01/12/2008

“Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w” (Lk 22,42).

Eske w sonje pawòl sa? Se sa Jezi te di Papa l nan jaden Jetsemani a. Se pawòl sa ki te bay tout soufrans li yo sans, anvan li leve byen vivan. Lap di nèt ale tout sa k pase nan fen fon kè Jezi a. Kè l te chire, li te sote, tankou tout moun, devan lanmò Papa l te vle pou li.

Men Jezi pat tann jou sa pou l ajiste volonte pal avèk volonte Papa l. Se sa li te fè tout tan lavi li.

Si se te kondwit Jezi a, se sa tout kretyen ta dwe fè tou. Ou menm tou ou dwe repete nan lavi w:

“Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w.”

Petèt jous koulye a ou pat janm sonje sa, menm si w te batize epi se pitit legliz la w ye.
Petèt ou te wè pawòl sa tankou yon fason pou w reziyen lè w pa kapab fè lot jan. Men se pa sa pawòl sa vle di vre.

Ba m di w. Nan lavi a ou kapab chwazi ant de chemen: fè sa w vle a oubyen chwazi fè sa Bondye vle pou w fè avèk tout libète pa w.

Lè sa, ou kapab viv de kalite esperyans. Premye a va ba w desepsyon rapid rapid paske wap eseye monte mòn lavi a avèk pwòp lide w yo ki gen anpil limit, avèk mwayen ou yo, avèk ti rèv ou yo, avèk fòs ou yo.

Sanzatan wap fè experyans yon ti lavi ki byen annwiyan, ki pa mennen okenn kote, ki gri, epi kèk fwa kap fè w pèdi espwa. Wap mennen yon ti lavi ki konsa konsa malgre tout jefò ou kapab fè pou w ba li gou men ki pap janm ba w kè kontan nèt ale. Ou dwe admèt se vre epi ou pa kapab di se pa vre. Nan finisman, wap rive nan lanmò san ou pap kite okenn tras: yon ti dlo nan je epi pyès moun pap sonje w ankò.

Dezyèm chemen an se sila kote w va repete ou menm tou:

“Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w.”

Ou kapab imajine Bondye se tankou solèy la. Anpil reyon soti nan li epi yo rive jwenn chak moun. Se tankou volonte Bondye sou chak nan yo. Nan lavi a Bondye rele kretyen an, tankou tout moun ki gen bon santiman, pou l mache bò kote li nan limyè pwòp reyon pa li, ki pa menm pou chak moun epi ki pa sanble okenn lòt. Konsa lap rive reyalize bèl pwojè espesyal Bondye genyen sou li.

Si wap fè konsa, wap santi w angaje nan yon avanti ou pa ta janm imajine. Wap fè epi wap wè anpil bon bagay Bondye ap fè nan ou menm epi nan moun yo pa lentèmedyè pa w.

Tout sa kap rive pou w, kit se kè kontan kit se kè sere, kit se favè kit se devenn , kit se bagay ki konsekan (tankou siksè ak chans, aksidan oubyen moun ou renmen ki mouri) kit se bagay san valè (tankou travay chak jou a nan kay la, nan biwo oubyen nan lekòl la) tout bagay, tout va pran yon sans ki nouvo paske se Bondye kap ofri w li, li menm ki se Renmen. Li vle, oubyen li pèmèt tout sa ki rive w pou avantaj ou. Si nan kòmansman ou kapab wè li sèlman ak je lafwa, piti piti wap dekouvri ak je nanm nan yon fil lò kap mare tout sa kap pase a pou fè li tounen yon bwodri ki bèl anpil: volonte Bondye sou w.

Petèt ou santi sa kapab atire w. Petèt ou vle tout bon vre bay lavi w anpil sans.

Lè sa koute m. Anvan tout bagay m ap di w kilè ou dwe fè volonte Bondye.

Gade. Sa k pase a l ale epi ou pa kapab kouri dèyè l. Sèl sa w kapab fè se mete l nan bon kè Bondye a. Sa kap vini li ponkò la. Ou va viv li lè lap vini. Se sèlman ti moman prezan an ou genyen nan men ou. Se nan sila ou bezwen chache viv pawòl la:

“Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w.”

Lè w vle vwayaje – lavi a se tankou yon vwayaj – wap chita byen chita sou ban an. Ou pa ta janm panse mache ale vini nan machin nan. Se konsa ou ta vle fè si w chache viv lavi w nan yon tan ki ponkò vini oubyen si wap sonje sa k pase a ki pap janm retounen.

Non. Tan an li mache pou kont li. Sèl sa nou bezwen fè se rete fèm nan ti moman prezan an epi nap rive pase tout lavi nou sou tè a.

Wap mande m: kijan mwen kapab fè diferans ant volonté Bondye epi volonte pa m?
Nan moman prezan li fa difisil konnen kisa ki volonte Bondye. Map montre w yon chemen. Koute anndan kè w: gen yon ti vwa tou piti, petèt wap fè l pe twòp epi ou prèske pa kapab tande l ankò. Men koute l byen: se vwa Bondye a (cf. Jn 18,37; Ap 3,20). Lap di w li lè pou w etidye, pou w renmen moun ki bezwen, pou w travay, pou w pa fè sa k mal, pou w akonpli devwa w tankou kretyen oubyen sitwayen. Ti vwa sa envite w koute yon moun kap pale avèk ou nan non Bondye oubyen depase sitiyasyon ki difisil yo avèk anpil kouraj...

Koute, koute. Pa fè ti vwa sa pe: se yon trezò ki gen anpil valè. Swiv li.

Lè sa, tipa tipa wap rive konstwi istwa pa w, ki se yon istwa Bondye ak yon istwa moun ansanm paske se w menm kap fè l avèk Bondye kap ede w. Ou va wè anpil mevèy: ou va wè sa Bondye kapab fè ak yon moun kap di ak tout lavi li:

“Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w.”

Kyara Libik
(Out 1978)

01/11/2008

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv mwen.” (Lk 9, 23)

Ou pa bezwen kwè paske w nan lemonn ou kapab alèz tankou yon pwason nan dlo.
Ou pa bezwen kwè paske tout kalite bagay antre lakay ou nan radyo ak nan televisyon ou kapab koute oubyen gade nenpòt bagay.
Ou pa bezwen kwè paske wap mache nan lari, ou kapab gade nenpòt pankat epi achte nenpòt jounal oubyen nenpòt liv san ou pa bezwen chwazi.
Ou pa bezwen kwè paske w nan lemonn ou kapab viv nenpòt fason: esperyans ki two fasil, ki pa gen moral, avòtman, divòs, rayisans, vyolans, vòl.
Non, non. Ou nan lemonn nan. Tout moun kapab wè l. Men ou pa moun lemonn (Cf. Jn 17,14)
Se la tout diferans lan ye. Diferans sa mete w pami moun ki pa chache nouriti pa yo nan bagay lemonn men an sa yo tande nan ti vwa ki sot nan Bondye anndan kè yo. Vwa sa li nan kè tout moun epi, si w ap koute l, lap fè w antre nan peyi wa ki pa menm avèk lemonn sa, kote gen vre renmen an, jistis la, pwòpte a, dousè a, detachman an, kote moun yo kontwole pwòp tèt yo.
Pou kisa anpil jenn ale bò kote solèy leve, pa egzanp nan peyi Lend, pou yo jwenn yon ti kras silans oubyen pou yo rive dekouvri sekrè moun ki, apre yo pase anpil tan pou yo degaje tèt yo anba tout bagay, yo kapab kite yon kalite renmen parèt nan yo menm (…) ki fè moun ki vini bò kote yo a sezi anpil.

Se yon mòd fason yo fè pou yo reyaji devan tout vakam ak tout bri ki andeyò epi anndan tèt yo epi ki pa kite plas pou yo fè silans pou yo kapab koute vwa Bondye.
Ala traka! Eske moun yo bezwen ale nan jous peyi Lend; alòske sa fè plis pase 2000 lane depi Jezi ap diw: “Bliye tèt ou… bliye tèt ou…”?
Yon kalite lavi ki byen konfòtab epi ki byen trankil se pa sa ki pou kretyen yo epi Jezi pat mande-w ni li pa mande-w mwens pase sa si-w vle swiv li.
Lemonn desann sou w tankou yon lavalas epi ou bezwen ale kont kouran sa a. Lemonn se tankou yon pakèt raje kote ou bezwen gade kote pou w mete pye. Kote pou w mete yo? Nan mak Jezi li menm te montre w lè li te pase sou tè a. Se pawòl li yo. Jodi a li di w toujou:

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv wen.”

Sa kapab fè moun yo meprize w, pa konprann ou, pase w nan rizib, fè tripotay sou w. Lap fè w aksèpte rete pou kont ou, pèdi konsiderasion moun yo e soti nan yon krisyanis alamòd.
Men ou bezwen ale pi devan:

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv wen.”

Vle pas vle, soufrans lan rive jwenn tout moun. Ou menm tou. Kit yo piti kit yo gwo, yo vini chak jou.
Ou vle chape? Ou vle revòlte? Ou anvi madichonnen? Si se konsa ou pa kretyen tout bon vre.
Kretyen an akeyi lakwa, li akeyi soufrans lan, menm si se avèk dlo nan je, paske li konnen yo gen valè. Se pa pou bon tan Bondye te chwazi mwayen sa nan mitan tout lòt yo li te kapab pran pou l sove moun yo.
Men, sonje apre li te pote kwa li epi yo te kloure l sou li, li te leve byen vivan.
Ou menm tou ou va leve si, olye w meprize soufrans kap fè w sanble kretyen tout bon epi tout sa lavi a pote ba w, ou konn aksepte yo nan renmen. Lè sa wap fè esperyans lakwa, depi isit la sou tè a, se chemen pou w rive jwenn yon kè kontan ou pat janm santi anvan, lavi nanm ou va kòmanse grandi. Bondye va pran plis plas anndan ou menm epi piti piti lemonn alantou w va disparèt devan je w tankou si l te fèt ak katon. Ou pap chache jwenn sa lòt yo genyen ankò.
Lè sa wap patizan Jezi tout bon vre.

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zepòl li chak jou, epi swiv wen.”

Tankou Jezi ou te chwazi a, wap tounen limyè ak renmen pou w kapab geri maleng lemonn genyen jodi a.

Kyara Libik
(Jiyè 1978)

01/10/2008

“Bay, yo va ban nou: yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou” (Lk 6, 38)

Eske ou pat janm resevwa yon kado nan men yon zanmi epi ou te santi ou te bezwen fè kichòy ou menm tou? Epi ou te fè l, pa si tèlman paske w santi w dwe fè l, men paske ou vle montre renmen ou genyen pou zanmi sa a? Men wi.

Si se konsa pou w, ou kapab imajine kisa sa ye pou Bondye, li menm ki se Renmen.

Lap bay repons chak fwa n ap fè kichòy pou pwochen nou yo poutèt li. Se yon esperyans kretyen tout bon vre yo konn fè anpil fwa. Epi chak fwa yo sezi. Nou pa janm fini wè sa Bondye kapab envante a. Mwen ta kapab ba w mil, dimil egzanp. Mwen ta kapab ekri yon liv sou sa. Ou ta wè kijan pawòl sa yo vre «yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou”. Sa vle di fason Bondye konn reponn anpil fwa ak tout bonkè li.

“Se te nannwit nan lavil Wòm. Yon ti gwoup fi ki te vle viv levanjil la te lakay yo kote yo t ap youn swete lòt yo bon nwit. Lè sa yon moun frape nan potay la. Ki moun sa ye? Se te yon moun ki te la nan pòt la, kè l te sote, li te dekouraje: nan demen yo tap mete l deyò lakay li ak tout fanmiy li paske yo pat kapab peye afèmaj la. Fi yo youn gade lòt epi yo wè yo dakò. Yo louvri tiwa kote yo te konn mete sa yo te genyen pou yo peye gaz la, telefòn nan epi limyè a nan divès anvlòp. Yo bay moun nan tout sa yo genyen san yo pa fè okenn rezonnman. Yo te dòmi ak kè kontan nannwit sa. Yon Lòt tap sonje yo.

Men anvan li te jou, telefòn nan sonnen: “M ap vini touswit nan taksi”, di vwa menm moun nan. Fi yo te sezi wè mwayen moun nan te chwazi pou l vini men yo te rete ap tann li. Lè li vini, figi moun nan te gen tan chanje: “Ayè nan aswè, apenn mwen te tounen lakay, mwen te jwenn yon eritaj mwen pa ta janm panse mwen te kapab resevwa l. Kè m te di m pou m separe mwatye avèk nou”. Montan lajan sa te egzak de fwa sa yo te bay ak bonkè.

“Bay, yo va ban nou: yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou.”

Eske w te fè esperyans sa ou menm tou? Si se pa konsa, sonje sa w ap bay ou bezwen fè l pou nenpòt moun k ap mande w san ou pa tann anyen nan men yo.
Se pou w eseye. Men pa fè l pou wè rezilta a, men paske w ap renmen Bondye.
Men ou kapab di m: “Men mwen pa gen anyen.”
Se pa vré. Si nou vle, nou genyen trezò ki pa janm fini: tan nou genyen, kè nou, souri nou, konsèy nou, kilti nou, kè poze nou, pawòl nou pou n fè moun ki genyen yo bay moun ki pa genyen yo…
W ap di m ankò: “Men mwen pa konnen ki moun pou m bay”.
Gade alantou w: ou sonje moun sa ki malad lopital, madanm sa ki pèdi mari li epi ki toujou pou kont li, konpanyon lekòl sa ki echouwe epi ki dekouraje, jèn sa ki pa rive jwenn djòb epi ki toujou tris, ti frè w ki bezwen yon moun pou ede l, zanmi sa ki nan prizon, apranti sa ki pa sèten? Se nan yo menm Jezi ap tann ou.

Se pou w pran konpòtman vre krétyen yo ki plen ak levanjil la. Li kontrè ak tout sa ki fèmen an, tout sa ki kapab ba w tèt chaje. Sispann mete sekirite pa w nan byen latè yo epi mete espwa w nan Bondye. Lè sa y ap wè lafwa w genyen nan li menm epi lafwa sa va resevwa repons li nan sa moun yo va ba w.

Se sèten Bondye pa vle aji konsa pou l fè w vin pi rich oubyen pou nou vin pi rich. Sa lap fè a, se pou lòt yo, anpil lòt yo pran fè menm jan depi yo wè ti mirak kap vini lè nap bay.
Li aji konsa paske pi plis nou genyen, pi plis nou kapab bay. Paske – tankou moun kap pran ka sa k pou Bondye – nap fè tout bagay sikile alawonbadè nan kominote a dekwa pou yo kapab di tankou nan premye kòminote Jerizalèm nan: nan pami yo pèsòn pat nan bezwen (Cf. Tr 4,34).
Eske w pa wè konsa ou menm tou wap fè yon jan pou bay sosyete a fondasyon solid lap tann nan?

“Bay, yo va ban nou”. Li sèten Jezi tap sonje an premye rekonpans nap jwenn nan Syèl la, men sa nap resevwa sou tè a se yon kòmansman, se yon avalwa.

Kyara Libik
(jwen 1978)

01/09/2008

“Chache mennen yon lavi ki kòrèk pou w ka sèvi Bondye avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak bon kè.” (1 Tm 6, 11)

Kijan pou n viv tout bèl bagay sa yo nan lavi chak jou a?
Petèt ou ka panse li difisil viv yo youn apre lòt. Kidonk, pou kisa w pa ta viv chak ti moman lavi pa w nan renmen jous nan bout nèt? Si yon moun konn viv chak ti moman lavi pa l jan Bondye vle pou l viv li, epi si Bondye ap viv nan li menm, lè sa a moun sa ap viv nan renmen an.
Yon moun ki konn byen viv chak ti moman lavi pa l, li gen okasyon pou l pasyan, pou l kenbe fèm, pou l gen bon kè, pou l pa kite anyen mare kè li, men pou l kenbe l byen pwòp epi pou l padonen paske li gen kalite renmen ki pi gwo epi ki pi vre a.
Li renmen Bondye tout bon vre avèk tout kè li, avèk tout nanm li, avèk tout fòs li. Li gen limyè anndan li menm, se Lesprisen an k ap kondwi li, se poutèt sa li pa fè jijman, li pa panse mal, li renmen pwochen li tankou li menm, li gen fòs pou l viv levanjil la, menm nan sa ki sanble pa gen sans tankou “ba li bò gòch la tou”, “fè de kilomèt avè l” (Mt 5, 41).

“Chache mennen yon lavi ki kòrèk pou w ka sèvi Bondye avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak bon kè.”

Se Pòl ki di Timote pawòl sa a. Timote ki te travay avèk Pòl, ki te konpanyon voyaj li ak zanmi li, li te gen si tèlman konfyans nan li ke li tounen tankou pitit li. Apòt la ekri li konsa apre li gen tan pale sou lògèy, jalouzi, kont, renmen lajan: «Ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo” epi li envite l pou l chache viv tout bon vre tankou yon moun epi yon tankou yon kretyen.
Nan pawol sa yo li fè n sonje angajman nou te pran nan batèm nan pou n kite sa k mal la (“evite”) epi pou n fè sa k byen an (“chache”). Se Lesprisen an k ap pote chanjman nèt ale sa a, k ap fè n kapab epi ka p ba n fòs pou n viv sa Pòl mande a:

“Chache mennen yon lavi ki kòrèk pou w ka sèvi Bondye avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak bon kè.”

Esperyans premye gwoup ti fi Trant yo te viv nan lane 1944 fè n konprann kijan moun yo kapab viv Pawòl Lavi a, an premye renmen an, pasyans lan ak bon kè a.
Se konsa nan kòmansman li pat fasil viv nan renmen an jous nan bout nèt. Menm nan mitan nou, nan rapò nou te genyen antrenou , de tanzantan yon ti kras pousyè te kapab tonbe sou yo epi tèt ansanm nan te kapab vin mwens. Konsa, sa k te konn rive lè nou t ap dekouvri kèk defo, kèk bagay ki pa t kòrèk nan lòt yo, nou te konn jije, epi lè sa a kouran renmen an nou te gen youn pou lòt te konn vin mwens.
Pou n chanje sityasyon sa a, nou t ap sonje yon jou pou n fè yon jan pou kontra renmen an nou te pase ansanm vin pi sere. Nou te deside pase sa nou te rele “kontra padonen”.
Se konsa nou te deside pou n fè yon jan pou n gade tout pwochen nou t ap rankontre yo – nan kay la, nan lekòl la, nan travay la, e latriye, – ak yon je ki nouvo, ki nouvo anpil, san nou pa sonje menm menm defo sa yo, men nan kouvri nou t ap kouvri tout bagay ak renmen an. Se te yon fason pou n pwoche tout moun nan bliye nèt ale nan kè nou, nan padonen tout bagay.
Kontra sa nou te pase antre nou tout te fò anpil. Li te ede n pou n te kapab pi plis an premye nan renmen an, tankou Bondye ki gen bon kè, k ap padonnen epi k ap bliye.

Kyara Libik

01/03/2008

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a” (Jn 4,34).

Men yon pawòl Jezi ki bèl anpil epi chak kretyen kapab pran pou pwòp tèt pa l yon fason oubyen yon lòt. Si li mete l an pratik, sa kapab fè l fè yon bon ti bout chemen nan pelerinaj lavi a.

Jezi te chita bò kote pi Jakob lan, nan peyi Samari an, li t ap fini yon ti koze li te gen avèk madanm Samari an. Disip yo t ap vini sot lavil ki tou pwòch kote yo te ale pou yo achte kèk bagay, yo te sezi wè Mèt la ki t ap pale ak yon fi, men pyès moun pa t mande l pou kisa. Apenn madanm nan ale, yo mande l pou l vin manje. Jezi devine sa yo t ap panse a epi li esplike yo sa k ap fè l aji nan sans sa. li di yo konsa: “Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen.”

Disip yo pa t konprann, yo t ap panse manje moun yo konn manje a epi youn te pran mande lòt: “Gen lè yon moun pote manje ba li.” Lè sa a, Jezi di yo aklè:

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a.”

Moun bezwen manje chak jou paske sak vid pa kanpe. Jezi pa di lòt bagay. Li pale sou manje a, sa vle di sou yon bagay ki nesesè pou lavi a, men isit la li pale pou l fè disip yo konnen gen yon lòt kalite manje ki pi konsekan pou moun yo manje, epi li menm menm li pa ka pa manje l.

Jezi te desann sot nan syèl pou l fè volonte sila ki te voye l la epi pou l fin fè travay li te ba l fè a. Li pa t vin mache dapre lide pa l oubyen pwojè pa l, men dapre sa Papa l te vle pou l fè a. Pawòl l ap di yo ak sa l ap fè yo se travay Papa l. Li pa fè pwòp volonte pa l, men se volonte sila ki voye l lan se sa ki rezime tout lavi Jezi. Paske li jwenn plezi l nan sa lap fè a, li pa grangou ankò, li deja konble byen konble.

Fè volonte Papa l nèt ale se sa ki montre kisa lavi Jezi a ye jous li rive mouri sou kwa a pou l ka fin reyalize nèt travay Papa te konfye l lan.

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a.”

Jezi panse vrè manje pa l la se fè volonte Papa, paske se antan l ap reyalize li, l ap fè youn avè l, l ap tounen fè yon sèl ak volonte Papa epi l ap rive resevwa lavi tout bon vre a.

Kisa ki volonte Papa, travay li Jezi gen pou l fin fè a?

Se fè yon jan pou moun yo vin sove, pou l ba yo Lavi ki pap janm fini an.

Se ti jèm Lavi sa Jezi t ap simaye nan kè madanm Samari a atravè pawòl li yo ki te plen avèk anpil renmen.

Rapid rapid disip yo pral wè Lavi sa grandi epi li gaye, paske madanm Samari a pral pataje ak lòt moun peyi Samari yo richès li te dekouvri a : « Vini wè yon moun ki di m tou sa m fè. Eske nou pa kwè se Mesi a ? » (Jn 4,29)

Pandan Jezi tap pale avèk madanm nan li te fè-l dekouvri plan Bondye Papa a : se pou tout moun resevwa kado lavi li a. Men travay Jezi prese fè ak tout fòs li pou l kapab konfye patizan l yo epi Legliz la li.

“Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan; se pou m fin fè travay li banm fè a.”

Eske nou menm tou nou kapab viv pawòl sa Jezi te viv jous li rive fè moun yo dekouvri sa li ye a, misyon pa l epi dife ki t ap chofe kè li an ?

Men wi ! Lè sa nou bezwen viv nou menm tou tankou pitit Papa poutèt lavi Kris la te bannou an epi kite volonte Papa nouri lavi nou pou n kapab grandi.

Nou kapab fè sa lè n ap akonpli sa Bondye Papa mande n fè tout nan tout sikontans lavi nou, pi byen nou kapab, tankou si nou pa ta gen lòt anyen ankò pou n fè. Bondye pa mande pi plis pase sa.

An nou manje, sa vle di an nou fè youn avèk sa Bondye vle pou n fè nan chak ti moman. Konsa na kontan wè kijan esperyans sa va pote kè poze ak kè kontan epi l ap bannou yon avalwa kè kontan ki nan syèl la, san nou pa fè egzajerasyon.

Konsa na va fè yon jan nou menm tou, ansanm avèk Jezi, pou n fin fè travay Papa a.

Se sa ki pi bon fason pou n viv fèt Pak la.

Chiara Lubich

01/02/2008

“Moun ki obeyi kòmandman sa yo epi k ap montre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la” (Mt 5, 19).

Foul moun yo te alantou Jezi, li monte mòn nan epi li fè gwo deklarasyon sa ki rive touche tout moun. Depi nan premye pawòl yo: “Se chans pou moun ki gen yon kè ki pòv, se chans pou moun ki dou…” li montre nou kijan bòn nouvèl li vin pote-a se yon mesaj ki nouvo.

Pawòl sa yo, se pawòl lavi, pawòl limyè, pawòl espwa Jezi konfye patizan-l yo pou li kapab klere yo, yon fason pou yo jwenn bon sans lavi-a ak dousè li. Sila yo pawòl la chanje lavi yo a, Jezi envite yo al simaye bay lòt yo tout lansèyman yo te resevwa pandan yo dwe ap kontinye aplike yo nan mòd lavi yap mennen chak jou.

“Moun ki obeyi kòmandman sa yo epi k ap montre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.”

Sosyete nou an jodi-a, bezwen konnen pawòl Levanjil la epi kite l chanje lavi li pi plis pase nan lòt tan yo. Jezi ap kontinye di ankò: pa fè kòlè kont frè w yo, padonnen epi y ap padonnen ou, di sa k vre san w pa bezwen sèmante, renmen lènmi ou yo, rekònèt nou genyen yon sèl Papa epi se frè ak sè nou ye, sa w ta renmen pou yo fè pou w, se pou w fè l pou lòt yo. Se sans kèk, pami anpil pawòl Jezi te di sou mòn nan. Si nou t ap viv pawòl sa yo, sa tap kont pou lavi sou tè a ta chanje.

Jezi envite nou anonse Levanjil la. Men pou pawòl nou yo rive touche kè lòt yo fòk sa nap anonse ak bouch nou an pa depaman ak fason nap viv nan reyalite-a. Pou moun yo kwè nan nou menm, nou bezwen tounen yon “Levanjil ki vivan”.

“Moun ki obeyi kòmandman sa yo epi k ap montre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.”

Kisa ki pi bon fason pou n viv Pawòl lavi sa a? Fè yon jan pou se Jezi li menm menm ki montre nou jan poun fè l: kite Jezi pran plas nan mitan nou, rete kole sou li, louvri kè nou byen gran pou youn renmen lòt. Se li menm k ap fè n konnen kijan pou n pale ak moun yo, ki chemen pou n pran, se li mem k ap louvri kote pou n pase pou n kapab antre nan kè frè- n yo pou n sèvi-l temwen nenpòt kote nou ye, menm kote ki pi difisil la, kote sitiyasyon yo pi konplike-a. Konsa, na rive wè chanjman nan ti komite kote nap viv la: youn va konprann lòt, na va viv nan kè poze youn ak lòt.

Sa k pi konsekan se pou nou youn renmen lòt dekwa pou n kenbe prezans Jezi nan mitan nou etan n ap fè kè nou dosil pou n kapab koute ti vwa Bondye k ap pale anndan kè nou si nou kapab rive fè lòt vwa yo fè silans. L ap montre nou kijan pou n “obeyi” ak kè kontan epi ak lespri nou byen louvri sou kòmandman “ki pi piti” yo dekwa pou n bati lavi nan tèt ansanm nan nèt ale. Se pou yo kapab di osijè nou menm, sa yon lè yo te di osijè premye kretyen yo: “Gade kijan yo renmen jouk yo pare pou yo mouri youn pou lòt[1]“. Moun yo va wè Levanjil gen fòs pou-l kapab fè yon nouvo sosyete jèmen; yo ka rive wè sa nan fason renmen an ap vin chanje rapò nou yo.

Nou pa kapab kenbe pou nou menm sèl kado nou te resevwa a. Nou bezwen di ansanm avèk Pòl: “Malè pou mwen si m pa anonse Bòn Nouvel la” (Cf. 1 Ko 9, 16). Si nou kite ti vwa ki anndan kè nou dirije nou, nou va dekouvri yon pakèt bagay toujou nouvo pou n kòminike kit se nan jan nou pale, kit se nan sa nou ekri, kit se nan sa nap diskite youn ak lòt. Se pou Levanjil la vin klere nan nou menm, nan kay nou, nan vil nou yo, nan peyi nou. Lè sa a yon nouvo lavi va fleri nan nou menm tou, kontantman va blayi nan kè nou. Limyè Sila ki leve byen vivan pami mò yo va briye pi plis… epi li va konsidere nou tankou “grannèg nan Peyi Wa a”.

Lavi Ginetta Calliari se yon bèl egzamp ki montre sa yon fason ki fò anpil. Li te rive nan peyi Brezil nan lane 1959 ansanm avèk premye gwoup fokolari yo. Gwo diferans li te wè nan peyi a te frape l anpil. Li te angaje tèt li nan bay bon temwayaj renmen dapre fason li t-ap viv Pawòl Jezi yo. Li te konn di: “Se li menm ki pral louvri chemen an”. Piti piti firanmezi, tan an t ap pase, ansanm avè l yon ti kòminote te kòmanse devlope, rasin li piti piti t-ap vin pi djanm. Jodi a kòminote sa-a an kontak avèk yon santèn mil moun ki nan tout kalite klas ak laj, granmoun kon timoun, malere kon grannèg, ki angaje tèt yo nan sèvis moun ki pi pòv yo. Konsa yo te kapab reyalize travay sosyal ki te chanje figi bidonvil yo nan divès zòn. Se yon ti “pèp” kote youn rete byen siude ak lòt, k ap kontinye montre kijan Levanjil la li vre: se sèl pòsyon byen sa Ginetta te pote ansanm avè l lè li te pati kite tè sa pou-l al nan syèl.

Chiara Lubich



[1] Se TÈTILYEN ki di sa nan yon liv li te ekri, Apologeticum, 39,7. Mesye te viv nan dezyèm ak twazyèm syèk nan yon peyi Afrik yo rele jodi a Tinizi.

01/01/2008

“Pa janm sispann lapriyè” (1 Tes 5,17)

Ane sa-a, n ap fete 100 lane depi yo te kòmanse “Semèn lapriyè pou kabab gen tèt ansanm nan mitan kretyen yo”. “8 jou lapriyè pou tèt ansanm nan mitan kretyen yo vini yon reyalite” te kòmanse pou premye fwa nan 18 rive nan 25 janvye 1908. Aprè swasant lane, nan lane 1968, Kòmisyon Lafwa ak Konstitisyon an (Konsèy Ekimenik Legliz yo) ansanm avèk Sekretarya pou tèt ansanm nan pami kretyen yo (Legliz katokik la) te prepare Semèn lapriyè pou kapap gen tèt ansanm pami kretyen yo. Konsa depi lè sa a, chak lane kretyen ki nan divès Legliz yo konn met tèt yo ansanm pou yo prepare yon ti liv avèk kèk lide pou Semèn lapriyè sa a.

Yon gwo gwoup ekimenik nan peyi Etazini te chwazi Pawòl pou ane sa a. Yo te jwenn li nan premye lèt Pòl te ekri pou kretyen Tesalonik yo, nan peyi Lagrès. Se te yon ti kòminote tou jèn epi Pòl te santi yo te bezwen mete tèt yo ansanm pi plis. Se poutèt sa li mande pou yo “viv nan kè poze”, pou yo pasyan ak tout moun, pou yo pa rann mal pou mal men fè sa k byen youn pou lòt ak sa k byen pou tout moun epi “pa janm sispann lapriyè” tankou si l te vle di lavi nan tèt ansanm nan kòminote kretyen yo li posib sèlman pa lentèmedyè yon lavi nan lapriyè. Jezi li menm te lapriyè Papa l pou moun li yo kapab viv nan tèt ansanm: ”se pou yo tout fè youn” (Jn 17,21).

“Pa janm sispann lapriyè.”

Pou kisa “pa janm sispann lapriyè”? Paske lapriyè a se yon bagay ki fè moun se moun. Bondye te fè nou potrè ak li, tankou yon “vizavi” Bondye te fè pou l kabab genyen yon relasyon tèt ansanm avèk li. Relasyon zanmitay, ti koze sanzatann, tou senp epi tou vre avèk li se sa lapriyè a ye. Se sa k fè nou sa nou ye a, ki pèmèt nou tounen moun tou bon vre, nan diyite pitit Bondye nèt ale.

Paske Bondye kreye nou tankou yon “vizavi”, nou kapab viv nan yon rapò san sispann avè l, avèk yon kè ki plen ak renmen Lespri Sen an epi avèk konfyans yon pitit pou Papa l. Se konfyans sa a k ap fè n pale avèk li anpil fwa pou n fè l konnen tout zafè nou yo, tout lide nou yo, tout pwojè nou yo. Konfyans sa a k ap fè n tann prese prese ti moman lapriyè a - sila ki nan lajounen an n ap mete apa tout lòt angajam nou genyen nan travay la oubyen nan fanmi an - pou n mete nou nan yon kontak ki byen fon avèk sila ki renmen nou an.

Nou bezwen “pa janm sispann lapriyè” pa sèlman lè nou nan bezwen men pou n kapab patisipe nan bati Kò Jezikri epi pou n fè yon jan pou moun yo rive wè tèt ansanm nan Legliz Jezikri a. Se yon mistè nou kapab dekouvri lè n ap gade veso k ap kòminike yo. Lè y ap mete dlo nan youn, tout lòt yo monte. Se konsa tou nan lapryè a. Lapriyè a se monte kot Bondye nan nanm nou pou n adore l epi di l

“Pa janm sispann lapriyè.”

Kijan pou n fè pou n “pa janm sispann lapriyè” sitou lè nou nan toubiyon lavi chak jou- a?

“Pa janm sispann lapriyè” pa vle di resite anpil lapriyè men dirije nanm nou epi tout lavi nou kot Bondye, viv nan fè sa l vle pou n fè: etidye, travay, soufri, repose, e menm mouri pou li. Jous nou rive pa kapab viv nan lavi chak jou a san nou pa an kominyon avèk li.

Sa n ap fè a vin chanje nan yon aksyon ki apa epi tout lasent jounen tounen yon lapriyè.

Nou kapab ajoute tou ofri Bondye chak aksyon n ap fè etan n ap di: “Pou w Jezi” oubyen nan pwoblèm: “Kisa ki konsekan? Se renmen w lan ki konsekan”. Konsa tout bagay vin chanje nan yon jès renmen.

Konsa lapriyè a pap janm sispann paske renmen an pap janm sispann.

Chiara Lubich