01/07/2013

“Tout lalwa-a se nan yon sèl mo li jwenn bout li, nan sa ki di: Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm nan” (Ga 5,14).

Yo te ekri-l nan lane , 1983/10

Sa se yon pawòl Àpòt Pòl: li kout, li bèl anpil, li fò, li mete tout bagay yo aklè.
Li di nou sou kisa konpòtman kretyen yo dwe chita, sa ki souf li: renman pwochen an.
Apòt la wè si yon moun ap viv kòmandman sa, l-ap viv lalwa nèt ale. Sèke lalwa di nou pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa anvi… epi moun ki renmen pa fè tout kalite bagay sa yo: moun ki renmen pa touye, pa vòlè...

“Tout lalwa-a se nan yon sèl mo li jwenn bout li, nan sa ki di: Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm nan”

            Moun ki renmen se pa sèlman fè li pa fè sa-k mal la. Moun ki renmen louvri kè-l pou lòt yo, li vle sa-k bon pou yo epi l-ap fè-l, li bay pwòp tèt li: li rive bay lavi pou moun li renmen an.
            Se poutèt sa Pòl ekri renmen pwochen an se pa sèlman kenbe lalwa, men se mete-l “nan bout li”.

“Tout lalwa-a se nan yon sèl mo li jwenn bout li, nan sa ki di: Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm nan”

            Si tout lalwa-a chita sou renmen pwochen an, nou bezwen wè nan lòt kòmnadman yo yon mwayen pou klere nou epi mennen nou, dekwa pou-n kapab jwenn nan tout sikonstans lavi nou-an chemen pou-n renmen lòt yo: nou bezwen konn li lòt kòmandman yo ki se lide Bondye, sa li vle pou-n fè.
            Si li vle pou nou obeyisan, pou-n kenbe kè nou pwòp, pou-n bliye tèt nou, pou nou dou, pou-n gen bon kè, pou nou pòv... se pou nou kapab reyalize kòmandman renmen an.

“Tout lalwa-a se nan yon sèl mo li jwenn bout li, nan sa ki di: Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm nan”

            Petèt nou kapab poze tèt nou kesyon sa: pou kisa Apòt la pa pale sou renmen Bondye?
Sèke renmen Bondye epi renmen pwochen an yo pa an konpetisyon. Premye-a, renmen pwochen an, montre lòt la, renmen Bondye. Sèke renmen Bondye vle di fè sa li vle pou-n fè. Epi sa li vle pou-n fè se renmen pwochen an.

“Tout lalwa-a se nan yon sèl mo li jwenn bout li, nan sa ki di: Se pou-w renmen pwochen-w tankou ou menm nan”

            Kijan pou-n mete an pratik pawòl sa?
            Repons la klè: nan renmen pwochen an, renmen-l tout bon vre.
            Sa vle di: bay, men bay san nou pa chèche enterè pa nou.
            Sila ki sèvi ak pwochen an tankou yon enstriman pou li menm menm, menm si se te pou-l vin sen, li pa nan renmen. Se pwochen an pou-n renmen, pa pwòp tèt nou.
            Se sèten moun ki renmen gratis konsa l-ap vin “sen tankou Papa-a” (paske li te fè sa ki te pi bon: li te chèche fè sa Bondye vle pou-l fè, li te mete-l an pratik. Li te akonpli lalwa nèt ale.
            Eske egzamen n-ap pase nan finisman lavi a pap sèlman sou renmen sa?


Kyara Libik

Aucun commentaire: