01/03/2008

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a” (Jn 4,34).

Men yon pawòl Jezi ki bèl anpil epi chak kretyen kapab pran pou pwòp tèt pa l yon fason oubyen yon lòt. Si li mete l an pratik, sa kapab fè l fè yon bon ti bout chemen nan pelerinaj lavi a.

Jezi te chita bò kote pi Jakob lan, nan peyi Samari an, li t ap fini yon ti koze li te gen avèk madanm Samari an. Disip yo t ap vini sot lavil ki tou pwòch kote yo te ale pou yo achte kèk bagay, yo te sezi wè Mèt la ki t ap pale ak yon fi, men pyès moun pa t mande l pou kisa. Apenn madanm nan ale, yo mande l pou l vin manje. Jezi devine sa yo t ap panse a epi li esplike yo sa k ap fè l aji nan sans sa. li di yo konsa: “Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen.”

Disip yo pa t konprann, yo t ap panse manje moun yo konn manje a epi youn te pran mande lòt: “Gen lè yon moun pote manje ba li.” Lè sa a, Jezi di yo aklè:

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a.”

Moun bezwen manje chak jou paske sak vid pa kanpe. Jezi pa di lòt bagay. Li pale sou manje a, sa vle di sou yon bagay ki nesesè pou lavi a, men isit la li pale pou l fè disip yo konnen gen yon lòt kalite manje ki pi konsekan pou moun yo manje, epi li menm menm li pa ka pa manje l.

Jezi te desann sot nan syèl pou l fè volonte sila ki te voye l la epi pou l fin fè travay li te ba l fè a. Li pa t vin mache dapre lide pa l oubyen pwojè pa l, men dapre sa Papa l te vle pou l fè a. Pawòl l ap di yo ak sa l ap fè yo se travay Papa l. Li pa fè pwòp volonte pa l, men se volonte sila ki voye l lan se sa ki rezime tout lavi Jezi. Paske li jwenn plezi l nan sa lap fè a, li pa grangou ankò, li deja konble byen konble.

Fè volonte Papa l nèt ale se sa ki montre kisa lavi Jezi a ye jous li rive mouri sou kwa a pou l ka fin reyalize nèt travay Papa te konfye l lan.

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a.”

Jezi panse vrè manje pa l la se fè volonte Papa, paske se antan l ap reyalize li, l ap fè youn avè l, l ap tounen fè yon sèl ak volonte Papa epi l ap rive resevwa lavi tout bon vre a.

Kisa ki volonte Papa, travay li Jezi gen pou l fin fè a?

Se fè yon jan pou moun yo vin sove, pou l ba yo Lavi ki pap janm fini an.

Se ti jèm Lavi sa Jezi t ap simaye nan kè madanm Samari a atravè pawòl li yo ki te plen avèk anpil renmen.

Rapid rapid disip yo pral wè Lavi sa grandi epi li gaye, paske madanm Samari a pral pataje ak lòt moun peyi Samari yo richès li te dekouvri a : « Vini wè yon moun ki di m tou sa m fè. Eske nou pa kwè se Mesi a ? » (Jn 4,29)

Pandan Jezi tap pale avèk madanm nan li te fè-l dekouvri plan Bondye Papa a : se pou tout moun resevwa kado lavi li a. Men travay Jezi prese fè ak tout fòs li pou l kapab konfye patizan l yo epi Legliz la li.

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a.”

Eske nou menm tou nou kapab viv pawòl sa Jezi te viv jous li rive fè moun yo dekouvri sa li ye a, misyon pa l epi dife ki t ap chofe kè li an ?

Men wi ! Lè sa nou bezwen viv nou menm tou tankou pitit Papa poutèt lavi Kris la te bannou an epi kite volonte Papa nouri lavi nou pou n kapab grandi.

Nou kapab fè sa lè n ap akonpli sa Bondye Papa mande n fè tout nan tout sikontans lavi nou, pi byen nou kapab, tankou si nou pa ta gen lòt anyen ankò pou n fè. Bondye pa mande pi plis pase sa.

An nou manje, sa vle di an nou fè youn avèk sa Bondye vle pou n fè nan chak ti moman. Konsa na kontan wè kijan esperyans sa va pote kè poze ak kè kontan epi l ap bannou yon avalwa kè kontan ki nan syèl la, san nou pa fè egzajerasyon.

Konsa na va fè yon jan nou menm tou, ansanm avèk Jezi, pou n fin fè travay Papa a.

Se sa ki pi bon fason pou n viv fèt Pak la.

Chiara Lubich

Aucun commentaire: