01/06/2010

“Moun kap chache asire lavi li va pèdi li; moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò” (Mt 10,39).

Antan nap li Pawòl Jezi sa, de kalite lavi vini nan tèt nou: lavi sou tè a nap bati bò isit la epi lavi Bondye ba nou pa lentèmedyè Jezi Kri, lavi ki pa fini ak lanmò a, pyès moun pa kapab wete l nan men nou.

Kidonk, nan lavi nap viv la, nou kapab genyen de kalite konpòtman. Oubyen nap mare kè n ak lavi sou tè a tankou si se sèl byen nou genyen. Lè sa, nap gen tandans pou n sonje pwòp tèt nou, zafè nou yo, moun nou yo. Nap ranmase anndan pwòp tèt nou, nap pran ka sèlman sa k pou nou epi, nan finisman lavi nou an, nou pap jwenn lòt bagay pase lanmò a. Oubyen, okontrè, si nou kwè nou te resevwa nan men Bondye yon kalite lavi ki pi konsekan epi ki gen plis valè, nou va jwenn kouraj pou n viv lavi sa a yon fason pou nou kenbe l jous nan bout nèt epi nap kapab sakrifye lavi tè a pou lòt la.

“Moun kap chache asire lavi li va pèdi li; moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.”

Lè Jezi te di pawòl sa yo li tap panse mati a. Tankou tout kretyen, nou ta dwe pare pour n swiv Mèt la epi ret fidèl levanjil la jous nou pèdi lavi nou nan lanmò - si se nesesè - menm yon lanmò ki vyolan avèk favè Bondye va ba nou ansanm ak vre lavi sa a. Jezi an premye te pèdi lavi li epi li te resevwa yon nouvo lavi nan bèlte Bondye a. Li te avèti nou pou n pa pè “sa kap tuye kò a, men ki pa gen pouvwa tuye nanm nan” (Mt 10,28)

Jodi a li di nou:

“Moun kap chache asire lavi li va pèdi li; moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.”

Si wap li levanjil la avèk atansyon, wap wè li tounen sou pawòl sa sis fwa. Sa montre w se yon bagay ki konsekan epi li ba li anpil konsiderasyon.

Pou Jezi, envitasyon pou w pèdi lavi w se pa sèlman pou mati a men se lalwa ki pi konsekan nan lavi kretyen yo.

Nou dwe pare pou n sispann met pwòp tèt nou an premye, sispann endepandans egoyis nou an. Si nou vle pou n kretyen tout bon vre, nou bezwen mete Kris la nan mitan lavi nou an. Kisa Kris la ap tann nan men nou? Renmen lòt yo. Si pwogram li tounen pwogram nou an, nap pèdi pwòp tèt nou epi nap jwenn lavi a.

Fason sa pou n pa viv pou pwòp tèt pa nou, pa vle di tankou kèk moun kapab panse, se pou n rete ap tann san nou pa fè anyen. Angajman kretyen yo pi konsekan pase sa epi yo gen sans reskonsabilite nèt ale.

“Moun kap chache asire lavi li va pèdi li; moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.”

Depi sou tè a nou kapab fè esperyans sa : lavi a grandi nan nou menm nan mezi nap bay pwòp tèt nou epi nap viv nan renmen lòt yo. Lè nap gen tan pase tout lasent jounen nan sèvis lòt yo, lè nap gen tan aprann fè travay chak jou a, menm si l di anpil, tounen renmen, lè sa kè nou va kontan paske nou te grandi.

“Moun kap chache asire lavi li va pèdi li; moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.”

Nan swiv kòmandman Jezi yo, yo menm ki gen tout rasin pa yo nan renmen, apre ti tan nap viv sou tè a, nou va jwenn lavi ki pap janm fini an.

Ann sonje jijman Jezi nan dènye jou a lè li va di moun ki adwat li : « Vini, nou menm Papa mwen beni an, ... paske mwen te grangou epi nou te ban m manje...; mwen te etranje, nou te adopte m, mwen te ni kò, nou te abiye m… » (Mt 25, 34-35)

Pou l fè nou patisipe nan lavi ki pap janm fini an, sèl sa lap gade se si nou te renmen pwochen nou yo epi lap konsidere sa nou te fè pou yo tankou si se te pou li menm menm nou te fè l.

Kijan pou n viv Pawòl sa? Kijan pou n pèdi lavi nou jodi a pou n jwenn li ankò?

Nan fason nap pare gwo egzamen sa nou gen pou n pase pou kisa nou te fèt la.

Ann gade tout alantou nou epi ann plen jounen nou yo ak jès renmen. Kris la presante tèt li nan pitit nou yo, nan madanm nou an, nan mari nou an, nan konpayon travay la, nan gwoup nou yo, nan moun nap poze kò n ak yo… Ann fè kichòy ki bon pou yo tout san nou pa bliye moun nap wè non yo nan jounal yo, nap tande nan radyo a, nan televisyon an… Ann fè kichòy pou yo chak dapre sa nou kapab fè a. Epi lè nap gen tan fè tout sa nou te kapab, nou ankò kapab lapriyè pou yo. Se renmen ki gen valè.

Kyara Libik