mwen pa konnen ki moun pou-m bay”.

            Se pou-w gade tout kote: ou sonje moun sa ki malad lopital, vèv sa ki toujou pou kont li, konpanyon pa-w, yo te revoke yon fason ki avilisan, jènn chomè ki toujou tris, ti frè-w ki bezwen sipò, zanmi-w ki nan prizon, apranti ki ezite? Se nan yo Kris la ap tann ou.

            Se pou-w pran nouvo konpòtman kretyen an, ki parèt nan levanjil la, li pa vle pou-w fèmen kè-w, pou-w chaje tèt ou. Se pou-w refize mete sekirite pa-w nan byen latè epi pou-w kore sou Bondye. Se lè sa yo va wè lafwa-w genyen nan li epi lafwa sa va grandi poutèt kado k-ap retounen ba-w.

            Li klè Bondye pa fè konsa pou-l fè nou vin rich, oubyen pou nou menm menm n-ap fè pwòp tèt nou vin rich. Li fè konsa pou lòt yo, anpil lot yo, etan y-ap wè ti mirak sa yo k-ap vini ansanm avèk kado n-ap ba yo, yo kapab fè menm jan.

            Li fè-l paske pi plis nou genyen, pi plis nou kapab bay; paske, tankou vre administratè byen Bondye yo, nou kapab fè tout bagay sikile nan kominote ki alantou nou, jous yo kapab di tankou pou premye kominote Jerizalèm nan: pèsòn pami yo pa-t nan bezwen (At 3,34).

            Èske-w pa santi sa kapab bay revolisyon sosyete-a ap tann nan, yon souf ki sèten?

            “Bay, y-ap ba nou”. Sèten Jezi t-ap sonje rekonpans nou pral resevwa nan syèl la, men sa nou resevwa isit la se yon avalwa sou sa k-ap vini-an.
Kyara Libik