01/02/2008

“Moun ki obeyi kòmandman sa yo epi k ap montre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la” (Mt 5, 19).

Foul moun yo te alantou Jezi, li monte mòn nan epi li fè gwo deklarasyon sa ki rive touche tout moun. Depi nan premye pawòl yo: “Se chans pou moun ki gen yon kè ki pòv, se chans pou moun ki dou…” li montre nou kijan bòn nouvèl li vin pote-a se yon mesaj ki nouvo.

Pawòl sa yo, se pawòl lavi, pawòl limyè, pawòl espwa Jezi konfye patizan-l yo pou li kapab klere yo, yon fason pou yo jwenn bon sans lavi-a ak dousè li. Sila yo pawòl la chanje lavi yo a, Jezi envite yo al simaye bay lòt yo tout lansèyman yo te resevwa pandan yo dwe ap kontinye aplike yo nan mòd lavi yap mennen chak jou.

“Moun ki obeyi kòmandman sa yo epi k ap montre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.”

Sosyete nou an jodi-a, bezwen konnen pawòl Levanjil la epi kite l chanje lavi li pi plis pase nan lòt tan yo. Jezi ap kontinye di ankò: pa fè kòlè kont frè w yo, padonnen epi y ap padonnen ou, di sa k vre san w pa bezwen sèmante, renmen lènmi ou yo, rekònèt nou genyen yon sèl Papa epi se frè ak sè nou ye, sa w ta renmen pou yo fè pou w, se pou w fè l pou lòt yo. Se sans kèk, pami anpil pawòl Jezi te di sou mòn nan. Si nou t ap viv pawòl sa yo, sa tap kont pou lavi sou tè a ta chanje.

Jezi envite nou anonse Levanjil la. Men pou pawòl nou yo rive touche kè lòt yo fòk sa nap anonse ak bouch nou an pa depaman ak fason nap viv nan reyalite-a. Pou moun yo kwè nan nou menm, nou bezwen tounen yon “Levanjil ki vivan”.

“Moun ki obeyi kòmandman sa yo epi k ap montre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.”

Kisa ki pi bon fason pou n viv Pawòl lavi sa a? Fè yon jan pou se Jezi li menm menm ki montre nou jan poun fè l: kite Jezi pran plas nan mitan nou, rete kole sou li, louvri kè nou byen gran pou youn renmen lòt. Se li menm k ap fè n konnen kijan pou n pale ak moun yo, ki chemen pou n pran, se li mem k ap louvri kote pou n pase pou n kapab antre nan kè frè- n yo pou n sèvi-l temwen nenpòt kote nou ye, menm kote ki pi difisil la, kote sitiyasyon yo pi konplike-a. Konsa, na rive wè chanjman nan ti komite kote nap viv la: youn va konprann lòt, na va viv nan kè poze youn ak lòt.

Sa k pi konsekan se pou nou youn renmen lòt dekwa pou n kenbe prezans Jezi nan mitan nou etan n ap fè kè nou dosil pou n kapab koute ti vwa Bondye k ap pale anndan kè nou si nou kapab rive fè lòt vwa yo fè silans. L ap montre nou kijan pou n “obeyi” ak kè kontan epi ak lespri nou byen louvri sou kòmandman “ki pi piti” yo dekwa pou n bati lavi nan tèt ansanm nan nèt ale. Se pou yo kapab di osijè nou menm, sa yon lè yo te di osijè premye kretyen yo: “Gade kijan yo renmen jouk yo pare pou yo mouri youn pou lòt[1]“. Moun yo va wè Levanjil gen fòs pou-l kapab fè yon nouvo sosyete jèmen; yo ka rive wè sa nan fason renmen an ap vin chanje rapò nou yo.

Nou pa kapab kenbe pou nou menm sèl kado nou te resevwa a. Nou bezwen di ansanm avèk Pòl: “Malè pou mwen si m pa anonse Bòn Nouvel la” (Cf. 1 Ko 9, 16). Si nou kite ti vwa ki anndan kè nou dirije nou, nou va dekouvri yon pakèt bagay toujou nouvo pou n kòminike kit se nan jan nou pale, kit se nan sa nou ekri, kit se nan sa nap diskite youn ak lòt. Se pou Levanjil la vin klere nan nou menm, nan kay nou, nan vil nou yo, nan peyi nou. Lè sa a yon nouvo lavi va fleri nan nou menm tou, kontantman va blayi nan kè nou. Limyè Sila ki leve byen vivan pami mò yo va briye pi plis… epi li va konsidere nou tankou “grannèg nan Peyi Wa a”.

Lavi Ginetta Calliari se yon bèl egzamp ki montre sa yon fason ki fò anpil. Li te rive nan peyi Brezil nan lane 1959 ansanm avèk premye gwoup fokolari yo. Gwo diferans li te wè nan peyi a te frape l anpil. Li te angaje tèt li nan bay bon temwayaj renmen dapre fason li t-ap viv Pawòl Jezi yo. Li te konn di: “Se li menm ki pral louvri chemen an”. Piti piti firanmezi, tan an t ap pase, ansanm avè l yon ti kòminote te kòmanse devlope, rasin li piti piti t-ap vin pi djanm. Jodi a kòminote sa-a an kontak avèk yon santèn mil moun ki nan tout kalite klas ak laj, granmoun kon timoun, malere kon grannèg, ki angaje tèt yo nan sèvis moun ki pi pòv yo. Konsa yo te kapab reyalize travay sosyal ki te chanje figi bidonvil yo nan divès zòn. Se yon ti “pèp” kote youn rete byen siude ak lòt, k ap kontinye montre kijan Levanjil la li vre: se sèl pòsyon byen sa Ginetta te pote ansanm avè l lè li te pati kite tè sa pou-l al nan syèl.

Chiara Lubich



[1] Se TÈTILYEN ki di sa nan yon liv li te ekri, Apologeticum, 39,7. Mesye te viv nan dezyèm ak twazyèm syèk nan yon peyi Afrik yo rele jodi a Tinizi.

Aucun commentaire: