01/12/2006

«Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans li nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon» (Sòm 83,6)

Moun ki te ekri chan an kote nou jwenn Powòl lavi a, te patisipe nan yon pelerinaj nan Kay Sakre Jerizalèm la. Li ta renmen rete nan Kay Sakre a, tankou ziwondèl ki te jwenn nich andan l; men li te blije ale lakay li, lwen lakay Bondye a. Poutan li te renmen anpil Kay Sakre a, kote li te santi prezans Bondye a. Li deside pou l ale ankò: li pran wout Jerizalèm, li kòmanse yon vwayaj ki sen pou l ale sou Mòn Siyon an, pou l parèt devan Bondye.

«Ale sou Mòn Siyon», sa vle di «ale bò kote Bondye»; tout lavi nou pral fini nan yon rankont ak Bondye: lè nou pral mouri, nou pral kòmanse yon lavi nouvo ak Bondye, lakay li; nou te fèt pou n ale bò kote Bondye; depi kòmansman an, li rele nou lakay li.

Poutèt sa a, nou vle dirije egzistans nou nan dirèksyon sa a: lavi nou se yon sèl lavi nou genyen; nou vle viv li tankou yon vwayaj, yon vwayaj ki sen paske Sila k’ap tann nou, li menm, se Sen li ye.

Wi, Bondye rele nou chak pou n vin sen jan Bondye vle nan kè li: Bondye renmen nou anpil, li reve, li trase pou nou chemen an ki kapab mennen nou lakay li.

«Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans li nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon» (Sòm 83,6)

Jodiya, nou nan yon tan kote moun ap kouri dèyè anpil aktivite; pafwa, moun yo pa kapab kore aktivite yo; y’ap fè aktivite kote y’ap tann rezilta toujou pi gwo. Nou nan yon tan kote kèk metye gen pi plis valè pase lòt yo; nou nan yon tan kote n’ap pè bouch epi n’ap femen je pou n pa sonje moman difisil k’ap rive nan lavi, paske nou pè soufrans yo, maladi yo, dèy yo, desepsyon yo, lanmò a…

Nou menm nou sibi enfliyans epòk pa nou, nou atire nan tandans sa yo, e nou depanse fòs pa nou pou anyen. Se kòm sa nou dekonsidere jou pou nou pran yon repo, nou neglije moman lapriyè; maladi ak lòt difikilte yo parèt pou nou kòm anpèchman pou nou byen viv; nou pa wè kijan Granmèt la ki renmen nou pèmèt yo pou yon byen ki pi bon pou nou.

Ki lè pou nou kòmanse ale? Kijan pou nou kòmanse vwayaj ki sen an tout bon vre? Nou p’ap swiv volonte pa nou, men n’ap swiv volonte Bondye. Lè nou swiv li nan chak ti moman ki la tout bon vre, yon kado (yon gras èspesyal) pral avè n nan chak aksyon nou pral fè konsa: nou rele sa a «gras aktyèl la» kote Lespri Sen an klere n e gide n nan sa ki bon.

Menm si yon moun pa kwè nan Bondye, lè li angaje konpòtman li nan yon chemen ki kòrèk, lavi li kapab jwenn anpil bèl siksè.

«Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans li nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon» (Sòm 83,6)

Lè nou kòmanse ale, lè nou swiv chemen volonte Bondye a, se pou n avanse chak jou pi plis. Renmen an envite nou pou nou grandi. Sa pa sifi pou nou viv jodiya tankou yè; li pi bon pou n repete chak jou: «Jodiya, pi plis anavan pase yè!»

Kounyeya, eske nou kapab fè yon ti kanpe? Lè n’ap fè bak, lè nou tonbe nan erè, lè nou fè parès…, eske nou dwe dekouraje? Eske nou dwe lage tout zefò nou te kòmanse a? Non! Nan moman sa yo, «se pou nou kòmanse ankò».

Kòmanse ankò, sa vle di, se pou n mete nan kè sansib Bondye tout pase nou an, echèk ak peche nou yo.

Kòmanse ankò, se pou n mete pi plis konfyans nan gras Bondye pase konfyans nan zefò nou yo.

Se poutèt sa, Pawòl lavi a envite n pou n mete konfyans nou nan Bondye; se pou n avanse chak lè avèk anpil fòs, kouraj e kè kontan, kòm si sete premye jou a.

Men anvan tou, se pou n mache ansanm, se pou nou tout fè youn nan renmen; sou wout la, se pou youn ede lòt . Sila ki apa pral la nan mitan nou, e tankou «Chemen an», li pral kondwi nou; li se limyè; ak li, volonte Bondye a pral parèt klè; li pral ban nou swaf la e mwayen an pou nou fè sa Bondye vle. Si nou tout fè youn, tout bagay pral fasil e nou pral jwenn chans la sòm la te pwomèt pou moun ki deside ale sou Mòn Siyon.

«Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans li nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon» (Sòm 83,6)

Mwen sonje youn nan pami zanmi m.

Sete nan vil Wòm, nan lanne 1951; sete Enzo Fondi, yon jèn gason ki te gen ventdezan. Li te deside pou bay Bondye tout lavi li nan sèvis Mouvman Fokolari ki te apenn komanse. Lè li te jwenn doktora nan medsin e nan chiriji, li te ale nan yon lopital nan vil Leipzig; sete pou l fè travay doktè e pou bay temwayaj renmen dèyè «Rido de Fè a». Li vin konsakre pè, epi li te ale nan Zetazini pote menm mesaj la.

Nan denyè lanne li yo, Mouvman te kòmanse yon dyalòg avèk plizyè lòt relijyon. Enzo te angaje pwòp tèt li, nan plizyè peyi, tout kote… Enzo te gen toujou menm pwojè: swiv volonte Bondye a.

Li fini vwayaj li ki sen an, dènye jou lanne 2001, aswè a; yo te jwenn li devan òdinatè, tèt li panche sou tab la, figi l poze, san pa okin tras doulè. Li pa parèt tankou yon moun ki mouri, men li parèt tankou yon moun ki te pase dousman sot nan yon chanm pou l ale nan yon lòt chanm.

Kenz jou anvan l mouri, li te ekri: «Dènye volonte pa m, tèstaman m: Dènye volonte pa m, se volonte Bondye pou mwen, sa li vle nan moman sa a. Mwen pa gen lòt volonte. Men dènye volonte pa m: Kounyeya, mwen pa konnen dènye bagay Bondye pral kite m pou m fè l, men se pou m fè l yon jan ki korèk anpil; e mwen kwè sa: Bondye pral ede m nan moman sa a ak «lagras aktyèl la», menm jan li ede m kounyeya. E Bondye pral konn ede m pi plis ankò si mwen pèmèt lagras la pote fwi nan viv byen chak moman prezan ki la.»

Chiara Lubich

01/11/2006

«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon.» (Mt 5,6)

Nan langaj nou pale, mo «jistis la» fè n sonje respè dwa moun; mo «jistis la» fè n santi bezwen pou konsidere tout moun menm jan; mo «jistis la» fè n separe byen yo nan sèvis pou tout moun yo, mo «jistis la» fè n panse tout oganizasyon reskonsab pou fè respekte lwa yo.

Eske jistis sa a, se jistis Jezi te pale nan prèch li sou mòn nan?

Nou kapab di «wi», men, pou Jezi, jistis sa a sot nan yon jistis pi gwo ki vle akò, lapè, bon rapò.

Grangou ak swaf fè n sonje bezwen nouriti, rad, kay, dlo… pou chak moun; grangou ak swaf fè n sonje sa k yon moun swaf nan fon kè li, ki pap janm jwenn soulajman.

Nan Levanjil Lik la, nou tande Jezi ki di sèlman: «Ala kontantman pou nou menm ki grangou kounyeya.

Matye esplike: pi gwo grangou pou yon moun se bezwen Bondye; Bondye sèlman kapab fè l jwenn satisfaksyon ki fon.

Ogisten ki sen te byen konprann sa pandan li t’ap ekri nan komansman «konfesyon» (anpil moun konnen pawòl sa a:«Ou te fè n pou ou menm, Granmèt; kè nou pa gen repo joustan nou pa rive nan ou menm.»

Jezi di:«Si yon moun swaf, se pou li vin jwenn mwen, e se pou li bwè sila ki kwè nan mwen!» E Jezi li menm te pran pou nouriti volonte Bondye a.

Nan Bib la, «viv jistis la» sa vle di viv kòm Bondye vle, selon pwoje Bondye pou moun yo: e Bondye vle moun yo vin tounen yon fanmi kote yo tout yo fè youn nan renmen.

«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon». (Mt 5,6)

Swaf ak jefò pou chèche jistis la, yo la nan kè moun yo; Bondye li menm te mete yo nan kè moun yo. O lon sièk tan yo, moun yo te fè anpil konkèt, anpil pwogrè; men poutan, jodiya, nou lwen ankò, nou pat rive fè sa a Bondye te vle nan pwoje pa li: okontrè nou wè tout kote yo fè gè a, gen terrorism, yon ras fè vyolans kont yon lòt ras; tout bagay sa yo rive paske nan sosyete a gen gwo diferans pami moun yo poutèt lajan, mwayen, manke jistis, rayisans…

Sa ki anpeche bon konprann e akò nan mitan moun yo se pa sèlmanpaske yo manke lwa, regleman, men se jan yo ye nan fon nanm yo, jan yo pa respekte moral la, jan yo pa swiv Lespri a, jan yo pa bay moun yo vale, jan yo pa konsidere lòt yo.

Nan sa a moun yo genyen: nou wè mizè vin pi plis, yon distans ki toujou pi gwo fin separe rich yo ak pòv yo; kèk gwo zotobre gen prèske tout byen tè a nan men yo. Poukisa? Se poutèt fason yo oganize ekonomi a; se poutèt gwoup, kilti, mouvman politik nan sa yo chwazi; se poutèt moun yo, yo menm menm.

Lè Jezi envite nou pou nou bay ata manto a oubyen pou nou ale fè de mil pa avèk moun ki vle fòse nou fè mil pa, Jezi montre nou yon «pi plis», yon jistis pi gwo pase tout pratik lalwa, yon jistis ki montre renmen an.

Yon relasyon ak lòt yo kapab parèt korèk, men si anndan relasyon sa a pa genyen renmen, pa genyen respè, pa genyen atansyon pou moun yo, relasyon an vin tounen tankou nan administrasyon, relasyon an pa reponn pou moun yo kapab jwenn satisfaksyon kote yo gen bezwen e yo pa kapab jwenn solisyon kote yo gen pwoblèm.

Si pa genyen renmen, pap janm genyen jistis tout bon vre. Si pa genyen renmen, rich yo pap janm separe byen yo bay pòv yo; si pa genyen renmen, pap janm ekziste yon atansyon pou chak moun e pou sityasyon kote yo ye. Byen yo pa bouje pou kont yo… Men se kè moun yo ki dwe bouje pou yo pèmèt byen yo ale nan men lòt moun yo.

«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon». (Mt 5,6)

Kijan nou kapab viv pawòl sa a?

Nou dwe gade pwochen nou an nan sa li ye: se yon moun, li gen dwa pa li, li merite konsiderasyon menm jan ak lòt yo. Men sitou, se potrè Jezi tout bon vre li ye.

E si se lenmi nou li ye, nou dwe renmen l avèk menm lanmou Bondye renmen li, prè pou nou sakrifye pwòp tèt pa nou, prè pou nou «bay lavi nou pou frè ak sè nou yo» ( Kf 1 Jn 3,16)

Nou dwe viv ak pwochen nou an nan yon renmen youn pou lòt, yon renmen ki bay sa l genyen, yon renmen ki separe ak lòt la byen nanm nou ak sa nou genyen kòm ti richès materyèl. Konsa nou tout n’ap fòmen yon sèl kòd fanmi. Se la menm nou pral jwenn yon fanmi kote moun korèk yo ap viv tankou frè ak sè jan Bondye vle. Bondye ap vini li menm nan mitan nou e li pral plen nou ak favè prezans li.

«Ala kontantman pou sa ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn satisfaksyon». (Mt 5,6)

M’ap rakonte yon moman nan travay, ki kapab klere pawòl sa a:

Gen kèk tan, faktori kote m t’ap travay te rasanble fè youn ak yon lòt faktori ki menm jan ak li te ye. Mwen te reskonsab pou m refè lis pèsonèl yo; dapre sa yo te di, twa moun nan pèsonel la ta dwe pèdi travay yo apre nouvo oganisasyon sa a. Desizyon sa a te parèt pou mwen yon abi paske pat gen rezon e paske yo te deside sa a vit vit; epi yo pat pran ka move konsekans k’ap soufri moun yo ki pral pèdi travay. Sa pou m fè? Mwen te sonje Pawòl lavi a. Sèl bagay pou m fè, fè menm jan ak Jezi, renmen. Mwen te prezante demisyon pa-m: mwen te di ke m pa pral siye ranvwa twa moun yo sot nan travay. Yo pat aksepte demisyon pa-m e yo te mande m pou m wè ki jan yo kapab jwenn anplwa pou twa moun sa yo nan nouvo oganizasyon an. Mwen te deja pare yon plan kote tout pèsonèl kapab jwenn yon travay nan diferan anplwa yo. Yo te aksepte plan sa a. e nou tout nou te kontinye travay nou.

Chiara Lubich

01/10/2006

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Souvan nan levanjil la, Jezi envite pou nou bay lòt yo: bay pòv yo, bay moun ki mande yo, bay moun ki vle prete yo, bay moun ki grangou yo manje, bay moun ki mande rad ou manto a, bay san ou pap espere anyen aprè.

Jezi li menm menm te komanse bay: li te bay sante pou malad yo, li te bay padon pou pechè yo, li te bay lavi pou nou chak.

Jezi kanpe kont egoyism nan chak moun ki vle genyen tout bagay; li mande pou bay kè kontan; lè nou sonje nesesite pa nou, nou dwe dabò sonje pou lòt yo; lè nou swiv kilti a ki vle toujou genyen pi plis, Jezi mande pou nou swiv kilti ki toujou bay la.

Se pa pi enpòtan bay anpil oubyen bay piti, sa ki konte, se fason ou bay la, se renmen ou mete nan yon ti jès atansyon pou lòt moun. Konsa ou ka bay yon vè dlo ki frè, ki ka pase swaf, menm jan levanjil Matyè di; yon vè dlo se yon bèl kado nan yon peyi ki cho e ki sèk tankou Lapalèstin.

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Yon gode dlo, vreman, yon jès ki senp e ki gwo. Bondye wè l lè nou bay li nan non li, sa vle di nan renmen.

E renmen sa a gen anpil kalite: moun ki gen kè sansib, li konn renmen yon fason ki korèk tout bon vre.

Renmen an gen atansyon paske li konn bliye tèt li.

Renmen an pa gonfle, li konn fè tout sa l kapab pou l satisfè yon bezwen lòt moun.

Renmen se sa ki pi enpòtan paske avèk renmen nou kapab pwoche lòt moun, menm si li pou kont li, pou nou koute l, pou nou sèvi l, ak tout kè nou.

Sa rive souvan, nou kwè bay yon moun yon gwo sèvis, sitou si li soufri, lè nou bay li pwòp konsèy pa nou, pafwa konsèy ki pa itil di tou, ki deranje ak pale twòp e ki vin sèvi chagren pou li. Si se vre renmen nou ye kòt lòt yo, eske se pa pi bon ? N’ap jwenn chemen ki dwat pou n rantre nan kè l e ka soulaje l.

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Pawòl lavi mwa sa a ap ede n dekouvri ankò chak aksyon nou yo: menm si se travay lakay nou, nan jaden nou, nan biwo nou, menm nan devwa klas nou, jis nan reskonsabilite sivil, politik oubyen relijyè. Tout aksyon kapab tounen yon sèvis avèk anpil atansyon pou lòt yo e avèk tout nou menm.

Lanmou ap ban nou je ki nèf pou n kapab wè bezwen lòt yo e pou n jwenn yon solisyon nou pap janm sonje sa a joustan nan moman sa a epi pou nou bay yo tout sa a nou kapab.

Ki fwi k’ap genyen ? «Don» yo ap sikile paske lanmou rele lanmou; kè kontan ap ogmante paske genyen pi plis kè kontan pou bay pase pou resevwa.

«Moun ki ba nou bwè yon vè dlo sou non «poutèt Kris la», mwen di nou vre, li pap pèdi rekonpans li.» (Mark 9,41)

Pandan gè mondyal 1939-1945, te gen fanmi ki pòv anpil, ki t’ap viv nan kèk katye nan yon vil yo rele l «Trant» nan peyi Itali. Nou te ale pataje avèk fanmi sa yo sa nou te genyen. Nou te vle ede yo pou yo viv pi byen, pou yo jwenn yon jan nou tout parèy; ide sa a ki senp anpil te bay anpil fwi nou pap janm sonje, tankou nouriti, rad, medikaman ki vini anpil lakay nou.

Konsa, kwayans nou vin pi fò: si nou viv levanjil la, n’ap jwenn solisyon pou tout pwòblèm nou yo epi pou sosyete a.

Sa se pa yon rèv. Jodi a, anpil faktori vin angaje yo nan yon pwojè yo rele «ekonomi de kominyon»: yo mete «kè sansib ki bay» nan tout lavi faktori a; yon pati nan benefis ale pou ede moun ki an difikilte epi vin gen nouvo travay ak sekou pou bezwen ki pi enpòtan.

Men gen twop moun ki nan gwo bezwen e pa gen ase mwayen pou pèmèt faktori yo reponn tout moun ki nan bezwen. Konsa, depi 1994, anpil nan nou, chak mwa, nou bay yon ti kichoy pou pòv yo.

Kounyeya, n’ap ede sèt mil moun ki pòv nan senkant senk peyi.

Anpil temwayaj pou «ti godè dlo» yo te resevwa epi yo te bay yo nan yon maraton. Men yon temwayaj ki soti nan peyi Filipin: «Boutik viann nou te pèdi anpil poutèt yon epidemi pami zanimo yo. Nou te prete lajan, men nou pat kapab kontinye. Men grasa èd sa a nou kan menm kapab jwenn yon ti manje chak jou. Epi, mwen te vit konprann mwen ta dwe ede moun ki gen pi plis bezwen pase mwen. Yon madanm nan vwazinaj mwen te gen yon gwo maladi. Li te soufri anpil e li te bezwen anpil lajan e anpil sèvis. Mwen te ede l joustan li ale nan syèl la, epi kounyeya, m’ap ede senkièm pitit li ak lajan paske papa l pi pòv pase nou, pa kapab bay pitit li sa li bezwen.»

Chiara Lubich

01/09/2006

«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)

Yon pawòl ki bay lavi, pawòl levanjil la e nan menm moman yon pawòl pou nou viv.

Si Bondye pale avèk nou, eske nou kapab pa pran ka pawòl sa a. Labib envite nou pou n koute plis pase 1153 fwa: «Tande l» (Mt 17,5). Papa li menm li envite patizan li yo, lè Pitit li a, Pawòl la, vin abite nan mitan moun yo.

Menm jan Bib la di a, li adrese nou pou nou tande l nan kè plis pase nan zorèy. Fòk nou kole tout bon vre ak sa Bondye di, fòk nou obeyi l, avèk konfyans yon timoun ki lage kò l nan bra manman l e ki kite l pòte l. Se sa apot Jak fè nou sonje nan lèt li a

«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)

Pawòl sa sanble anpil ak sa Jezi t’ap aprann moun yo lè li di:«Ala chans pou moun ki koute pawòl la e ki mete l an pratik» (Lik 11,28). Li konsidere moun ki mete pawòl sa a an pratik tankou manman l avèk frè l. (Lik 8,20-21).

Pandan l ap reprann yon parabòl Jezi, Jak konpare pawòl la ak yon grenn ki rete nan kè nou. Fòk nou dispoze pou n akeyi l; men akeyi l avèk koute l, sa pa sifi. Jan grenn la te fèt pou l bay anpil fwi, menm jan Pawòl Bondye a; sa li mande, nou dwe fè l.

Se sa Jezi esplike nan parabòl de pitit gason yo. Pi gran te reponn: «Wi», lè papa l te mande l pou l al travay nan jaden. Men li pa-t ale. Pi piti a te reponn: «Mwen pa vle»; men li te vin obeyi papa l. Bagay sa yo montre sa sa vle di: koute Pawòl la tout bon vre. (Mt 21,28-30)

Nan diskou sou mòn nan, Jezi montre yon lòt fwa ankò moun ki konn koute Pawòl la, se moun ki mete l an pratik; kòm sa, li fè lavi l vin solid menm jan ak yon kay ki bati sou ròch. (Mt 7,24)

«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)

Chak pawòl Jezi montre renmen li pou nou. Nou menm, an nou vin tounen yon pawòl ki vivan e n’ap konstate nan nou e tout kote nou ye ki pwisans lavi a pawòl la genyen.Renmen levanjil la joustan nou kite l transfòme nou e fè l ale sou lòt moun yo. Kòm sa, nou kapab remèt Jezi renmen li a.

Se pa nou menm ki pral viv, men se Kris la k’ap pran fòm nan nou.

Nou pral santi nou libere ak tèt nou, ak limit nou yo, ak esklavaj nou yo, e nou pral wè revolisyon renmen an: Jezi ki vivan gaye tout bon vre nan nou menm e nan sosyete kote n’ap viv.

«Se pou nou fè tou sa Pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase» (Jak 1,22)

Sa nou te fè esperyans avè l depi komansman mouvman nou. Nan vil Trant (Itali), pandan dezyèm gè mondyal la, lè nou te dwe al kache yon bon kote, paske yo t’ap tire anpil bonm, nou t’ap kouri nan kachèt e nou t’ap pòte sèlman ti liv levanjil la.

Nou te louvri l, e nou te li ladan l, e grasa Bondye, Pawòl sa yo, nou te tande anpil fwa anvan, te klere ak yon limyè tou nèf. Pawò lavi a te tounen pou nou pawòl pou nou viv.

«Renmen frè ak sè nou yo menm jan avèk ou menm». (Mt 22,39): Malgre tout mizè gè sa a, moun yo te santi yo renmen yo e yo te jwenn yon ti souri, kè poze, e lavi yo te vin gen gou.

«Bay epi y ap ban ou tou» (Lk 6,38): nou te bay yon ti kichòy pou yon pòv, epi Bondye nan pwòvidans li, ap remèt nou anpil bagay pou nou bay ankò pòv yo ki nan vil la.

Nan kèk mwa sèlman, nou te wè yon kòminote ki djanm, ki te gen 500 moun. Sa se fwi kòminyon nou an ki fè yon sèl ak pawòl la, chak lè. Nou te soule ak pawòl la; nou ta kapab di: Pawòl la te viv nan plas nou. Li te sifi pou youn mande lòt : «Eske ou viv pawòl la? Eske ou se pawòl vivan?» pou nou fè angajman nou an pi plis.

An n retounen nan tan sa. Levanjil la toujou la. Kwè nan Li, viv li, e nou pral wè mèvèy li yo.


Chiara Lubich

01/08/2006

«Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la». (Efez 4,32)

Men yon pawòl enpòtan e fasil pou nou pratike l nan lavi nou. Pwogranm sa a li kapab fè yon lòt sosyete, kote yo viv pi byen tankou frè ak sè, kote yo fè yon sèl. Pawòl sa a soti nan yon pwojè ki byen laj pou kominote kretyen ki nan peyi Azi Minè. Nan kominote sa a, yo te jwenn kè poze nan de pèp sa yo, jwif ak etranje; yo te separe menm jan ak tout lòt moun.

Favè Kris la, ki fè tout kretyen fè yon sèl , bezwen rebali toujou plis fòs. Renmen youn pou lòt dwe fè parèt aksyon ak konpòtman nan sosyete a. Sa montre nou ki jan pou n viv ansanm.

«Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la». (Efezyen 4,32)

«Bon» se renmen byen pou lòt la, se fè youn avè l; se al kote l tankou yon veso ki vid nèt: paske pou n akèyi yon frè oubyen yon sè, fò k nou vid, fò k nou bliye tèt nou, bliye avantaj pa nou, bliye lide pa nou, bliye tout bagay ki anpeche nou wè klè, fò k nou pran sou zepòl nou, chay frè nou an oubyen sè nou an, pran bezwen li yo, soufrans li yo, men kè kontan li yo tou.

An n panse ak dife; bezwen chak lè souke recho a pou dife a ka pa mouri. Menm jan pou nou, li enpòtan pou nou rebay chak lè renmen youn pou lòt, pou relasyon nou pa kouvri ak sann endiferans nou, mank zanmitay, egoyis nou.

«Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen bon kè youn pou lòt, pou nou padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la». (Efezyen 4,32)

Aji byen youn ak lòt, gen bon kè youn pou lòt, youn padonnen lòt, sa pa dwe rete nan santiman sèlman men rive nan bon aksyon.

Jezi li menm te montre kisa sa ye renmen, lè li te geri malad yo, lè li te bay foul la manje, lè li te leve moun ki te mouri yo, lè li te lave pye patizan li yo. Anpil aksyon, anpil aksyon, men sa sa ye renmen!

Mwen sonje istwa yon manman nan yon fanmi afriken kote pitit fi li, Rosangela, te pèdi yon jè l; li te viktim lè yon ti gason t ap agrese l; li te blese l avèk yon kann e li te kontinye ap deranje l. Paran ti gason sa a pa te mande okenn eskiz. Silans sa a, manke rapò avèk fanmi la te bay lapenn. Rosangela te padonnen e te konsole manman l, li di: «Mwen gen chans, mwen kapab wè nan lòt jè».

Manman Rosangela ap rakonte: «Yon maten, te gen yon moun ki te vin chèche m sou non ti gason sa a ki pa t santi l byen. Premye reaksyon, mwen te deranje apre sa pitit gason te fè nou an! epi, se mwen menm li voye chèche pandan gen lòt vwazen. Byen vit, mwen te vin sonje: «Renmen pa gen baryè». Mwen kouri lakay li, Manman ti gason louvri pòt la, epi li lage kò li nan bra m. N’ale lopital ansanm e mwen rete kote manman sa a, joustan doktè yo te vin pran swen pitit li. Yon semenn apre, lè ti gason soti lopital, manman li vin lakay mwen pou di m mèsi. Mwen resevwa li ak tout kè m, mwen vin padonnen; yon bèl relasyon te vin fèt nou menm avèk li, ak bagay tou nèf. »

Nou kapab nou menm tou ranpli jounen nou ak sèvis, nan fè nou piti devan lòt yo, nan genyen anpil lide pou ede lòt yo, nan bon aksyon n’ap fè pou lòt yo… men jan renmen an ye.

Lapè avèk viv ansanm tankou frè ak sè ap grandi tout kote nou ye.

Chiara Lubich

01/07/2006

“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo” (Sòm 144,18)

Nan sòm kote Pawòl lavi a soti a se yon chan pou fè lwanj pou Bondye. Li pa bliye anyen nan renmen li a; li vlope tout sa li kreye e li gade sou tout sa ki gen lavi, menm sa ki pi piti yo.

Kreyati a li menm li kapab lapriyè Bondye pou l mande l manje ak tout sa li bezwen pou l viv; e Bondye louvri men l yo avèk kè kontan. Li pran swen chak moun. Li soutni moun ki fèb yo e li drese tout moun k’ap tonbe. Li mete moun ki pèdi yo nan bon chemen.

“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo”

Yon Bondye ki pap janm absan, ki pap janm lwen, men ki toujou gen kè sansib pou sa k’ap rive moun yo. Granmèt la atantif pou chak moun kòm nou wè l souvan. Men li konn rive pafwa, nou santi li lage nou pou kont nou, san sekirite; nou pa konn sa pou n fè nan sityasyon ki twòp pou nou. Men kounyeya, nou kont lòt yo, nou pa sansib pou lòt yo, e menm, nou kapab rayi yo, yo menm ki frè ak sè nou yo. Nan nanm nou sityasyon sa yo tankou yon chay ki lou poutèt yo dire nan fanmy nou oubyen kote n’ap travay: pa gen konfyans, ke li piti oubyen li gwo, nou viktim jalouzi oubyen anvi, obligasyon moun ki sou tèt nou lè yo fose nou fè sa yo vle. Oubyen nou toufe nan yon sosyete ki di poutèt lide ki fè moun yo pa kap viv san satisfè tèt yo, poutèt anbisyon moun yo genyen pou yo toujou pi plis pase lòt yo, poutèt moun yo manke valè nan sa yo swaf, poutèt moun yo pa chèche jistis e yo pa espere anyen.

Kè nou sanble ap rele: “Granmèt, kote ou ye?” “Eske ou renmen m tout bon? Men poukisa tout bagay sa yo rive?”

Men Pawòl lavi a ki reveye nan nou yon kwayans: nou pa janm pou kont nou!

“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo”

Pawòl sa a envite nou pou lafwa nou vin pi klè: Bondye egziste e li renmen m. Mwen kapab kwè l, e mwen dwe montre l nan chak aksyon mwen fè, devan chak evenman: Bondye renmen m! Lè mwen rankontre yon moun, mwen dwe kwè Bondye di m yon bagay ki soti nan moun sa a. Lè mwen fè yon travay, nan moman sa a, mwen gen ankó lafwa nan renmen li a. Lè yon soufrans vini, mwen kwè Bondye renmen m. E lè se kè kontan, Bondye renmen m!

Li la avè m, li toujou avè m. Li konn tout sa m’ye. Li pataje tout jwa avè m, tout panse, tout sa m vle . Avè m, li pote tout tray mwen e tout sa k’ap boulvèse m.

“Granmèt la kanpe tou pre moun k’ap rele l, tou pre moun k’ap rele l ak tout kè yo”

Ki jan kwanyans kapab klè? Men kèk lide: Bondye mande n pou nou rele l!

Jezi te nan kannòt ak Pyè lè tanpèt la t’ap soufle, men patizan li yo te santi yo pou kont yo, san defans, paske Jezi t’ap domi; yo t’ap rele: “Granmèt, sove nou, n’ap koule!” e li te kalme van ak lanmè.

Jezi li menm, sou kwa, pa t santi Papa l te avè l. Li te rele nan yon priyè ki te boulvèse: “Papa, Papa, poukisa ou lage m?” Paske li te kwè nan renmen Papa l e li te renmèt lespri li yon lòt fwa ankò nan men li, Papa te fè l leve sot nan pami mò yo.

Ki jan lafwa nou nan prezans li kapab grandi? N’ap chèche l nan mitan nou. Li te pwomèt l’ap la kote de ou twa moun reyini nan non li. An nou rankontre nan menm renmen youn pou lòt avèk moun k’ap viv Pawòl lavi a, e kounyeya, an nou pataje esperyans nou fè pou Pawòl levanjil sa a, e n’ap goute fwi prezans li: kè kontan, kè poze, limyè ak kouraj.

Li pral rete avèk nou, nou pral santi l pre nou e li pral aji nan lavi nou chak jou.

Chiara Lubich

01/06/2006

“Se dapre Lespri a pou nou mache… Si se gras a Lespri a y’ap kondwi nou, nou pa anba lalwa a” (Ga 5,16.18)

“Bondye te rele nou pou libète”. Pòl, moun Tars, adrese kretyen kominote Galasi yo pawòl sa a. Se menm pawòl Jezi te di a lè li te pwòmèt nou n’ap “lib tout bon vre”.

Kretyen Galasi yo te libere avèk obligasyon lwa Moyiz la te fè yo, e apre, libète sa a, tout kretyen te vin jwenn li. E plis, nou lib peche nou yo ak konsekans peche yo: lapèrèz, chèche sèlman enterè nou yo, kondisyon kilti nou yo, avèk sa a moun yo kòn fè nan sosyete a… Konsa nou lib lè nou respekte règleman kretyen yo nan sosyete a ak nan Legliz la, e nou pap santi yo kòm yon obligasyon yo fè nou. Sa lwa tou nèf la te ban nou an, Pòl ki sen rele l “lwa Kris la”; li rete andan kè nou, li anvayi tout kò moun ki renouvle nan renmen Jezi a: Se “yon lwa ki ban nou libète”, ki bay fòs tou pou nou mete l an pratik.

Nou lib paske Lespri Jezi k’ap viv nan nou an gide nou. Li envite n.

“Se dapre Lespri a pou nou mache… Si se gras a Lespri a y’ap kondwi nou, nou pa anba lalwa a” (Ga 5,16.18)

Nan peryòd Pantkot la n’ap reviv evènman lè Lespri a te desann sou Mari ak tout patizan yo, lè yo te reyini nan chanmòt la yo te abite a. Avèk yon pakèt lang tankou dife, Lespri Sen an te vide renmen Bondye an nan kè yo. Men lwa tou nèf la, se renmen.

Lespri Sen se renmen Bondye ki vin nan nou pou chanje kè nou, ki mete renmen l lan e ki apran nou aji nan renmen e pou renmen.

Lanmou an fè nou fè pwògrè, li ban nou yon repons nan sityasyon ak chwa lavi a. Li montre nou ki jan pou nou chwazi: sa a bon, m’ap fè l; sa a pa bon m p’ap fè l. E lanmou pouse n pou n aji pandan n’ap chèche fè byen pou lòt yo.

Nou pa gide avèk lòt lide ki sot nan yon lòt kote, men se ak yon souf lavi nouvo a, Lespri Sen an te mete nan nou menm. Kouray, kè, lespri, tout sa a nou ka fè, kapab mache ak gid Lespri a, paske yo fè youn nan renmen e yo byen plase nan proje Bondye genyen pou nou ak sosyete a. Nou lib pou nou renmen.

“Se dapre Lespri a pou nou mache… Si se gras a Lespri a y’ap kondwi nou, nou pa anba lalwa a” (Ga 5,16.18)

“Si nou kite Lespri a gide nou”… Toujou genyen danje lè nou pa kite Lespri a anvayi lespri nou ak kè nou. Nou kapab reziste lè li rele nou, lè li kondwi nou, joustan nou “fè li tris”, joustan nou fè l sòti nan nou. Anpil fwa nou prefere swiv sa a nou vle pase sa a li vle.

Ki jan nou fè kite vwa k’ap pale andan nou an gide nou? Kote l’ap mennen nou? Pòl fè n sonje kèk vesè pi wo: tout lwa nèf la, tout lwa libète a vle di yon sèl bagay: renmen moun ki bò kote nou.

Pòl di, n’ap vin lib si n’ap vin tounen esklav lòt yo, si n’ap rann sèvis youn pou lòt. Vwa sa a ki andan nou (renmen) pouse n pou n toujou prè pou moun ki bò kote nou, pou nou tande yo, pou nou pataje avèk yo.

Konsa tout pawòl lavi a gide nou pou nou renmen. Sa a sanble yon bagay etranj, men se jan levanjil la. N’ap kretyen tout bon vre si n’ap viv nan renemen.

“Se dapre Lespri a pou nou mache… Si se gras a Lespri a y’ap kondwi nou, nou pa anba lalwa a” (Ga 5,16.18)

Bay Lespri Sen an libète l pou l gide nou sou chemen renmen an. Nou kapab lapriyè l konsa: “Ou se limyè, kè kontan ak bèlte. Ou mennen nanm yo; ou mèt dife nan kè yo, ou mèt nan lespri yo anpil lide ki fò e gwo anvi pou yo vin sen; ou fè yo pran angajman sa a yo pa konnen. Sitou, o Lespri Sen, ou menm ki pa janm fè bwi, menm ak fòs ou kap boulvèse nou, ou menm kap soufle tankou yon ti van ki dous anpil, moun pa menm ka tande l, pa egzije nou poutèt kè nou ki di; fè nou vin patizan ou. Se chak jou pou nou rele ou, remèsye ou, adore ou, renmen ou, tankou patizan fidèl. Men sa a nou mande ou.”

Chiara Lubich

01/05/2006

“Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li” (Travay apòt yo 10,34-35)


“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li” (Travay apòt yo 10, 34-35)

Jan kè Bondye a gran! Li pa bay enpòtans divizyon pèp ak pèp, lang avèk ras; pou li, nou tout se pitit li, li ban nou menm valè.

Premye kretyen Jerizalèm yo te gen difikilte pou yo konprann jan yon kretyen dwe akèyi tout moun. Tout te sòti nan yon sèl peyi; yo te gen konsyans yo se pèp Bondye a; sa a te difisil pou gen rapò frè ak sè avèk moun lòt peyi yo; e yo te sezi lè yo tande Pyè te antre nan kay Kònèy, yon solda women, yon etranje, nan peyi Sezare. Pa gen rapò avèk moun lòt peyi yo.

Men pou Bondye pa gen moun ki etranje. Li “fè solèy la leve sou moun ki mechan ak moun ki bon yo, e li fè lapli a tonbe sou moun ki korèk yo ak moun ki pa korèk yo” (Mt 5,45). Bondye renmen tout moun nèt, menm jan.

Se sa a Pyè te di devan solda women an, san li pa respekte distans ak lòt pèp yo.

“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li ”(Travay apòt yo 10, 34-35)

Si Bondye aji konsa, nou menm, pitit li, nou dwe aji menm jan avèk li, louvri kè nou byen gran, kraze tout baryè, libere tèt nou sot nan tout esklavaj. Wi, tout tan nou tounen esklav akòz divizyon yo: moun rich yo ak moun pòv yo, jenerasyon yo, ras yo, kilti yo, nasyon yo… Sa nou panse pou moun ki sot nan lòt peyi yo ki vin nan peyi n nan? Anpil bagay yo di sou etranje yo ki pa menm jan avèk nou. Sa vin kreye ensekirite, sa vin fè nou pè pou nou pa pèdi idantite nou, sa vin kreye entolerans…

Kapab genyen baryè ki pi gran pase sa, ki separe fanmy nou ak moun ki bò lakay nou, ki separe moun ki nan Legliz nou ak moun ki nan yon lòt Legliz, ki separe katye ki nan yon menm vil, ki separe moun ki nan politik nan plizyè pati, ki separe ekip kap fè spò yo… Men sa ki fè pa gen konfyans, sa ki fè moun rayi moun, sa ki fè gen plis lènmi.

Avèk yon Bondye ki fè nou tout gen menm valè, poukisa nou pa gen yon kè ki fè nou ini, frè ak sè? Pitit yon sèl Papa, nou kapab fè nou tounen frè ak sè tout moun ki vin bò kote nou.

“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li ”(Travay apòt yo 10, 34-35)

Nou tout se frè ak sè, nou dwe renmen tout moun, pandan n’ap kòmanse ak moun ki bò kote nou, e nou pap ret la. Konsa, lanmou nou pap sèlman nan pawòl, men nan aksyon n’ap fè, nan sèvis n’ap bay.

Yon renmen ki kapab al rankontre lòt la, pale ansanm, pataje sityasyon difisil lòt la avèk li, pran chay ki sou do l la. Joustan li santi yo konprann li, yo akèyi l jan li ye a; e li kapab di tout sa li pote kòm richès nan li menm.

Yon lanmou ki soutni rapò vivan e ki djanm ak moun ki pa menm jan; yon renmen ki soutni yon rapò ki base sou bèl règ sa a: “Fè pou lòt moun yo sa ou vle yo fè pou ou ”; bèl règ sa a, nou jwenn li nan tout liv sakre yo, e li nan konsyans moun yo.

Yon renmen ki fè nou pataje byen nou yo, ki fè nou renmen peyi lòt yo menm jan ak peyi nou, ki fè nou konstwi bagay tou nèf, ki fè nou regrèt lagè, terorism, grangou ak tout sa k pa bon; se pou nou espere tout mal sa yo fè bak.

“Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre; Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun, nan tout nasyon, ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li ”(Travay apòt yo 10, 34-35)

Nan peyi Gwatemala, gen yon jèn endyen katolik, ki sot nan ras Maya Kacjchichel; yo rele l Mwara; li se premye pitit nan yon fanmy ki te gen onz pitit; li te fè esperyans sa a: Endyen yo sibi anpil diskriminasyon; yo santi yo enferyè ak milat yo, e sitou ak blan yo.

Lè Mwara rankontre avèk Fyore, youn nan premyè konpay m nan peyi Ròm, Mwara te touche anpil. Mwara di: Fyore pa t gen moun li pi pito; jan l te ye a, tout moun te renmen l, pandan l tap kraze tout baryè: “Mwen pap janm bliye jan Fyore te akèyi m byen; renmen l pou mwen se te tankou renmen Bondye a.

Kilti mwen e edikasyon nan fanmy mwen te fè m fème e di, joustan m fè moun ki bò kote m yo ret lwen m. Fyore se te mèt mwen, gid mwen ak modèl mwen, e l te ede m chanje pou m’al jwenn lòt yo ak tout kè m.

Fyore te ankouraje m retounen lekòl e li te soutni m; li te ban m kouray lè m te devan difikilte kilti peyi e fason yo te leve m; mwen te vle kite tout bagay sa yo; sa a te pèmèt mwen jwenn diplom sekretarya dantrepriz.

E sitou, Fyore te fè m pran konsyans diyite pa m; li te fè m bliye santiman enferyorite ki te nan tèt mwen depi lè m te piti; depi m te ti-moun, mwen te gen nan tèt mwen pou m ale batay pou pèp mwen an ka libere; men Fyore fè m konprann mwen dwe kòmanse batay ak tèt mwen. Fò k mwen te tounen yon moun nouvo si m te vle pèp mwen vin nouvo.

Avèk yon Bondye ki pa fè diferans nan okenn pitit li a, nou kapab, menm jan ak Mwara genyen yon gwo anbisyon: “Pandan m’ap di wi Bondye, mwen kapab louvri yon wout ki pèmèt pèp mwen konnen “ideal sa a ”; e mwen dwe di: sa a deja fèt nan fanmy mwen.”

Chiara Lubich

01/04/2006

“Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l’ap bay anpil grenn.” (Jan 12,24)

Pawòl Kris sa yo fè nou wè sekrè lavi a; yo di plis pase yon liv.

Pa gen kè kontan ki sòt nan Jezi san ou pa aksepte soufrans lan. Menm jan, ou pa kapab resisite san ou pa mouri.

Kounye-a, Jezi ap pale sou li menm; l’ap esplike poukisa li egziste.

Jezi di sa-a kèk jou avan li pral mouri; se yon lanmò ki fè-l mal anpil e ki fè-l wont. Poukisa fò-k li mouri li menm ki t’ap di: “Mwen se lavi a”? Poukisa fò-k li soufri li menm ki pa-t fè anyen? Poukisa fò-k yo bay manti sou li? Poukisa fò-k yo ba l kalòt? Poukisa fò-k yo fawouche-l? Poukisa fò-k yo kloure l sou yon kwa pou l jwenn lanmò ki pi lèd la? E sitou, poukisa li menm k’ap viv ansanm ak Bondye, fò-k li santi Papa l abandonnen l? Li menm tou, li pè mouri; men ak li, lanmò a gen yon sans: l’ap leve.

Li te vini pou l rasanble tout pitit Bondye yo ki te gaye (Jan 11,52); li te vini pou l kraze baryè ki te separe pèp yo ak moun yo; li te vini pou l te kapab fè yo tounen frè ak sè, pou l te bay kè poze e fè yo fè yon sèl. Men fò-k li peye sa a: pou l rale tout moun vin jwenn li, fò-k li leve anlè sou kwa (Jan 12,32). E li bay parabòl sa a ki pi bèl nan levanjil la:

“Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l’ap bay anpil grenn.” (Jan 12,24)

Se Jezi menm ki grenn mayi a.

Nan tan Pak sa a li parèt sou tèt kwa, nan mizè-l e bèlte-l, e se siy renmen san mezi a. La, li bay tout bagay; li padonnen solda yo k’ap touye l la; li fè kriminèl la antre nan peyi wa ki nan syèl la; li ban nou manman l epi kò l ak san l, lavi li, joustan li kriye: “Papa, Papa, poukisa ou lage mwen?”

Mwen te ekri nan yon lèt nan lanne 1944: “Ou konnen li te ba nou tout bagay? Kisa li te kapab ban nou pi plis pase sa a, yon Bondye, nan renmen li pou nou, ki bliye si li se Bondye?” E li ban nou chans pou nou kapab tounen pitit Bondye: li fè yon pèp tou nèf, yon linivè nouvo.

Grenn mayi a ki te tonbe nan tè a e ki te mouri, jou Pantkot la, li te flèri e li te bay yon zepi ki te gen anpil grenn: twamil moun, sòt nan tout nasyon te vin tounen yon sèl kè ak yon sèl nanm; apre sa a, senkmil, epi…

“Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l’ap bay anpil grenn.” (Jan 12,24)

Pawòl sa a bay anpil sans pou lavi nou, pou soufrans nou, pou lanmò nou, pou tout sa yo ki pral vini yon jou.

Nou vle viv nan fratènite ak tout moun, nan kè poze; nou vle tout moun fè yon sèl tout kote nou ye; men sa a se tankou yon rèv si nou pa swiv menm chemen ak Mèt la.

Ki jan li te fè pou l te “bay anpil fwi”?

Li te viv tout bagay menm jan avèk nou. Li te pran chay soufrans nou yo. Li te aksepte avèk nou fènwa, dlo nan jè, fatig, kontraryete…Yo te vann li, li te pou kont li, li te santi li san fanmi. Yon sèl kou, li fè “youn avèk nou”, pandan li pran chay tout bagay ki t’ap kraze nou yo.

Nou menm tou ki plen ak renmen Bondye a ki vin tounen frè parèy nou, nou gen yon fason pou nou di l mèsi pou renmen l ki san mezi a: an nou viv menm jan avèk Jezi! E nou menm tou, nou se frè parèy moun yo ki bò kote nou; nou vle fè yon sèl avèk yo, prè pou nou pran chay yon divizyon, prè pou nou soufri avèk moun k’ap soufri, prè pou nou regle yon pwòblèm, ak yon renmen ki vin yon ti jès, yon aksyon, yon sèvis.

Jezi, lè li te santi kòm si Papa l pa t avèk li, li te bay tout kò l. Moun ki kole kò l avèk Jezi sou kwa, yo dwe gen tan wè nan li Jezi ki leve avèk tout klète l ak tout bèlte l, e kè kontan moun sa a fè wè sa a.

Chiara Lubich

01/03/2006

« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini. » (Jn 3,21)


« Fè sa ki bon vre » ? Abityèlman yo « di sa ki bon vre » oubyen yo « aprann sa ki bon vre », men Jezi toujou etonne nou : pou li, « sa ki bon vre-a vin fèt ».

Nikodèm tou te etonne. Sete yon pwòfèsè lalwa ki te manm nan jistis tanp Jerizalèm nan. Li mande Jezi kouman yon moun kapab antre nan peyi wa ki nan syèl yo. Jezi reponn li: « fòk ou fèt yon dezyèm fwa“, sa vle di akèyi nouvo lavi Jezi pòte a, epi kite-l transfòme anndan ou jous ou vini pitit Bondye e ou kapab antre nan peyi wa Bondye a. Jezi vle sove moun nan ; se pa yon viktwa pou moun nan, men se yon kado Bondye vle fè-l.

Nikodèm vi-n jwenn Jezi pandan lannuit, nan fenwa ; li sòti nan limyè.

« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini. »

Pawòl sa-a envite nou pou nou viv nan laverite, dakò avèk levanjil la. Li envite nou pou nou pa sèlman tande pawòl Bondye a, men se pou nou mete-l an pratik (cf Jk 1,22).

Ilè ki sen, se te yon Pè nan Legliz lontan, ki te evèk nan vil Pwatye (Frans), te di : « Nou pa dwe kite yon sèl ti pawòl Bondye a pou nou pa mete-l an pratik ; tout pawòl Bondye a nesesè pou nou fè sa li di ; paske pawòl Bondye yo, se òd yo ye. »

Fwa ak konpòtman moral yo, yo fè yon sèl.

Rapò Jezi avèk Nikodèm montre sa-a : Nan Jezi, limyè a, lavi a ak travay renmen an se yon sèl ; pou moun yo ki akèyi Jezi, e ki tounen pitit Bondye nan Jezi, se menm jan, limyè a, lavi a ak travay renmen an se yon sèl. Yon lòt Pè lontan nan Legliz la, yo rele-l Kleman Daleksandri, li te ekri : « Moun ki obeyi Granmèt la, e konsa, li swiv Pawòl Bondye a, vin tounen menm jan ak pòtrè Mèt li ; l’ap viv kounyeya kòm Bondye tounen moun. »

Menm yon moun ki pa gen relijyon, li menm tou, li dwe fè sa ki bon vre : tout sa ki parèt bon pou konsyans li, li dwe fè-l.

« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini. »

Viv nan sa ki bon vre, l’ap fè nou jwenn limyè, l’ap fè nou akèyi Kris la. Jezi te pwòmet sa : « Moun ki renmen mwen, m’ap fè-l wè mwen » (Jan 14,21). Jezi se li ki vre limyè a (cf Jan 1,8-13)

Fè sa ki bon vre bay fwi ki bon, fè sa ki bon vre se yon temwayaj ki klere deyò, nan sosyete kote nou ye a. Jezi te envite nou pou limyè nou klere «devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la. » (Mt 5,14-16) Fè sa ki bon dapre konsyans lan, se pi bon pase tout diskou :

- Timoun yo mande sa ak paran yo : yo vle paran yo fè yon sèl, okipe pou fè fanmi lan vin pi solid.

- Sitwayen yo ap tann sa : yo vle pou moun politik yo, yo te chwazi nan elèksyon, pou yo kapab fidèl nan pwògram yo, pou yo chèche byen konmen, pou yo onèt nan jesyon resous finansyè yo.

- Etidyan yo ap mande sa : yo vle pwòfesè yo kapab fè sa ki bon vre nan travay ansèyman ak edikasyon an.

- Tout moun ap tann sa : pa manti, pa volè, transparans, konpetans, pou komèsan yo, pou ouvriye yo, pou travayè yo…

Sosyete a ap bati avèk sa ki bon vre, si nou chwazi sa-a menm chak jou pou-n fè.

« Moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini »

Se esperyans Nelson Mandela ; li te fidèl nan angajman-l pou egalite nwa ak blan ; pou sa, yo te mete-l nan prizon pandan anpil lanne, epi apre, li te gen viktwa : yo te bay-l pouvwa pou-l dirije peyi-l.

Se esperyans Maten Lutè King ki te peye avèk lavi-l poutèt li te fidèl nan fè sa ki bon vre.

Se esperyans anpil fi ak gason ki te vre tout bon nan chwa yo

Menm jan ak yon chèf antrèpriz ; yon gwo kliyan te vle achte-l ; pou pase kòmand founiti bò kote antrèpriz la, kliyan sa a mande-l pou rèsèvwa apa yon sòm lajan pou li menm. Chèf antrèpriz la pa vle antre nan kòripsyon sa a. Li te konnen, li t’ap pedi kòmand lan ; epi se sa ki rive, kliyan sa a, responsab yon gwo magazen ki vann prodyi sa yo, li pa pase kòmand ankò. Men chèf antrèpriz la rete fèm nan desizyon-l lan… E antrepriz li vin preskè kraze ! Men, kèk mwa apre, gwo magazen an blije ap rale kò-l deyè antrèpriz la poutèt moun ki te kòn achte nan magazen an pwòteste akoz yo pa jwenn pwòdwi sa yo ankò, paske se te kalite sa yo te renmen. Kounye-a, chèf antrèpriz la, ki pa-t aksepte kòripsyon an, men okontrè ki te fè sa ki bon vre a, li te gen viktwa.

Chiara Lubich

01/02/2006

“Jezi sòti; l’al yon kote ki pa gen moun; la li t’ap lapriyè.” (Mc 1,35)

Jounen Saba sa-a ki vi-n pase nan Kafanaòm te chaje anpil pou Jezi. Li te pale nan kay Bondye-a e tout moun sezi pou ansenyèman-l . Li te libere yon nèg ki te gen yon lespri pa pwòp. Lè Jezi te sòti nan kay Bondye-a, li te ale lakay Simon ak Andre; la, l’te geri bèlmè Simon-an. Anvan lannuit, lè solèy fi-n kouche, yo mennen anpil malad ba li ki te gen maladi e li te chase anpil demon nan yo. Apre yon jounen e yon nuit avèk anpil aktivite, lè maten vini e li te fènwa ankò, Jezi te leve e li te sòti nan kay-la.

E “Jezi sòti; l’al yon kote ki pa gen moun; la li t’ap lapriyè”

E li t’ap panse ak syèl la paske se te nan syèl la li te sòti pou l’te fè nou jwenn lanmou Bondye-a, pou-l louvri chemen syèl la ban nou e pou-l pataje tout lavi nou. Li te pakouri wout Palesti-n nan pou-l ansenye foul yo; nan pèp la, li geri moun ki te enfi-m, ak maladi yo; e li te fòme patizan li yo.

Men lavi li, ki te kòm yon sous dlo ki sòti anndan li, te vini sòt nan rapò chak fwa avèk Papa-l. Jezi ak Papa-l, youn konnen lòt, youn renmen lòt; Jezi nan Papa-l e Papa-l nan li menm, yo fè yon sèl.

E Bondye se “Abba”, sa vle di: “Papa”; se nan li menm nou kapab genyen yon konfyans e yon renmen ki p-ap janm fini.

“Jezi sòti; l’al yon kòte ki pa gen moun; la li t’ap lapriyè”

Kòm Pitit Bondye-a te vini sou tè-a poutèt renmen li te genyen pou nou, li te vle nou menm tou antre nan bon situasyon priyè li. Li te mouri pou nou, li te delivre nou pou nou vi-n tounen pitit Bondye, e frè ak sè li.

E li te fè nou kapab pou rele Bondye “Abba”, sa vle di “Papa”, tout bon vre: nou kwè Papa nou an pwòteje nou; nou an sekirite; nou kapab lage nou nan renmen li; li menm, li kapab siye dlo nan jè-n; li ban nou fòs ak kouraj, kouraj ki fèt nan yon kè ki konnen Bondye renmen li anpil.

Apre nou antre nan chanm ki anndan nanm nou, nou kapab pale avèk Papa nou, nou kapab adore-l, di li renmen nou, di-l mèsi, mande-l padon, konfye bezwen nou e bezwen tout moun, konfye rèv nou ak sa nou vle…

Nou konnen Bondye renmen nou anpil e li gen tout pouvwa; se poutèt sa-a nou kapab di-l tout bagay nou yo.

E nou kapab pale avèk Jezi; se li menm ki pawòl Bondye, poutèt sa-a, nou kapab koute-l; e li di nou ankò pawòl li yo: “Konfyans, se mwen menm, pinga nou pè!” . “Mwen avèk nou chak jou”. Li envite nou: “Vini e siyv mwen”. “Padonnen swasant di fwa sèt fwa”

“Tout sa nou vle yo fè pou nou, se pou nou fè-l pou yo tou”.

Nou kapab kontinye mòman lapriyè sa yo, e nou kapab renouvle yo chak fwa nan jounen-an, kòm yon rapid rega renmen, antan n’ap di: “Granmèt, ou se sèl byen-m!” “Se pou ou m’ap fè aksyon sa-a!”

Nou p-ap janm lage lapriyè, menm jan nou pa kapab viv san nou pa respire; e lapriyè se respirasyon nanm nou, jan pou nou di Bondye renmen nou an.

Lapriyè sa-a, ki se dyalòg ak rapò nan lakominyon ak renmen, fè-n vi-n pi fèm, pi di, pi konfyan pou lavi nou chak jou. N’ap jwenn tou yon kontak pi vre avèk lòt yo e avèk tout bagay yo.

“Jezi sòti, l’al yon kote ki pa gen moun; la, li t’ap lapriyè”

Si nou pa fenmen nanm nou ak tout sa nou genyen deyò nou, si nou pa mèt tout nou menm, Granmèt, ou p’ap kapab fè yon ti kòze avèk nou, tout fwa nou vle poutèt nou renmen ou.

Men yon fwa nou dechouke tout bagay sa-yo pou mèt tout nou menm nan ou, nou pa kapab fè bak ankò, paske nanm nou ap santi-l poze nan lapriyè ak ou, e tout lòt bagay ap tonbe.

Granmèt, moun yo ki renmen ou tout bon, y’ap jwenn ou souvan nan silans chanm yo, anndan fon kè yo; sa-a nanm lan jwenn nan, se kòm si li te gen koche, e li santi anpil prezans ou, lè yo touche-l. E yo remèsye ou poutèt ou se pwòch yo, ou se Tout pou yo, ou menm ou bay sans lavi-a ak lanmò-a.

Yo remèsye ou, men souvan, yo pa konnen ki sa pou yo fè, ni ki sa pou yo di: yo konnen sèlman ou renmen yo, e yo renmen ou, e li pa anyen ki egziste ki pi dou sou tè-a pase eksperyans sa-a; pa gen anyen nou kapab konpare avèk li.

Sa-a yo jwenn nan nanm yo, lè Jezi nan yo, se paradi-a, e syèl la, si se kòm yo wè-l, y-ap di: “ki bèl mèvèy sa-a!” Yo di Granmèt la mèsi poutèt li ba yo tout lavi-a, epi li pòte yo sou bra-l jous koulyeya.

E si li gen bagay ki deyò yo e ki pa pèmèt yo fi-n wè paradi-a, lè ou vini bò kote yo, tout bagay sa-yo ap vi-n lwen e p-ap egziste ankò.

Se ou menm k-ap la tout bon vre!

Chiara Lubich

01/01/2006

“Chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m-ap la nan mitan yo.” (Mt 18, 20)”


“Emannwèl”, “Bondye avèk nou”. Men bòn nouvèl Matye ba nou nan kòmansman levanjil li-a (cf Mt 1,23). Emannwèl, Jezi desann nan mitan nou. E Levanjil la fini avèk yon pwòmès nou p-ap janm konn tande: “Mwen la avèk nou toulejou jouk sa kaba.”

Prezans Bondye nan mitan nou dire plis ke istwa vini Jezi sou tè-a: Prezans Bondye-a l-ap rete avèk nou tout tan gen tan.

Kouman l-ap prezan? Kouman n-ap kapab rankontre-l?

Repons lan, n-ap jwenn li nan kè levanjil Matye-a, se ladan Jezi defini sans lavi kominote li, Legliz la. Sou Legliz la, Jezi te pale pliziè fwa; Legliz la fonde sou ròch Piè-a ki sòlid la, Legliz la rasanble grasa pawòl Jezi-a e se Jezi menm ki mete Legliz la fè youn nan lekaristi-a; epi nan vese sa-a, Jezi revele sa Legliz la li ye pi fon: Legliz la se Jezi menm nan mitan nou, lè nou rasanble nan non li.

Nou kapab genyen Jezi toujou la nan mitan nou; nou kapab viv Legliz la nan reyalite li ki pi fon.

“Kote de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen m-ap la nan mitan yo.”

Si se li, Granmèt la ki leve-a, ki rasanble tout moun ki kwè yo, yo ini ak li e yo vi-n tounen kò li; donk chak divize nan fanmi pa yo e nan kominote yo, yo efase figi Legliz la. Kris la pa divize: yon Kris separe, nou pa kapab konnen li.

Sa gade tou rapò tout legliz yo e ti kominote legliz yo. Travay ekimenik la l-ap fè nou konprann ki sa ki fè nou ini pi fò e ki sa ki fè nou divize. E si li gen kèk ti bagay Legliz la mande kretyen yo ki poko nan kominyon lafwa, nou gentan gen bagay ki pi enpotan-an nan mete tèt nou ansanm, se prezans Jezi nan mitan nou.

Nou kapab mete nou ansanm pou nou lapriyè nan non Jezi, pou nou youn konnen lòt e separe richès lafwa nou yo ansanm; n-ap mande padon youn pou lòt: sa se premye pa pou etire divizyon. Sa sanble ti bagay piti, men, pa gen anyen ki piti depi li fèt nan lanmou.Jezi nan mitan nou se sous la ki fè nou yon sèl; Li montre nou kouman nou k-ap vini yon enstriman pou linite Bondye vle-a.

Se sa Kòmisyon Lafwa e Konstitisyon Konsèy ekimenik Legliz yo e Konsèy Pontifikal pou linite kretyen yo, yo te ekri nan yon dokiman: yo bay Pawòl lavi sa-a e se yon gwoup ekimenik sòti nan Diblen (Irland) ki te pare tès lapriyè yo. Depi 1968, pandan semèn lapriyè pou linite kretyen yo, nou viv ansanm yon menm Pawòl Lavi-a: se yon siy e yon lesperans lè nou chache plen kominyon pami Legliz yo.

“Kote de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m-ap la nan mitan yo.”

Men ki sa sa vle di “mete tèt ansanm nan non Jezi”?

Sa vle di: mete tèt nou ansanm nan Li; e nou konnen sa li vle pi plis; komandman li se pou youn renmen lòt e pou lòt renmen youn, e kote de moun ou pi plis moun vle renmen menm jan, yo kapab deplase tout bagay pou merite prezans Jezi nan mitan yo; e tout fason y-ap viv ap chanje alantou yo. Jezi ap lakay yo, nan travay yo, nan etid yo; l-ap nan reyinyon yo; l-ap la nan chanm depite yo e nan pak yo… pou Li chanje tout bagay.

Prezans li ap klere nou pou-n jwenn solisyon nan tray nou yo; l-ap ban nou plis mwayen nesesè pou rezoud pwòblèm pesònèl nou yo e pwòblèm sosyete nou-an. L-ap ban nou kouraj pou nou kab kenbe pi fèm nan chwa difisil nou te fè. Prezans Jezi li kapab aji nan lavi nou chak tankou yon leven.

Jezi, li kapab la tankou yon lespri, men li la tout bon vre, nan fanmy, pami travayè yo, nan biwo yo, avèk peyizan yo nan jaden yo; li la nan mitan komèsan yo, pami moun k-ap bay sèvis pou sosyete-a; li la toupatou.

Jezi ap viv nan mitan nou gras renmen nou genyen youn pou lòt; nou kapab renouvle renmen sa-a chak lè nou deklare nou dakò youn ak lòt. Jezi manifeste prezans li nan yon fason nouvo pou-l etire nou nan esklavaj; e Lespri Sen-an ban nou wout nouvo yo.

“Kote de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m-ap la nan mitan yo.”

Apre esperyans nou-an, nou kapab di Bondye mèsi, paske se vre, sa mwen te ekri an, anpil lanne pase: “Si nou mete tèt nou ansanm, Jezi ap la nan mitan nou. E se sa ki konte, plis pase tout trezò ki nan kè nou, plis pase manman nou-an, ak papa nou-an ak frè nou-yo ou byen ti pitit nou yo; prezans Jezi konte plis pase kay nou-an, ak travay nou-an, plis pase bagay nou genyen, plis pase tout bèl moniman ki egziste nan yon gwo vil kòm Ròm, pi plis pase bagay nou genyen, pi plis pase tout pye-bwa ki antoure nou avèk anpil bèl flè, lanmè-a, zetwal yo, pi plis pase nanm nou.

Ala bèl li bèl temwayaj la devan mond lan lè nou renmen youn lòt dapre levanjil la malgre nou se kretyen sòti nan plisyè Legliz diferan, katolik ak metòdis, pwotestan ak òtòdòks.

An nou viv nan la charite lavi-a Bondye ban nou mòman apre mòman.

Renmen pwòchen nou-an, sa se kòmandman enpòtan anpil la.Tout sa nou fè avèk renmen sensè pou frè nou yo gen valè. Tout sa nou fè san renmen pou frè nou yo, pa gen oki-n valè. Paske Bondye se Papa nou; li toujou pote nan kè-l pitit li-yo.

An nou viv pou Jezi kab nan mitan nou, na pòte-l nan mond lan ki pa konn kè poze-a.

Chiara Lubich