Ekri nan fevriye 1992
Pawòl lavi mwa sa soti nan levanjil Lik. Se yon moso nan pami anpil pawòl Jezi, sa yo rele koze sou mòn nan, nan
levanjil Matye. Jan nou konnen, nan pati sa, Jezi montre egzijans
Reny Bondye a epi sa ki fè moun yo rekonnen kilès ki ladan-l. Karakteristik sa yo soti nan Papa ki nan syèl la epi yo mennen moun yo
sanble avè-l.
Nan ti moso
sa, Jezi envite patizan li yo pou yo imite renmen Bondye Papa-a. Si nou vle pou-n pitit li, nou dwe renmen pwochen nou an menm jan li menm
li renmen-l.
“Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-ap viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo.”
Premye ak pi gwo karakteristik renmen Bondye Papa-a, se dèske li gratis nèt
ale. Li diferan anpil ak renmen lèzòm. Alòske renmen lèzòm
chita sou sa yo ka jwenn anretou oubyen sou santiman (n-ap renmen moun ki
renmen nou yo ak moun nou renmen yo), renmen Bondye Papa-a li menm, li
dezenterese nèt ale, li bay moun li te kreye yo pwòp tèt li, san li pa gade
repons ki ka vini answit. Se yon renmen ki
konn pran devan nan bay tout sa li genyen.
Sa
vle di se yon renmen k-ap konstwi epi k-ap transfòmen. Papa ki nan syèl la pa renmen nou paske nou bon, paske lespri nou bèl
epi sa merite atanzyon ak bonkè li. Okontrè, nan renmen
li renmen nou, li kreye bonkè nan nou menm ak bèlte lespri pa lentèmedyè favè
li-a, dekwa pou-l fè-n tounen zanmi li epi pitit li yo.
“Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-ap viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo.”
Yon lòt karakteristik renmen Bondye Papa-a sèke li pou tout moun. Bondye renmen tout moun san li pa fè diferans. Mezi renmen sa, sèke li pa gen okenn limit ni okenn mezi.
Paske
renmen li-a pa ta kapab gratis epi kreyatif, si li pa-t ka rive tout kote ki
gen bezwen oubyen si la te kite yon vid san li pa-t plen li.
Se
poutèt sa Bondye ki nan syèl la renmen menm pitit li yo ki pa gen rekonesans,
ki lwen oubyen ki revòlte.
“Si nou renmen moun ki renmen nou, sa sa ap rapòte nou? Ata moun k-a viv nan peche yo, yo renmen moun ki renmen yo.”
Kijan pou-n viv Pawòl Lavi mwa sa?
Nan
fason n-ap viv tankou pitit Bondye ki nan syèl la tout bon vre. Sa vle di nan imite renmen li-a ki gratis epi ki pou
tout moun jan nou sot wè. N-ap chèche renmen
an premye, ak yon renmen tankou yon moun ki gen bonkè, ki solidè, ki louvri
kè-l byen gran pou tout moun, yon fason ki espesyal pou tout kalite bezwen nou
ka jwenn bò kote nou-an. N-ap chèche renmen
san nou pap tann anyen anretou. N-ap chèche tounen
zouti renmen Bondye ki pa gen limit nan fason n-ap fè lòt yo patisipe nan kado
nou te resevwa nan men Bondye kit se nan sa nou ye-a kit se nan sa nou te
resevwa nan men li.
Si
n-ap kite Pawòl Jezi-a tounen yon gid pou nou, n-ap gen je ki nouvo ak yon kè
ki nouvo pour tout moun k-ap pase bò kote nou nan tout ti okasyon lavi chak
jou-a.
Nenpòt kote n-ap ye (fanmi, lekòl, travay,
lopital, elatriye), n-ap santi yon fòs k-ap pouse nou tounen moun k-ap bay
renmen Bondye sa-a Jezi te vin pote sou tè-a, sèl kalite renmen ki kapab chanje
fas tè-a.
Kyara Libik