Renmen an se poto mitan dènye koze Jezi a: renmen Papa a pou Pitit la, renmen Jezi ki
Moun ki tap koute Jezi te kapab rekònèt nan pawòl li yo tankou yon eko liv Sajès la: “renmen se kenbe kòmandman yo” (Saj 6,18) epi “moun ki renmen kapab wè li (bon konprann nan) fasil” (Saj 6,12). Epi anlè tout bagay, moun ki renmen-l rive wè li, sanble ak Saj 1,2, kote yo di Granmèt la va fè moun ki kwè nan li menm wè li.
Koulye a men sans Pawòl sa nap pwopoze a: sila ki renmen Pitit la Papa a renmen l epi Pitit la menm renmen li tou epi lap fè l wè li.
“Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m” (Jn 14,21).
Pou n wè Jezi sa mande pou n renmen.
Nou pa kapab imajine yon kretyen ki pa ta gen enèji sa, gwo fòs renmen sa nan kè l. Yon òlòj pa kapab mache, li pa bay lè a - nou kapab di se pa yon òlòj - si w pa ba l chenn. Se konsa tou, yon kretyen ki pa toujou pare pou l renmen, li pa merite non kretyen an.
Paske tout kòmandman Jezi yo ranmase nan yon sèl: renmen Bondye epi renmen pwochen an paske w wè epi w renmen Jezi nan li menm.
Renmen se pa sèlman yon santiman men li bezwen pase nan lavi chak jou a, nan sèvi frè w yo, yon fason espesyal sila ki bò kote w, nan fè bagay ki tou piti, sèvis ki tou senp.
Chaldefouko te di konsa: “Lè w renmen yon moun, ou anndan li menm tout bon, ou anndan li menm ak renmen w lan, wap viv anndan li menm ak renmen an, ou pap viv anndan ou menm ankò, ou detache ou menm menm, ou deyò w menm”.
Lè w renmen konsa, limyè Jezi a fè wout li nan ou menm jan li te pwomèt la: “Sila ki renmen m nan... map fè l wè m”. Renmen an se sous limyè a: pi plis wap renmen, pi plis wap konprann Bondye se renmen.
Se sa ki fè w va renmen pi plis epi wap rive jwenn yon bon jan relasyon ak tout pwochen w yo.
Limyè sa, konesans renmen Bondye sa se siy, se prèv renmen an li vre. Se esperians sa nou kapab fè anpil fason, paske nan chak moun limyè a pran koulè ak aparans pa yo. Men limyè sa gen kichòy ki menm pou tout moun: li fè n wè sa Bondye vle, li ba n kè poze, li fè n konprann Pawòl Bondye a yon fason ki nouvo. Se yon limyè ki cho, kap ede n mache sou chemen lavi a yon fason ki pi sètèn, pi rapid. Lè fènwè lavi a vini epi li fè mache a vin pi difisil, lè nou pa ka avanse ankò poutèt fènwè sa, Pawòl Levanjil sa va fè limyè a limen ak renmen. Yon ti jès renmen (yon lapriyè, yon souri, yon ti mo) kapab kont pou l fè limyè a vini pou l pèmèt nou kontinye avanse.
Lè yon moun sou bekàn nan nwit, si li kanpe l ap tonbe nan fènwè, men si li kontinye pedale, dinamo ki sou bekàn nan va ba l limyè pou l ka fè wout li.
Se konsa tou nan lavi a: sèl sa nou bezwen pou n limen lafwa ak esperans lan se renmen, renmen vre, sa ki bay san li pa tann anyen nan men lòt la.
Kyara Libik