01/08/2013

“Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-ap viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo” (Lk 6, 32).


Ekri nan fevriye 1992


            Pawòl lavi mwa sa soti nan levanjil Lik. Se yon moso nan pami anpil pawòl Jezi, sa yo rele koze sou mòn nan, nan levanjil Matye. Jan nou konnen, nan pati sa, Jezi montre egzijans Reny Bondye a epi sa ki fè moun yo rekonnen kilès ki ladan-l. Karakteristik sa yo soti nan Papa ki nan syèl la epi yo mennen moun yo sanble avè-l.
            Nan ti moso sa, Jezi envite patizan li yo pou yo imite renmen Bondye Papa-a. Si nou vle pou-n pitit li, nou dwe renmen pwochen nou an menm jan li menm li renmen-l.

Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-ap viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo.

            Premye ak pi gwo karakteristik renmen Bondye Papa-a, se dèske li gratis nèt ale. Li diferan anpil ak renmen lèzòm. Alòske renmen lèzòm chita sou sa yo ka jwenn anretou oubyen sou santiman (n-ap renmen moun ki renmen nou yo ak moun nou renmen yo), renmen Bondye Papa-a li menm, li dezenterese nèt ale, li bay moun li te kreye yo pwòp tèt li, san li pa gade repons ki ka vini answit. Se yon renmen ki konn pran devan nan bay tout sa li genyen.
            Sa vle di se yon renmen k-ap konstwi epi k-ap transfòmen. Papa ki nan syèl la pa renmen nou paske nou bon, paske lespri nou bèl epi sa merite atanzyon ak bonkè li. Okontrè, nan renmen li renmen nou, li kreye bonkè nan nou menm ak bèlte lespri pa lentèmedyè favè li-a, dekwa pou-l fè-n tounen zanmi li epi pitit li yo.

Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-ap viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo.

            Yon lòt karakteristik renmen Bondye Papa-a sèke li pou tout moun. Bondye renmen tout moun san li pa fè diferans. Mezi renmen sa, sèke li pa gen okenn limit ni okenn mezi.
            Paske renmen li-a pa ta kapab gratis epi kreyatif, si li pa-t ka rive tout kote ki gen bezwen oubyen si la te kite yon vid san li pa-t plen li.
            Se poutèt sa Bondye ki nan syèl la renmen menm pitit li yo ki pa gen rekonesans, ki lwen oubyen ki revòlte.

Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-a viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo.

            Kijan pou-n viv Pawòl Lavi mwa sa?
            Nan fason n-ap viv tankou pitit Bondye ki nan syèl la tout bon vre. Sa vle di nan imite renmen li-a ki gratis epi ki pou tout moun jan nou sot wè. N-ap chèche renmen an premye, ak yon renmen tankou yon moun ki gen bonkè, ki solidè, ki louvri kè-l byen gran pou tout moun, yon fason ki espesyal pou tout kalite bezwen nou ka jwenn bò kote nou-an. N-ap chèche renmen san nou pap tann anyen anretou. N-ap chèche tounen zouti renmen Bondye ki pa gen limit nan fason n-ap fè lòt yo patisipe nan kado nou te resevwa nan men Bondye kit se nan sa nou ye-a kit se nan sa nou te resevwa nan men li.
            Si n-ap kite Pawòl Jezi-a tounen yon gid pou nou, n-ap gen je ki nouvo ak yon kè ki nouvo pour tout moun k-ap pase bò kote nou nan tout ti okasyon lavi chak jou-a. Nenpòt kote n-ap ye (fanmi, lekòl, travay, lopital, elatriye), n-ap santi yon fòs k-ap pouse nou tounen moun k-ap bay renmen Bondye sa-a Jezi te vin pote sou tè-a, sèl kalite renmen ki kapab chanje fas tè-a.


Kyara Libik