01/10/2006

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Souvan nan levanjil la, Jezi envite pou nou bay lòt yo: bay pòv yo, bay moun ki mande yo, bay moun ki vle prete yo, bay moun ki grangou yo manje, bay moun ki mande rad ou manto a, bay san ou pap espere anyen aprè.

Jezi li menm menm te komanse bay: li te bay sante pou malad yo, li te bay padon pou pechè yo, li te bay lavi pou nou chak.

Jezi kanpe kont egoyism nan chak moun ki vle genyen tout bagay; li mande pou bay kè kontan; lè nou sonje nesesite pa nou, nou dwe dabò sonje pou lòt yo; lè nou swiv kilti a ki vle toujou genyen pi plis, Jezi mande pou nou swiv kilti ki toujou bay la.

Se pa pi enpòtan bay anpil oubyen bay piti, sa ki konte, se fason ou bay la, se renmen ou mete nan yon ti jès atansyon pou lòt moun. Konsa ou ka bay yon vè dlo ki frè, ki ka pase swaf, menm jan levanjil Matyè di; yon vè dlo se yon bèl kado nan yon peyi ki cho e ki sèk tankou Lapalèstin.

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Yon gode dlo, vreman, yon jès ki senp e ki gwo. Bondye wè l lè nou bay li nan non li, sa vle di nan renmen.

E renmen sa a gen anpil kalite: moun ki gen kè sansib, li konn renmen yon fason ki korèk tout bon vre.

Renmen an gen atansyon paske li konn bliye tèt li.

Renmen an pa gonfle, li konn fè tout sa l kapab pou l satisfè yon bezwen lòt moun.

Renmen se sa ki pi enpòtan paske avèk renmen nou kapab pwoche lòt moun, menm si li pou kont li, pou nou koute l, pou nou sèvi l, ak tout kè nou.

Sa rive souvan, nou kwè bay yon moun yon gwo sèvis, sitou si li soufri, lè nou bay li pwòp konsèy pa nou, pafwa konsèy ki pa itil di tou, ki deranje ak pale twòp e ki vin sèvi chagren pou li. Si se vre renmen nou ye kòt lòt yo, eske se pa pi bon ? N’ap jwenn chemen ki dwat pou n rantre nan kè l e ka soulaje l.

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Pawòl lavi mwa sa a ap ede n dekouvri ankò chak aksyon nou yo: menm si se travay lakay nou, nan jaden nou, nan biwo nou, menm nan devwa klas nou, jis nan reskonsabilite sivil, politik oubyen relijyè. Tout aksyon kapab tounen yon sèvis avèk anpil atansyon pou lòt yo e avèk tout nou menm.

Lanmou ap ban nou je ki nèf pou n kapab wè bezwen lòt yo e pou n jwenn yon solisyon nou pap janm sonje sa a joustan nan moman sa a epi pou nou bay yo tout sa a nou kapab.

Ki fwi k’ap genyen ? «Don» yo ap sikile paske lanmou rele lanmou; kè kontan ap ogmante paske genyen pi plis kè kontan pou bay pase pou resevwa.

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Pandan gè mondyal 1939-1945, te gen fanmi ki pòv anpil, ki t’ap viv nan kèk katye nan yon vil yo rele l «Trant» nan peyi Itali. Nou te ale pataje avèk fanmi sa yo sa nou te genyen. Nou te vle ede yo pou yo viv pi byen, pou yo jwenn yon jan nou tout parèy; ide sa a ki senp anpil te bay anpil fwi nou pap janm sonje, tankou nouriti, rad, medikaman ki vini anpil lakay nou.

Konsa, kwayans nou vin pi fò: si nou viv levanjil la, n’ap jwenn solisyon pou tout pwòblèm nou yo epi pou sosyete a.

Sa se pa yon rèv. Jodi a, anpil faktori vin angaje yo nan yon pwojè yo rele «ekonomi de kominyon»: yo mete «kè sansib ki bay» nan tout lavi faktori a; yon pati nan benefis ale pou ede moun ki an difikilte epi vin gen nouvo travay ak sekou pou bezwen ki pi enpòtan.

Men gen twop moun ki nan gwo bezwen e pa gen ase mwayen pou pèmèt faktori yo reponn tout moun ki nan bezwen. Konsa, depi 1994, anpil nan nou, chak mwa, nou bay yon ti kichoy pou pòv yo.

Kounyeya, n’ap ede sèt mil moun ki pòv nan senkant senk peyi.

Anpil temwayaj pou «ti godè dlo» yo te resevwa epi yo te bay yo nan yon maraton. Men yon temwayaj ki soti nan peyi Filipin: «Boutik viann nou te pèdi anpil poutèt yon epidemi pami zanimo yo. Nou te prete lajan, men nou pat kapab kontinye. Men grasa èd sa a nou kan menm kapab jwenn yon ti manje chak jou. Epi, mwen te vit konprann mwen ta dwe ede moun ki gen pi plis bezwen pase mwen. Yon madanm nan vwazinaj mwen te gen yon gwo maladi. Li te soufri anpil e li te bezwen anpil lajan e anpil sèvis. Mwen te ede l joustan li ale nan syèl la, epi kounyeya, m’ap ede senkièm pitit li ak lajan paske papa l pi pòv pase nou, pa kapab bay pitit li sa li bezwen.»

Chiara Lubich

Aucun commentaire: