01/08/2006

«Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la». (Efez 4,32)

Men yon pawòl enpòtan e fasil pou nou pratike l nan lavi nou. Pwogranm sa a li kapab fè yon lòt sosyete, kote yo viv pi byen tankou frè ak sè, kote yo fè yon sèl. Pawòl sa a soti nan yon pwojè ki byen laj pou kominote kretyen ki nan peyi Azi Minè. Nan kominote sa a, yo te jwenn kè poze nan de pèp sa yo, jwif ak etranje; yo te separe menm jan ak tout lòt moun.

Favè Kris la, ki fè tout kretyen fè yon sèl , bezwen rebali toujou plis fòs. Renmen youn pou lòt dwe fè parèt aksyon ak konpòtman nan sosyete a. Sa montre nou ki jan pou n viv ansanm.

«Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la». (Efezyen 4,32)

«Bon» se renmen byen pou lòt la, se fè youn avè l; se al kote l tankou yon veso ki vid nèt: paske pou n akèyi yon frè oubyen yon sè, fò k nou vid, fò k nou bliye tèt nou, bliye avantaj pa nou, bliye lide pa nou, bliye tout bagay ki anpeche nou wè klè, fò k nou pran sou zepòl nou, chay frè nou an oubyen sè nou an, pran bezwen li yo, soufrans li yo, men kè kontan li yo tou.

An n panse ak dife; bezwen chak lè souke recho a pou dife a ka pa mouri. Menm jan pou nou, li enpòtan pou nou rebay chak lè renmen youn pou lòt, pou relasyon nou pa kouvri ak sann endiferans nou, mank zanmitay, egoyis nou.

«Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la». (Efezyen 4,32)

Aji byen youn ak lòt, gen bon kè youn pou lòt, youn padonnen lòt, sa pa dwe rete nan santiman sèlman men rive nan bon aksyon.

Jezi li menm te montre kisa sa ye renmen, lè li te geri malad yo, lè li te bay foul la manje, lè li te leve moun ki te mouri yo, lè li te lave pye patizan li yo. Anpil aksyon, anpil aksyon, men sa sa ye renmen!

Mwen sonje istwa yon manman nan yon fanmi afriken kote pitit fi li, Rosangela, te pèdi yon jè l; li te viktim lè yon ti gason t ap agrese l; li te blese l avèk yon kann e li te kontinye ap deranje l. Paran ti gason sa a pa te mande okenn eskiz. Silans sa a, manke rapò avèk fanmi la te bay lapenn. Rosangela te padonnen e te konsole manman l, li di: «Mwen gen chans, mwen kapab wè nan lòt jè».

Manman Rosangela ap rakonte: «Yon maten, te gen yon moun ki te vin chèche m sou non ti gason sa a ki pa t santi l byen. Premye reaksyon, mwen te deranje apre sa pitit gason te fè nou an! epi, se mwen menm li voye chèche pandan gen lòt vwazen. Byen vit, mwen te vin sonje: «Renmen pa gen baryè». Mwen kouri lakay li, Manman ti gason louvri pòt la, epi li lage kò li nan bra m. N’ale lopital ansanm e mwen rete kote manman sa a, joustan doktè yo te vin pran swen pitit li. Yon semenn apre, lè ti gason soti lopital, manman li vin lakay mwen pou di m mèsi. Mwen resevwa li ak tout kè m, mwen vin padonnen; yon bèl relasyon te vin fèt nou menm avèk li, ak bagay tou nèf. »

Nou kapab nou menm tou ranpli jounen nou ak sèvis, nan fè nou piti devan lòt yo, nan genyen anpil lide pou ede lòt yo, nan bon aksyon n’ap fè pou lòt yo… men jan renmen an ye.

Lapè avèk viv ansanm tankou frè ak sè ap grandi tout kote nou ye.

Chiara Lubich

Aucun commentaire: