01/06/2013

« Si poutèt byen nou fè n-ap sipòte tray, sa-a se yon favè devan Bondye » (1 Pyè 2,20).

Apòt Pyè montre kominote li yo vre lespri levanjil la nan fason y-ap viv li, nan kondisyon lavi chak moun, kote li ye-a.
Li pale avèk esklav yo ki te fè-k konvèti. Tankou tout esklav yo nan sosyete tan sa, yo te konn pase tray ak tout kalite movè tretman. Pawòl sa yo kapab bon tou pou tout moun k-ap pase tray anba enjistis moun ki bò kote yo, kit yo pi wo kit yo egalego, nan tout tan yo ak tout kote yo.

« Si poutèt byen nou fè n-ap sipòte tray, sa-a se yon favè devan Bondye. »
Apòt la di moun sa yo pou yo pa swiv premye reyaksyon pa yo nan sitiyasyon konsa, men pou yo imite konpòtman Jézi-a. Sa vle di li enkouraje yo reponn ak renmen, paske, nan difikilte ak nan sitiyasyon sa yo, yo kapab dekouvri yon kado, sa vle di yon okasyon Bondye pèmèt pou yo bay prèv se vre kretyen yo ye. Konsa, anplis, ak renmen sa, y-ap rive pote kot Kris la moun sa yo menm ki pa konprann yo.

« Si poutèt byen nou fè n-ap sipòte tray, sa-a se yon favè devan Bondye. »
Avèk pawòl sa yo oubyen ak lòt ki sanble yo, gen moun ki akize kretyen yo dèske yo soumèt tèt yo two fasil, sa ki fè yo kite konesans pa yo dòmi epi yo sispann goumen ak enjistis yo.
Se pa konsa bagay yo ye. Si Jezi mande-n pou nou renmen, menm moun ki pa konprann nou epi k-ap maltrete nou, se pa paske li vle pou nou pa sansib devan enjistis yo, okontrè! Li vle montre nou kijan pou-n bati yon sosyete ki jis tout bon vre. Se sa nou kapab fè, nan gaye lespri vre renmen-an, nan fason n-ap kòmanse renmen an premye.

« Si poutèt byen nou fè n-ap sipòte tray, sa-a se yon favè devan Bondye. »
Kijan pou-n viv Pawòl lavi mwa sa?
Gen anpil okasyon, kote nou menm menm, nou santi moun yo pa konprann nou epi yo maltrete nou. Sa kapab rive depi yo manke-n dega epi yo gwosye avèk nou, jous yo rive jije nou mal, yo san rekonesans, yo imilye nou, yo enjis avèk nou.
Enben, nan tout okasyon sa yo, nou bezwen montre renmen Jezi te pote sou latè li pou tout moun, kidonk pou moun ki maltrete nou tou.
Nan défann n-ap défann jistis la ak verite a, Pawòl mwa sa vle fè-n sonje premye devwa pa nou tankou kretyen se renmen lòt, kenbe bon jan relasyon avè-l ki va montre nou konprann li, nou akeyi li, nou gen pitye pou li, menm jan Jezi te fè pou nou menm tou. Konsa menm nan defann n-ap defann lide nou yo, nou pap janm kraze relasyon nou an, nou pap janm tonbe nan tantasyon rankin oubyen remèt kou pou kou.
Si n-ap fè konsa, tankou enstriman renmen Jezi-a, n-ap kapab nou menm tou pote pwochen nou-an bay Bondye.

Kyara Libik

Aucun commentaire: