Nan sòm kote Pawòl lavi a soti a se yon chan pou fè lwanj pou Bondye. Li pa bliye anyen nan renmen li a; li vlope tout sa li kreye e li gade sou tout sa ki gen lavi, menm sa ki pi piti yo.
Kreyati a li menm li kapab lapriyè Bondye pou l mande l manje ak tout sa li bezwen pou l viv; e Bondye louvri men l yo avèk kè kontan. Li pran swen chak moun. Li soutni moun ki fèb yo e li drese tout moun k’ap tonbe. Li mete moun ki pèdi yo nan bon chemen.
“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo”
Yon Bondye ki pap janm absan, ki pap janm lwen, men ki toujou gen kè sansib pou sa k’ap rive moun yo. Granmèt la atantif pou chak moun kòm nou wè l souvan. Men li konn rive pafwa, nou santi li lage nou pou kont nou, san sekirite; nou pa konn sa pou n fè nan sityasyon ki twòp pou nou. Men kounyeya, nou kont lòt yo, nou pa sansib pou lòt yo, e menm, nou kapab rayi yo, yo menm ki frè ak sè nou yo. Nan nanm nou sityasyon sa yo tankou yon chay ki lou poutèt yo dire nan fanmy nou oubyen kote n’ap travay: pa gen konfyans, ke li piti oubyen li gwo, nou viktim jalouzi oubyen anvi, obligasyon moun ki sou tèt nou lè yo fose nou fè sa yo vle. Oubyen nou toufe nan yon sosyete ki di poutèt lide ki fè moun yo pa kap viv san satisfè tèt yo, poutèt anbisyon moun yo genyen pou yo toujou pi plis pase lòt yo, poutèt moun yo manke valè nan sa yo swaf, poutèt moun yo pa chèche jistis e yo pa espere anyen.
Kè nou sanble ap rele: “Granmèt, kote ou ye?” “Eske ou renmen m tout bon? Men poukisa tout bagay sa yo rive?”
Men Pawòl lavi a ki reveye nan nou yon kwayans: nou pa janm pou kont nou!
“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo”
Pawòl sa a envite nou pou lafwa nou vin pi klè: Bondye egziste e li renmen m. Mwen kapab kwè l, e mwen dwe montre l nan chak aksyon mwen fè, devan chak evenman: Bondye renmen m! Lè mwen rankontre yon moun, mwen dwe kwè Bondye di m yon bagay ki soti nan moun sa a. Lè mwen fè yon travay, nan moman sa a, mwen gen ankó lafwa nan renmen li a. Lè yon soufrans vini, mwen kwè Bondye renmen m. E lè se kè kontan, Bondye renmen m!
Li la avè m, li toujou avè m. Li konn tout sa m’ye. Li pataje tout jwa avè m, tout panse, tout sa m vle . Avè m, li pote tout tray mwen e tout sa k’ap boulvèse m.
“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo”
Ki jan kwanyans kapab klè? Men kèk lide: Bondye mande n pou nou rele l!
Jezi te nan kannòt ak Pyè lè tanpèt la t’ap soufle, men patizan li yo te santi yo pou kont yo, san defans, paske Jezi t’ap domi; yo t’ap rele: “Granmèt, sove nou, n’ap koule!” e li te kalme van ak lanmè.
Jezi li menm, sou kwa, pa t santi Papa l te avè l. Li te rele nan yon priyè ki te boulvèse: “Papa, Papa, poukisa ou lage m?” Paske li te kwè nan renmen Papa l e li te renmèt lespri li yon lòt fwa ankò nan men li, Papa te fè l leve sot nan pami mò yo.
Ki jan lafwa nou nan prezans li kapab grandi? N’ap chèche l nan mitan nou. Li te pwomèt l’ap la kote de ou twa moun reyini nan non li. An nou rankontre nan menm renmen youn pou lòt avèk moun k’ap viv Pawòl lavi a, e kounyeya, an nou pataje esperyans nou fè pou Pawòl levanjil sa a, e n’ap goute fwi prezans li: kè kontan, kè poze, limyè ak kouraj.
Li pral rete avèk nou, nou pral santi l pre nou e li pral aji nan lavi nou chak jou.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire