Jezi te di pawòl sa apre Laza Betani a mouri anvan li leve l apre kat jou.
Laza te gen de sè: Mari ak Mat.
Mat menm, kon l tande Jezi rive, l al rankontre li epi li di l: “Granmèt, si w te isit la, frè m nan pa tap mouri!” Jezi reponn li: “Frè w la ap leve” . Mat di l: “Mwen konnen lap leve nan dènye jou a”. Jezi di l: “Se mwen menm ki leve a, se mwen menm ki lavi a. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, lap viv. Epi tou moun ki vivan, ki kwè nan mwen, li pap mouri pou tout tan”.
“Se mwen menm ki leve a, se mwen menm li lavi a.”
Jezi vle fè moun yo konprann kilès li ye pou yo. Jezi gen pi gwo richès yon moun kapab chache: Lavi, Lavi sa ki pap janm mouri.
Si w te li levanjil Jan an, ou te wè Jezi te di: “Menm jan Papa a gen lavi nan li a, konsa li bay pitit la kapasite pou l gen lavi nan li menm tou” (Jn 5,26).
Depi Jezi gen Lavi a, li kapab ba li.
“Se mwen menm ki leve a, se mwen menm li lavi a.”
Mat tou kwè nan leve a nan finisman an: “Mwen konnen m ap leve nan dènye jou”.
Men Jezi, avèk pawòl sa: “Se mwen menm ki leve a, se mwen menm ki lavi a”, vle fè l konprann li pa bezwen tann tan kap vini an pou l gen espwa mò yo leve. Deja koulye a, nan tan prezan an, li menm se lavi pou tout moun ki gen lafwa li ye, lavi Bondye nou ponkò konnen, ki pap janm fini an.
Si Jezi nan yo, si li nan ou , ou pap mouri. Lavi sa nan moun ki gen lafwa, li menm ak lavi Jezi leve a, kidonk li pa sanble menm ak lavi òdinè moun yo.
Se kalite Lavi sa, ki deja nan ou menm tou, epi lap parèt nan dènye jou lè wap patisipe ak tout sa w ye a nan leve kap vini an.
“Se mwen menm ki leve a, se mwen menm li lavi a.”
Sèten ak pawòl sa yo, Jezi pa vle di kò w pap mouri. Men sa pap fè w pèdi vre Lavi a. Lanmò a va rete pou w tankou li te ye pou li menm tou, yon esperyans ki pou chak moun, ki fò anpil epi petèt kap fè kè w sote. Men li pap vle di ankò lavi a pa gen sans, se yon bagay moun fou, se yon echèk, se finisman an. Lanmò a, pou w menm, pap yon lanmò tout bon.
“Se mwen menm ki leve a, se mwen menm li lavi a.”
Kilè Lavi sa ki pa mouri te kòmanse pou w?
Nan batèm nan. Lè sa, menm si wap mouri yon jou, ou te resevwa nan men Kris la Lavi ki pap mouri a. Sèke nan batèm nan, ou te resevwa Lespri Sen an ki te leve Jezi.
Kondisyon pou w resevwa sakreman sa se lafwa w te deklare pa lentèmedyè parenn ou yo. Sèke Jezi nan istwa Laza leve te di Mat a klè: “Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, lap viv” (…) “Eske w kwè sa?” (Jn 11,26).
“Kwè”sa a se yon bagay ki serye anpil, ki konsekan anpil: sa pa vle di sèlman aksèpte sa Jezi anonse a men ret kole sou sal di a ak tout kè w.
Pou w jwenn lavi sa, ou bezwen di Jezi wi. Sa vle di kole sou pawòl li yo, kòmandman li yo: viv yo. Jezi te di: “Si yon moun kenbe pawòl mwen, li pap goute lanmò pou tout tan” (Jn 8,51). Nou kapab ranmase ansèyman Jezi yo nan renmen.
Kidonk, ou pa ka pa viv nan kè kontan: Lavi a li nan ou menm!
“Se mwen menm ki leve a, se mwen menm li lavi a.”
Nan tan sa a kote nap pare tèt nou pou fèt Pak la, ann youn ede lòt pou n pran chemen renmen an nou bezwen nan bliye tèt nou paske Kris leve a ap viv nan nou menm depi jodi a.
Kyara Libik
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire