01/02/2010

“Se mwen menm ki pòt la. Si yon moun rantre nan mwen, lap sove, lap antre, lap sòti, lap jwenn manje” (Jn 10,9).


Jezi prezante tèt li tankou sila kap reyalize pwomès Bondye te fè yo epi sa pèp la tap tann poutèt istwa li kote Bondeye te pase kontra avè l epi li pat janm retire l.

Lide pòt la mache byen avèk imaj sa Jezi te bay epi li esplike: “Se mwenm menm ki chemen an, laverite a, lavi a. Pèsònn pap rive kot Papa a si l pa pase nan mwen menm” (Jn 14,6).

“Se mwen menm ki pòt la. Si yon moun rantre nan mwen, lap sove, lap antre, lap sòti, lap jwenn manje.”

Kisa Pawòl sa vle di pou lavi nou an?

Genyen anpil kote nou kapab jwenn ti mòso Levanjil ki mache byen avèk vèsè Jan an men nap chwazi sila ki sou “pòt ki jennen an” kote nou bezwen pase pou n rantre nan lavi a (Mt 7,13). Pou kisa nap chwazi sila? Paske sanble se sila ki pi pwòch verite Jezi vle fè n konnen sou li menm menm epi kap montre nou pi plis kijan nou kapab viv li.

Kilè pòt syèl la vin tounen yon pòt ki louvri tou gran sou Trinite a? Lè pòt la sanble fèmen pou Jezi epi li tounen pòt syèl la pou nou tout.

Jezi ki lage a (Mk 15,34 ak Mt 27,46) se pòt kote Bondye ak moun yo kapab pase: paske li tounen anyen,

li mare pitit yo ak Papa a. Se nan vid sa a (pòt ki louvri a) moun nan kapab pran kontak ak Bondye epi Bondye ak moun nan.

Kidonk, Jezi li menm se pòt jennen an epi menm lè tou se pòt ki louvi tou gran an. Nou kapab fè esperyans sa a.

“Se mwen menm ki pòt la. Si yon moun rantre nan mwen, lap sove, lap antre, lap sòti, lap jwenn manje.”

Jezi ki lage a se wout pou jwenn Papa a.

Li te fè sa l te gen pou l fè a. Men pou yo kapab patisipe nan favè sa ki si tèlman gran an, chak moun bezwen fè ti pal la: sa vle di pwoche pòt sa epi pase anba li. Kijan sa kapab fèt?

Lè nou rive jwenn desepsyon, lè nou pran chòk oubyen nou pase tray ki vini sanzatann, yon maladi ki pa gen sans nou toujou kapab sonje soufrans Jezi ki te pran sou kont li tout soufrans sa yo epi anpil lòt yo tou.

Wi, li prezan nan tout bagay sa yo kap fè moun yo soufri. Tout soufrans sa yo gen yon non.

Kidonk, se pou n eseye rekònèt Jezi nan tout soufrans, nan tout tout bagay ki difisil, ki manke klè, nan malè ki rive nou oubyen lòt yo, nan soufrans tout moun alawonnbadè. Se li menm, Jezi, ki te pran yo sou kont li.

Li ta kont pou n di li avèk anpil lafwa “Se w menm ki Granmèt mwen, richès mwen, nan pwen anyen anwo w”, li ta mande n tou pou n fè kichòy ki vizib pou soulaje “soufrans li yo” nan pòv yo epi nan moun ki anba tray, sa ta fè n pase anba pòt la pou n jwenn yon kè kontan nou pat janm santi, yon lavi ki plen nèt ale.

Kyara Libik.