Yon pawòl ki bay lavi, pawòl levanjil la e nan menm moman yon pawòl pou nou viv.
Si Bondye pale avèk nou, eske nou kapab pa pran ka pawòl sa a. Labib envite nou pou n koute plis pase 1153 fwa: «Tande l» (Mt 17,5). Papa li menm li envite patizan li yo, lè Pitit li a, Pawòl la, vin abite nan mitan moun yo.
Menm jan Bib la di a, li adrese nou pou nou tande l nan kè plis pase nan zorèy. Fòk nou kole tout bon vre ak sa Bondye di, fòk nou obeyi l, avèk konfyans yon timoun ki lage kò l nan bra manman l e ki kite l pòte l. Se sa apot Jak fè nou sonje nan lèt li a
«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)
Pawòl sa sanble anpil ak sa Jezi t’ap aprann moun yo lè li di:«Ala chans pou moun ki koute pawòl la e ki mete l an pratik» (Lik 11,28). Li konsidere moun ki mete pawòl sa a an pratik tankou manman l avèk frè l. (Lik 8,20-21).
Pandan l ap reprann yon parabòl Jezi, Jak konpare pawòl la ak yon grenn ki rete nan kè nou. Fòk nou dispoze pou n akeyi l; men akeyi l avèk koute l, sa pa sifi. Jan grenn la te fèt pou l bay anpil fwi, menm jan Pawòl Bondye a; sa li mande, nou dwe fè l.
Se sa Jezi esplike nan parabòl de pitit gason yo. Pi gran te reponn: «Wi», lè papa l te mande l pou l al travay nan jaden. Men li pa-t ale. Pi piti a te reponn: «Mwen pa vle»; men li te vin obeyi papa l. Bagay sa yo montre sa sa vle di: koute Pawòl la tout bon vre. (Mt 21,28-30)
Nan diskou sou mòn nan, Jezi montre yon lòt fwa ankò moun ki konn koute Pawòl la, se moun ki mete l an pratik; kòm sa, li fè lavi l vin solid menm jan ak yon kay ki bati sou ròch. (Mt 7,24)
«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)
Chak pawòl Jezi montre renmen li pou nou. Nou menm, an nou vin tounen yon pawòl ki vivan e n’ap konstate nan nou e tout kote nou ye ki pwisans lavi a pawòl la genyen.Renmen levanjil la joustan nou kite l transfòme nou e fè l ale sou lòt moun yo. Kòm sa, nou kapab remèt Jezi renmen li a.
Se pa nou menm ki pral viv, men se Kris la k’ap pran fòm nan nou.
Nou pral santi nou libere ak tèt nou, ak limit nou yo, ak esklavaj nou yo, e nou pral wè revolisyon renmen an: Jezi ki vivan gaye tout bon vre nan nou menm e nan sosyete kote n’ap viv.
«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)
Sa nou te fè esperyans avè l depi komansman mouvman nou. Nan vil Trant (Itali), pandan dezyèm gè mondyal la, lè nou te dwe al kache yon bon kote, paske yo t’ap tire anpil bonm, nou t’ap kouri nan kachèt e nou t’ap pòte sèlman ti liv levanjil la.
Nou te louvri l, e nou te li ladan l, e grasa Bondye, Pawòl sa yo, nou te tande anpil fwa anvan, te klere ak yon limyè tou nèf. Pawò lavi a te tounen pou nou pawòl pou nou viv.
«Renmen frè ak sè nou yo menm jan avèk ou menm». (Mt 22,39): Malgre tout mizè gè sa a, moun yo te santi yo renmen yo e yo te jwenn yon ti souri, kè poze, e lavi yo te vin gen gou.
«Bay epi y ap ban ou tou» (Lk 6,38): nou te bay yon ti kichòy pou yon pòv, epi Bondye nan pwòvidans li, ap remèt nou anpil bagay pou nou bay ankò pòv yo ki nan vil la.
Nan kèk mwa sèlman, nou te wè yon kòminote ki djanm, ki te gen 500 moun. Sa se fwi kòminyon nou an ki fè yon sèl ak pawòl la, chak lè. Nou te soule ak pawòl la; nou ta kapab di: Pawòl la te viv nan plas nou. Li te sifi pou youn mande lòt : «Eske ou viv pawòl la? Eske ou se pawòl vivan?» pou nou fè angajman nou an pi plis.
An n retounen nan tan sa. Levanjil la toujou la. Kwè nan Li, viv li, e nou pral wè mèvèy li yo.
Chiara Lubich
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire