Pou-n
kapab konprann pi byen Pawòl lavi-a yo prezante nou nan mwa sa, nou bezwen
konnen pou kisa yo te ekri li. Se difikilte yo te genyen nan kominote kretyen
yo ki te fè apòt Jak ekri lèt sa. Te genyen eskandal yo, diskriminasyon yo t-ap
fè ant moun yo, fason egoyis yo t-ap sèvi ak richès pa yo, esplwatasyon travayè
yo, lafwa nan pawòl pase nan aksyon yo, elatriye. Tout bagay sa yo t-ap fè moun
yo te gen degoutans ak mekontantman youn ak lòt, sa ki t-ap fè kominote-a pat
alèz.
“Pa
plenyen youn kont lòt, frè-m yo.”
Kidonk,
nan tan apòt yo deja, moun yo te kapab wè sa nou konn wè nan kominote nou yo
jodi-a. Pi gwo difikilte pou-n viv lafwa nou anpil fwa pa soti andeyò, sa vle
di nan monn nan, men yo soti anndan-an. Yo soti nan kalite sityasyon nou kapab
wè epi nan konpòtman frè nou yo, ki pa nan liy levanjil la. Se sa k fè moun yo
pa alèz, yo manke konfyans epi yo gen pèrèz.
“Pa
plenyen youn kont lòt, frè-m yo.”
Men
tout kalite kontradiksyon ak èrè sa yo ki plis ou mwens grav genyen rasin pa yo
nan yon lafwa ki manke limyè epi nan yon renmen ki poko tout bon vre pou Bondye
ak pou pwochen-an. Premye reyaksyon kretyen an pa dwe nan enpasyans ni nan kè
di ak moun, men li dwe sanble ak sa Jezi te montre nou. Li mande pou-n kapab
tann ak pasyans, konprann epi genyen yon kè ki sansib k-ap ede ti grenn byen an
li te simen nan nou tout grandi tankou li di nan parabòl zizani-a (Mt 13,
24-30.36-43).
“Pa
plenyen youn kont lòt, frè-m yo.”
Kijan
pou-n viv Pawòl lavi nan mwa sa? L-ap mete nou devan yon difikilte lavi kretyen
yo. Nou menm tou, se nan divès kominote nou ye ( fanmi-a, pawas la,
asosyasyon-an, travay la, kominote lavil la) kote kapab genyen yon pakèt bagay
ki pa mache byen dapre nou menm menm: tanperaman yo, fason pou moun wè, fason
pou yo fè, bagay ki manke ajiste k-ap fè nou soufri epi k-ap fè nou reyaji mal.
Men
anpil okasyon pou-n byen viv Pawòl lavi mwa sa-a. Olje n-ap di mal oubyen n-ap
kondane - jan nou ta vle fè - an nou mete tolerans epi konpreyansyon. Toutotan
nou kapab, an nou kòrije frè-n yo nan renmen. Sitou an nou tounen temwen
levanjil la nan fason n-ap bay tout mank renmen oubyen angajman, yon renmen
oubyen yon angajman ki pi fò ankò k-ap soti nan men nou.
Kyara Libik
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire