01/01/2008

“Pa janm sispann lapriyè” (1 Tes 5,17)

Ane sa-a, n ap fete 100 lane depi yo te kòmanse “Semèn lapriyè pou kabab gen tèt ansanm nan mitan kretyen yo”. “8 jou lapriyè pou tèt ansanm nan mitan kretyen yo vini yon reyalite” te kòmanse pou premye fwa nan 18 rive nan 25 janvye 1908. Aprè swasant lane, nan lane 1968, Kòmisyon Lafwa ak Konstitisyon an (Konsèy Ekimenik Legliz yo) ansanm avèk Sekretarya pou tèt ansanm nan pami kretyen yo (Legliz katokik la) te prepare Semèn lapriyè pou kapap gen tèt ansanm pami kretyen yo. Konsa depi lè sa a, chak lane kretyen ki nan divès Legliz yo konn met tèt yo ansanm pou yo prepare yon ti liv avèk kèk lide pou Semèn lapriyè sa a.

Yon gwo gwoup ekimenik nan peyi Etazini te chwazi Pawòl pou ane sa a. Yo te jwenn li nan premye lèt Pòl te ekri pou kretyen Tesalonik yo, nan peyi Lagrès. Se te yon ti kòminote tou jèn epi Pòl te santi yo te bezwen mete tèt yo ansanm pi plis. Se poutèt sa li mande pou yo “viv nan kè poze”, pou yo pasyan ak tout moun, pou yo pa rann mal pou mal men fè sa k byen youn pou lòt ak sa k byen pou tout moun epi “pa janm sispann lapriyè” tankou si l te vle di lavi nan tèt ansanm nan kòminote kretyen yo li posib sèlman pa lentèmedyè yon lavi nan lapriyè. Jezi li menm te lapriyè Papa l pou moun li yo kapab viv nan tèt ansanm: ”se pou yo tout fè youn” (Jn 17,21).

“Pa janm sispann lapriyè.”

Pou kisa “pa janm sispann lapriyè”? Paske lapriyè a se yon bagay ki fè moun se moun. Bondye te fè nou potrè ak li, tankou yon “vizavi” Bondye te fè pou l kabab genyen yon relasyon tèt ansanm avèk li. Relasyon zanmitay, ti koze sanzatann, tou senp epi tou vre avèk li se sa lapriyè a ye. Se sa k fè nou sa nou ye a, ki pèmèt nou tounen moun tou bon vre, nan diyite pitit Bondye nèt ale.

Paske Bondye kreye nou tankou yon “vizavi”, nou kapab viv nan yon rapò san sispann avè l, avèk yon kè ki plen ak renmen Lespri Sen an epi avèk konfyans yon pitit pou Papa l. Se konfyans sa a k ap fè n pale avèk li anpil fwa pou n fè l konnen tout zafè nou yo, tout lide nou yo, tout pwojè nou yo. Konfyans sa a k ap fè n tann prese prese ti moman lapriyè a - sila ki nan lajounen an n ap mete apa tout lòt angajam nou genyen nan travay la oubyen nan fanmi an - pou n mete nou nan yon kontak ki byen fon avèk sila ki renmen nou an.

Nou bezwen “pa janm sispann lapriyè” pa sèlman lè nou nan bezwen men pou n kapab patisipe nan bati Kò Jezikri epi pou n fè yon jan pou moun yo rive wè tèt ansanm nan Legliz Jezikri a. Se yon mistè nou kapab dekouvri lè n ap gade veso k ap kòminike yo. Lè y ap mete dlo nan youn, tout lòt yo monte. Se konsa tou nan lapryè a. Lapriyè a se monte kot Bondye nan nanm nou pou n adore l epi di l

“Pa janm sispann lapriyè.”

Kijan pou n fè pou n “pa janm sispann lapriyè” sitou lè nou nan toubiyon lavi chak jou- a?

“Pa janm sispann lapriyè” pa vle di resite anpil lapriyè men dirije nanm nou epi tout lavi nou kot Bondye, viv nan fè sa l vle pou n fè: etidye, travay, soufri, repose, e menm mouri pou li. Jous nou rive pa kapab viv nan lavi chak jou a san nou pa an kominyon avèk li.

Sa n ap fè a vin chanje nan yon aksyon ki apa epi tout lasent jounen tounen yon lapriyè.

Nou kapab ajoute tou ofri Bondye chak aksyon n ap fè etan n ap di: “Pou w Jezi” oubyen nan pwoblèm: “Kisa ki konsekan? Se renmen w lan ki konsekan”. Konsa tout bagay vin chanje nan yon jès renmen.

Konsa lapriyè a pap janm sispann paske renmen an pap janm sispann.

Chiara Lubich