01/11/2008

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv mwen.” (Lk 9, 23)

Ou pa bezwen kwè paske w nan lemonn ou kapab alèz tankou yon pwason nan dlo.
Ou pa bezwen kwè paske tout kalite bagay antre lakay ou nan radyo ak nan televisyon ou kapab koute oubyen gade nenpòt bagay.
Ou pa bezwen kwè paske wap mache nan lari, ou kapab gade nenpòt pankat epi achte nenpòt jounal oubyen nenpòt liv san ou pa bezwen chwazi.
Ou pa bezwen kwè paske w nan lemonn ou kapab viv nenpòt fason: esperyans ki two fasil, ki pa gen moral, avòtman, divòs, rayisans, vyolans, vòl.
Non, non. Ou nan lemonn nan. Tout moun kapab wè l. Men ou pa moun lemonn (Cf. Jn 17,14)
Se la tout diferans lan ye. Diferans sa mete w pami moun ki pa chache nouriti pa yo nan bagay lemonn men an sa yo tande nan ti vwa ki sot nan Bondye anndan kè yo. Vwa sa li nan kè tout moun epi, si w ap koute l, lap fè w antre nan peyi wa ki pa menm avèk lemonn sa, kote gen vre renmen an, jistis la, pwòpte a, dousè a, detachman an, kote moun yo kontwole pwòp tèt yo.
Pou kisa anpil jenn ale bò kote solèy leve, pa egzanp nan peyi Lend, pou yo jwenn yon ti kras silans oubyen pou yo rive dekouvri sekrè moun ki, apre yo pase anpil tan pou yo degaje tèt yo anba tout bagay, yo kapab kite yon kalite renmen parèt nan yo menm (…) ki fè moun ki vini bò kote yo a sezi anpil.

Se yon mòd fason yo fè pou yo reyaji devan tout vakam ak tout bri ki andeyò epi anndan tèt yo epi ki pa kite plas pou yo fè silans pou yo kapab koute vwa Bondye.
Ala traka! Eske moun yo bezwen ale nan jous peyi Lend; alòske sa fè plis pase 2000 lane depi Jezi ap diw: “Bliye tèt ou… bliye tèt ou…”?
Yon kalite lavi ki byen konfòtab epi ki byen trankil se pa sa ki pou kretyen yo epi Jezi pat mande-w ni li pa mande-w mwens pase sa si-w vle swiv li.
Lemonn desann sou w tankou yon lavalas epi ou bezwen ale kont kouran sa a. Lemonn se tankou yon pakèt raje kote ou bezwen gade kote pou w mete pye. Kote pou w mete yo? Nan mak Jezi li menm te montre w lè li te pase sou tè a. Se pawòl li yo. Jodi a li di w toujou:

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv wen.”

Sa kapab fè moun yo meprize w, pa konprann ou, pase w nan rizib, fè tripotay sou w. Lap fè w aksèpte rete pou kont ou, pèdi konsiderasion moun yo e soti nan yon krisyanis alamòd.
Men ou bezwen ale pi devan:

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv wen.”

Vle pas vle, soufrans lan rive jwenn tout moun. Ou menm tou. Kit yo piti kit yo gwo, yo vini chak jou.
Ou vle chape? Ou vle revòlte? Ou anvi madichonnen? Si se konsa ou pa kretyen tout bon vre.
Kretyen an akeyi lakwa, li akeyi soufrans lan, menm si se avèk dlo nan je, paske li konnen yo gen valè. Se pa pou bon tan Bondye te chwazi mwayen sa nan mitan tout lòt yo li te kapab pran pou l sove moun yo.
Men, sonje apre li te pote kwa li epi yo te kloure l sou li, li te leve byen vivan.
Ou menm tou ou va leve si, olye w meprize soufrans kap fè w sanble kretyen tout bon epi tout sa lavi a pote ba w, ou konn aksepte yo nan renmen. Lè sa wap fè esperyans lakwa, depi isit la sou tè a, se chemen pou w rive jwenn yon kè kontan ou pat janm santi anvan, lavi nanm ou va kòmanse grandi. Bondye va pran plis plas anndan ou menm epi piti piti lemonn alantou w va disparèt devan je w tankou si l te fèt ak katon. Ou pap chache jwenn sa lòt yo genyen ankò.
Lè sa wap patizan Jezi tout bon vre.

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv wen.”

Tankou Jezi ou te chwazi a, wap tounen limyè ak renmen pou w kapab geri maleng lemonn genyen jodi a.

Kyara Libik
(Jiyè 1978)